Konplo Haman an echwe (continued)
453 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pandan nwit lan, wa a pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a. 2 Li te twouve ekri ladann sa ke Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la. 3 Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?”
Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.”
4 Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.
5 Sèvitè a wa a te di li: “Men gade byen, Haman kanpe nan lakou a.” Epi wa a te di li: “Kite li antre.” 6 Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nanke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?” 7 Epi Haman te di a wa a: “Pou nonm ke wa a vle onore a, 8 kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete. 9 Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”
10 Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”
11 Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”
12 Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, ak tèt li kouvri. 13 Haman te rakonte a Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.” 14 Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a.
7:1 Alò, wa a avèk Haman te vini pou bwè diven an avèk Esther, rèn nan. 2 Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, “Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”
3 Rèn Esther te reponn: “Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande. 4 Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”
5 Konsa, Wa Assuérus te mande rèn Esther, “Ki moun li ye e kibò li ye, ki ta pwopoze fè afè sila a?”
6 Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!”
Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan. 7 Wa a nan kòlè li te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay. 8 Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.
9 Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!”
Epi wa a te di: “Pann li sou li!”
10 Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.
8:1 Nan menm jou sa a, Wa Assuérus te bay lakay Haman, lènmi a Jwif yo, a rèn Esther. Mardochée te parèt devan wa a, paske Esther te pale wa a sa li te ye pou li. 2 Wa a te fin retire bag so ke li te retire nan men a Haman an e te bay li a Mardochée. Konsa, Esther te plase Mardochée sou kay Haman an.
3 Esther te pale ankò a wa a, te tonbe nan pye li, te kriye e te sipliye li pou evite mechanste Haman an, Agagit la, avèk konplo ke li te prepare kont Jwif yo. 4 Wa a te lonje baton an lò a vè Esther. Konsa, Esther te leve kanpe devan wa a. 5 Li te di: “Si sa fè wa a plezi, si mwen te twouve favè devan li, wa a twouve koz sa a bon, e sa fè kè l kontan pou wè m, kite li ekri pou anile lèt ki te manevre pa Haman an, fis a Hammedatha a, Agagit la, ke li te ekri pou detwi Jwif ki nan tout pwovens a wa yo. 6 Paske, kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?”
7 Pou sa, Wa Assuérus te pale a rèn Esther e a Mardochée, Jwif la: “Veye byen, Mwen te bay lakay Haman a Esther e li menm, yo te pann li sou wo etaj la akoz li te lonje men li kont Jwif yo. 8 Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.”
9 Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo. 10 Li te ekri nan non a Wa Assuérus, te sele li avèk bag so a wa a e te voye lèt yo pa mesaje yo monte sou cheval ki te nan ras cheval wayal yo. 11 Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou rasanble e fè defans lavi yo, pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo, 12 nan yon sèl jou nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, trèzyèm jou nan douzyèm mwa a, (sa vle di, mwa Adar a). 13 Yon kopi a dekrè a te gen pou pibliye kon lwa nan chak pwovens e te pibliye a tout pèp yo, pou Jwif yo ta parèt nan jou sila pou fè revandikasyon yo sou lènmi yo. 14 Mesaje yo byen prese, bourade pa lòd a wa a, te sòti monte sou cheval wayal yo. Konsa, dekrè a te distribye nan sitadèl Suse la.
15 Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi. 16 Pou Jwif yo, te gen limyè, kè kontan, lajwa avèk lonè. 17 Nan chak pwovens nèt ak nan chak vil nenpòt kote lòd a wa a avèk dekrè li te rive a, te gen kè kontan avèk lajwa pou Jwif yo, yon fèt bankè avèk yon jou fèt. Epi anpil moun pami pèp peyi yo te vin Jwif, paske krent a Jwif yo te vin tonbe sou yo.