Travay sou Tanp lan Rekòmanse (continued)
520 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, Mwen te leve zye m gade, e vwala, te gen yon nonm ak yon lign mezi nan men l. 2 Konsa mwen te di: “Ki kote ou prale la a?”
Li te di mwen: “Pou mezire Jérusalem, pou wè ki lajè li genyen, ak longè li.”
3 Epi vwala zanj ki t ap pale avèk mwen an te sòti, e yon lòt zanj te vin parèt pou rankontre avè l. 4 Li te di li: “Kouri pale ak jennonm sa a, pou di l: ‘Jérusalem va vin plen moun tankou vilaj ki san miray, akoz kantite moun ak bèt k ap rete ladann. 5 Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
6 “‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a. 7 ‘Vini Sion! Kouri chape poul nou, nou ki rete ak fi a Babylone nan.’ 8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Dèyè glwa pa Li a, Li te voye mwen kont nasyon k ap piyaje nou yo, paske sila ki touche ou a, te touche ponm de zye tèt Li. 9 Paske, gade byen, Mwen va souke men M sou yo, e yo va vin piyaj pou sila ki te sèvi yo. Epi konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen. 10 Chante ak lajwa e fè kè ou kontan, O fi a Sion an! Paske, gade byen, Mwen ap vini, e Mwen va rete nan mitan nou,’ deklare SENYÈ a. 11 Anpil nasyon va vin jwenn yo ak SENYÈ a nan jou sa a, e va devni pèp Mwen. Epi Mwen va demere nan mitan nou, e nou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye Mwen kote nou. 12 SENYÈ a va posede Juda kon pòsyon pa Li nan peyi sen an, e Li va chwazi Jérusalem ankò. 13 Se pou nou fè silans, tout chè, devan SENYÈ a; paske Li gen tan leve nan abitasyon sen Li an.”
3:1 Konsa, li te montre mwen Josué, wo prèt ki te kanpe devan zanj SENYÈ a, ak Satan ki te kanpe sou men dwat li pou akize li. 2 SENYÈ a te di a Satan: “SENYÈ a repwoche ou, Satan! Anverite, SENYÈ ki te chwazi Jérusalem nan va repwoche ou! Èske sa se pa yon bout bwa cho ki retire soti nan dife?”
3 Alò, Josué te abiye ak rad sal, e te kanpe devan zanj lan. 4 Li te pale, e te di a sila ki te kanpe devan l yo: “Retire rad sal yo sou li.” A li menm Li te di, “Gade byen, Mwen te retire inikite sou ou, e Mwen va abiye ou ak vètman byen chè.”
5 Mwen te di: “Kite yo mete yon tiban pwòp sou tèt li.”
Konsa, yo te mete yon tiban pwòp sou tèt li, e yo te abiye li. Zanj SENYÈ a te kanpe sou kote.
6 Zanj SENYÈ a ak vwa solanèl te asire Josué. Li te di: 7 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Si ou va mache nan chemen Mwen yo, si ou va fè sèvis Mwen, alò, ou va osi gouvène lakay Mwen an. Ou va osi gadyen lakou Mwen an, e ou va gen lib aksè pami tout sila ki kanpe la yo. 8 Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an. 9 Paske gade byen, wòch ke Mwen te plase devan Josué a; sou yon sèl wòch, gen sèt zye. Gade byen, men mo a, Mwen va fè grave sou li,’ deklare SENYÈ dèzame yo. ‘Epi Mwen va retire inikite a peyi sa a nan yon sèl jou. 10 Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: ‘nou chak va envite vwazen nou yo pou vin chita anba pye rezen an ak anba pye fig pa nou.’”
4:1 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li fè m leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi. 2 Li te di m: “Kisa ou wè?”
Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bòbèch pou chak lanp ki sou li yo. 3 Anplis, gen de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”
4 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye mèt mwen?”
5 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?”
Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”
6 Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: ‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo. 7 ‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
8 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 9 “Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou. 10 Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”
11 Mwen te di li: “Se kisa de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
12 Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
13 Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.” 14 Li te di: “Sa yo se de moun onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”
5:1 Answit, mwen te leve zye m ankò. Mwen te gade e mwen te wè, yon liv woulo ki t ap vole anlè. 2 Konsa, li te di mwen: “Kisa ou wè la a?”
