Konplo Haman an echwe

453 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Esther 3–5

1 Apre evènman sa yo, Wa Assuérus te elve pozisyon a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la. Li te pouse l devan e te etabli otorite li sou tout chèf ki te avèk li yo. 2 Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè. 3 Alò, sèvitè a wa yo te di a Mardochée: “Poukisa w ap dezobeyi lòd a wa a?” 4 Alò, li te rive ke lè yo te pale chak jou avèk li e li te refize koute yo, ke yo te pale Haman pou wè si koz a Mardochée a ta kanpe, paske li te di yo ke se yon Jwif li te ye. 5 Lè Haman te wè ke Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj. 6 Men li pa t satisfè pou mete men l sou Mardochée sèl, paske yo te fè l konnen pèp Mardochée a. Konsa, Haman te chache detwi tout Jwif yo, pèp Mardochée a, ki te toupatou nan tout wayòm Assuérus la.

7 Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur la, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar la. 8 Epi Haman te di a Wa Assuérus: “Genyen yon sèten pèp ki gaye toupatou pami pèp la nan tout pwovens nan wayòm ou an; lwa pa yo pa menm ak tout lòt pèp nan pwovens a wayòm ou an. Yo menm, yo pa swiv lwa a wa a, e konsa, li pa nan enterè a wa a pou kite yo rete la. 9 Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.”

10 Konsa, wa a te retire bag so li nan men l, e te bay li a Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, lènmi a Jwif yo. 11 Wa a te di Haman: “Ajan an se pa w, ni pèp la, pou fè avèk yo sa ou pito.”

12 Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a. 13 Lèt yo te voye pa mesaje wa yo nan tout pwovens a wa yo pou detwi, pou touye e anile tout Jwif yo, ni jèn, ni granmoun, fanm avèk timoun, nan yon sèl jou, nan trèzyèm jou a douzyèm mwa a, ki se mwa Adar la, e pou sezi tout byen pa yo kon piyaj. 14 Yon kopi a dekrè a te dwe sikile kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo pou yo ta prepare pou jou sa a. 15 Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.

4:1 Lè Mardochée te vin aprann tout sa ki te fèt yo, li te chire rad li. Li te mete twal sak avèk sann sou li, te ale deyò nan mitan lavil la, e te kriye byen fò anlè avèk amètim. 2 Li te rive jis nan pòtay a wa a, paske nanpwen pèsòn ki te abiye an twal sak ki ta kab antre sou pòtay a kay wa a. 3 Nan chak pwovens kote lòd la avèk dekrè a wa a te rive, te gen gwo doulè pami Jwif yo, avèk fè jèn, gwo kriye avèk lamantasyon. Epi anpil te kouche sou twal sak avèk sann.

4 Konsa, sèvant a Esther yo avèk enik li yo te vin di li sa, e rèn nan te tòde vire ak gwo lapèn. Konsa, li te voye rad pou abiye Mardochée pou l ta kab retire twal sak la sou li, men li te refize. 5 Alò, Esther te voye mande prezans a Hathac soti nan enik a wa yo, pou wa a te chwazi okipe li e te pase l lòd pou parèt kote Mardochée pou mande sa ki t ap pase a, e poukisa? 6 Konsa, Hathac te sòti ale kote Mardochée nan plas lavil la devan pòtay a wa a. 7 Mardochée te rakonte li tout sa ki te rive li an detay, kantite fòs ajan ke Haman te fè pwomès pou bay nan kès a wa a pou fin detwi tout Jwif yo. 8 Anplis, li te bay li yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a.

9 Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo. 10 Esther te pale avèk Hathac e te mande li bay repons a Mardochée: 11 “Tout sèvitè a wa yo avèk pèp an pwovens a wa yo byen konnen ke si nenpòt gason oswa fanm antre devan wa a nan lakou enteryè a san envite pa li menm, li gen yon sèl lwa; ke li va mete a lanmò, sof ke wa a lonje baton a wa a pou l kab viv. Epi mwen pa t envite kote wa a pandan trant jou sila yo.”

12 Yo te pataje pawòl a Esther yo avèk Mardochée. 13 Epi Mardochée te di yo reponn a Esther: “Pa imajine ke ou menm nan palè a wa a kab gen chans chape plis ke tout lòt Jwif yo. 14 Paske, si ou rete an silans nan moman sa a, sekou avèk delivrans va sòti pou Jwif yo soti yon lòt kote, e ou menm avèk lakay papa ou va peri. Kilès ki kab konnen si se pa pou moman sa a ke ou te rive nan pozisyon wayal sila a.”

15 Alò, Esther te di yo prepare reponn Mardochée, 16 “Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.” 17 Konsa, Mardochée te sòti ale fè jis sa ke Esther te bay li lòd fè a.

5:1 Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a. 2 Lè wa a te wè Esther, rèn nan, te kanpe nan lakou a, li te twouve favè nan zye li. Konsa, wa a te lonje baton a wa a fèt an lò ki te nan men l lan, vè Esther. Pou sa, Esther te pwoche pre pou te touche pwent an wo baton an.

3 Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”

4 Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”

5 Alò wa a te di: “Mennen Haman byen vit pou nou kapab fè kon Esther vle a.” Konsa, wa a avèk Haman te vini nan bankè ke Esther te prepare a.

6 Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.”

7 Konsa, Esther te reponn: “Men petisyon mwen an e sa ke m mande a: 8 Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”

9 Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée nan pòtal palè a wa a, e te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée. 10 Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, Zérescha. 11 Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite pitit li yo, chak moman ke wa a te leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.

12 Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a. 13 Malgre tout sa, mwen vin pa kontan chak fwa ke m wè Mardochée, Jwif ki chita nan pòtay a wa a.”

14 Epi Zéresch, madanm li an, te di li: “Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.