Travay sou Tanp lan Rekòmanse
520 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò pwofèt yo, pwofèt Agée avèk pwofèt Zacharie, fis a Iddo a, te pwofetize a Jwif ki te Juda avèk Jérusalem. Yo te pwofetize nan non Bondye Israël la.
1 Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di: 2 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Pèp sa a di: “Lè a poko rive; lè pou rebati kay SENYÈ a.”’”
3 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini pa Aggée, pwofèt la. Li te di: 4 Èske se lè pou nou menm, pou nou rete nan kay panno nou pandan kay sila a rete nan movèz eta? 5 Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo! 6 Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke ase. Nou mete rad, men yo pa kont pou evite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”
7 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo! 8 Monte sou mòn yo, pote bwa pou rebati tanp lan pou M kapab pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a. 9 “Nou chache anpil, men gade byen, ti kras vin jwenn nou; lè nou te mennen l lakay nou, Mwen soufle sou li pou fè l ale. Poukisa?” deklare SENYÈ dèzame yo: “Akoz kay Mwen ki rete an movèz eta a, pandan nou tout ap byen okipe pwòp lakay nou. 10 Akoz sa, akoz nou menm syèl la te vin ralanti nan lawouze li, e latè te vin refize pwodwi fwi li. 11 Mwen te rele yon gwo sechrès vini sou peyi a, sou mòn yo, sou grenn sereyal yo, sou diven nèf la, sou lwil la, sou tout pwodwi latè yo, sou lòm, sou bèt ak sou tout zèv men nou yo.”
2 Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.
12 Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te montre lakrent pou SENYÈ a.
13 Answit Aggée, mesaje SENYÈ a, te pale nan komisyon SENYÈ a, bay pèp la. Li te di, “Mwen avèk nou, deklare SENYÈ a.”
14 Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri retay pèp la; epi yo te vini travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a, 15 nan venn-katriyèm jou sizyèm mwa a, nan dezyèm ane a Darius, wa a.
2:1 Nan venteyen jou nan setyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote Aggée, pwofèt la. Li te di: 2 “Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a retay a pèp la e di: 3 ‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou? 4 Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo. 5 Selon pwomès ke M te fè nou an, depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M t ap viv pami nou. ‘Pa pè anyen!’ 6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Yon fwa ankò nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la. 7 Mwen va souke tout nasyon yo. Konsa, gwo richès de tout nasyon yo va vini, e Mwen va plen kay sa a ak glwa,’ pale SENYÈ dèzame yo. 8 ‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo. 9 ‘Dènye glwa kay sa a, va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.”
1 Nan uityèm mwa, dezyèm ane Wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a. Li te di: 2 “SENYÈ a te fache anpil anpil avèk zansèt nou yo. 3 Konsa, se pou ou di a yo menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ dèzame yo: “Pou M kapab retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ dèzame yo. 4 “Pa fè tankou zansèt nou yo, a sila ansyen pwofèt yo te kriye e te di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Retounen koulye a, kite chemen mechan ak zak mechan nou yo.’ Men yo pa t koute, ni okipe Mwen’, deklare SENYÈ a. 5 Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan? 6 Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo?
“Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”
10 Nan venn-kat nan nevyèm mwa a, nan dezyèm ane Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Aggée, pwofèt la. Li te di: 11 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a mande prèt yo konsènan Lalwa a. Mande yo: 12 Si yon nonm pote vyann sakre vlope nan ke wòb li, e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’”
Prèt yo te reponn: “Non”.
13 Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?”
Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”
14 Epi Aggée te di: “‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo, ak sa ke yo ofri la yo, vin pa pwòp. 15 Alò, koulye a, m ap priye nou byen konsidere sa soti nan jou sa a pou gade dèyè nèt: avan yon sèl wòch te plase sou yon wòch sou tanp SENYÈ a. 16 Pandan tout tan sa a, lè yon moun te rive sou yon pil sereyal ak ven mezi, te gen sèlman dis. Lè yon moun te rive sou gwo ja diven, pou rale retire senkant mezi, te gen sèlman ven. 17 Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak destriksyon, lakanni, ak lagrèl. Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a. 18 ‘Byen konsidere sa, m ap priye nou. Soti nan jou sa a gade dèyè nèt, soti nan venn-katriyèm jou nan nevyèm mwa a; depi jou lè tanp SENYÈ a te fonde a, konsidere sa: 19 Èske semans lan gen tan rive nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va beni nou.’”
20 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini yon dezyèm fwa a Aggée nan venn-katriyèm jou nan mwa a e te di: 21 “Pale ak Zorobabel, gouvènè a Juda a e di: ‘Mwen va souke syèl yo ak tè a. 22 Mwen va boulvèse twòn a wayòm yo, e detwi pouvwa wayòm a nasyon yo. Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo. Cheval yo ak chevalye yo va tonbe, yo tout pa nepe a frè yo.’ 23 ‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon bag so, paske Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”
7 Nan venn-katriyèm jou nan onzyèm mwa a, ki se mwa Schebat a, nan dezyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te rive kote Zacharie, pwofèt la, fis a Bérékia, fis a Iddo a, konsa: 8 Mwen t ap gade pandan nwit lan e vwala, yon nonm te monte sou yon cheval wouj. Li te kanpe pami pye Jasmen ki te nan ravin yo, e dèyè li, te gen cheval wouj, cheval alzan ak cheval blan.
9 Konsa, mwen te di: “O Senyè mwen an! Se kisa sa yo ye?”
Epi zanj ki t ap pale avèk mwen an, te di mwen: “Mwen va montre ou kisa yo ye.”
10 Epi nonm ki te kanpe pami pye Jasmen yo te reponn. Li te di: “Sa yo se sila ke SENYÈ a te voye pou fè patwouj sou latè.”
11 Konsa, yo te reponn zanj SENYÈ, ki te kanpe pami pye Jasmen yo. Yo te di: “Nou te fè patwouj sou tè a e gade byen tout tè a kalm. Li gen lapè.” 12 Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”
13 SENYÈ a te reponn zanj ki t ap pale avè m nan ak pawòl ki plen gras, pawòl dous ki pou kalme. 14 Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan, te di mwen: “Se pou ou kriye pou di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Mwen jalou depase pou Jérusalem ak Sion. 15 Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.” 16 Akoz sa, SENYÈ a di konsa: “Mwen ap retounen kote Jérusalem, ak mizerikòd. Kay Mwen an va bati ladan l”, deklare SENYÈ dèzame yo; “ epi yon lign va vin tire sou Jérusalem.”’
17 “Se pou ou kriye ankò e di: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Vil Mwen yo va vin debòde ak abondans ankò. SENYÈ a va soulaje Sion, e chwazi Jérusalem ankò.”’”
18 Konsa, Mwen te leve zye m; mwen te gade, e konsa, te gen kat kòn. 19 Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan: “Kisa sa yo ye?”
Li te reponn mwen: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda, Israël, ak Jérusalem yo.” 20 SENYÈ a te montre mwen kat gwo bòs fòjewon. 21 Mwen te di: “Se kisa sa yo ap vin fè?” Epi li te di: “Sa yo se kòn ki te gaye Juda yo pou pèsòn pa t leve tèt yo. Men bòs fòjewon sila yo ki te vini pou teworize yo, pou fonn kòn a nasyon ki te leve kòn yo kont peyi Juda pou te gaye li a.”