Mwen te reponn: “Mwen wè yon liv woulo k ap vole anlè; longè li se ven koude, e lajè li se dis koude.”
3 Li te di mwen: “Sa se malediksyon k ap vin parèt sou fas a tout tè a. Anverite, tout moun ki vòlè va vin koupe retire nan yon bò selon li; epi tout moun ki fè fo sèman va vin koupe retire nan lòt bò a selon li. 4 Mwen va fè li vin parèt”, deklare SENYÈ dèzame yo: “Epi li va antre lakay a vòlè a ak lakay a sila ki fè fo sèman nan non Mwen an. Konsa, li va rete nèt nan mitan kay li a, e li va detwi l nèt ansanm ak bwa travès ak tout wòch yo.”
5 Epi zanj ki t ap pale avè m nan te sòti deyò. Li te di mwen: “Koulye a leve zye ou pou wè sa k ap vin parèt la.”
6 Mwen te di: “Kisa li ye?”
Li te di: “Sa se panyen efa a k ap vin parèt la.” Li te di ankò: “Sa se inikite ki nan tout peyi a. 7 Epi vwala, yon kouvèti an plon ki peze yon talan (40 kilo) te vin leve. Epi te gen yon fanm ki chita nan mitan panyen an”. 8 Zanj la te di: “Sa se Mechanste!” Epi li te jete fanm nan rive nan mitan panyen efa a, e li te voye mas plon an sou bouch panyen an.
9 Mwen te leve zye m, mwen te gade, e mwen te wè te gen de fanm ak van nan zèl yo. Zèl yo te tankou zèl a sigòy. Konsa, yo te leve panyen efa a antre tè a ak syèl la. 10 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Se ki kote yo prale ak panyen an la a?”
11 Li te di mwen: “Pou bati yon tanp pou fanm nan, nan peyi Schinear. Konsa, lè l fin prepare, fi a va pozisyone la sou pwòp baz pa l.”
6:1 Alò, mwen te leve zye m ankò pou m te gade, e vwala te gen kat cha ki t ap soti parèt antre de mòn. Mòn yo te mòn ki fèt an bwonz. 2 Nan premye cha a, te gen cheval wouj. Nan dezyèm cha a, te gen cheval nwa. 3 Nan twazyèm cha a te gen cheval blan. Nan katriyèm cha a, te gen cheval takte yo, tout nan yo byen dyanm. 4 Konsa mwen te pale. Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye, mèt mwen?”
5 Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a. 6 Cha kote cheval nwa yo ye a ap prale nan peyi nò a, epi blan yo te soti dèyè yo. Epi takte yo ap prale nan peyi sid la.” 7 Konsa, cheval ki dyanm yo te ale. Yo te sòti pou yo ta ka mache ale retou sou tè a. Konsa, yo te mache ale retou sou tè a.
8 Answit, li te rele m. Li te pale pou di m: “Gade byen, yo se sila k ap prale vè peyi nò a, e yo te apeze chalè kòlè Mwen nan peyi nò a.”
9 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 10 “Pran yon ofrann soti nan egzile yo, soti nan Heldaï, Tobija, ak Jedaeja. Ale nan menm jou a e antre lakay Josias, fis a Sophonie an, kote yo soti Babylone nan. 11 Pran ajan ak lò, fè yon kouwòn byen bèl, e mete li sou tèt a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. 12 Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a. 13 Wi, se Li menm ki va bati tanp SENYÈ a. Li va pote laglwa, e Li va chita pou gouvène sou twòn Li an. Konsa, Li va yon prèt ki chita sou twòn Li, e konsey lapè a va antre yo de (2).’” 14 Alò kouwòn yo va devni yon souvni nan tanp SENYÈ a pou Hélem, Tobija, Jedaeja, Hen, fis a Sophonie an.
15 Sila ki lwen yo va vin bati nan tanp SENYÈ a.” Konsa ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen vè nou. Sa va vin rive si nou obeyi nèt SENYÈ a, Bondye nou an.