Travay sou Tanp lan Kanpe epi Rekòmanse Ankò
519 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
3 Nan lè Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: “Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?” 4 Anplis, yo te mande non a mesye yo ki t ap fè batisman sila a. 5 Men zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la.
6 Kopi a lèt ke Thathnaï, gouvènè lòtbò rivyè a, e Schethar-Boznaï avèk kòlèg Arpacschad yo ki te lòtbò rivyè a, ke yo te voye a Darius, wa a. 7 Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa:
A Darius, wa a; lapè avèk ou!
8 Kite li rekonèt a wa a ke nou te ale nan pwovens a Juda a, vè kay a gran Bondye a, ki ap bati avèk wòch ki gwo, e travès yo ap poze nan mi li yo. Travay sila a ap avanse avèk gwo swen e ap byen reyisi nan men yo. 9 Konsa, nou te kesyone ansyen sila yo epi te mande yo konsa: “Kilès ki te bay ou dekrè pou rebati tanp sa a, e fini avèk konstriksyon sa a?” 10 Anplis, nou te mande yo non yo pou nou ta kab fè ou konnen e ke nou ta kapab ekri non a mesye ki te chèf an tèt yo. 11 Se konsa yo te reponn nou. Yo te di: “Nou se sèvitè a Bondye syèl la avèk tè a, e n ap rebati tanp ki te bati anpil ane pase yo, ke yon gran wa Israël te bati, e te fin acheve. 12 Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone. 13 Sepandan, nan premye ane Cyrus la, wa Babylone nan, Wa Cyrus te pibliye yon dekrè pou rebati kay Bondye sila a. 14 Anplis, zouti an ajan avèk lò lakay Bondye ke Nebucadnetsar te retire soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote yo nan tanp Babylone nan. Menm sila yo, Cyrus te pran soti nan tanp Babylone nan, e yo te bay a yon nonm ki te rele Sheshbatsar, sila li te chwazi kon gouvènè a. 15 Li te di li: ‘Pran zouti sila yo, ale depoze yo nan tanp Jérusalem nan, e kite kay Bondye a vin rebati nan plas li.’ 16 Epi Sheshbatsar sila a te vin poze fondasyon kay Bondye a Jérusalem nan. Epi depi lè sa a, jis rive koulye a, li te anba konstriksyon men li poko fini.
17 Alò, si sa ta fè wa a kontan, kite yon rechèch fèt lakay trezorye wa a ki Babylone nan, ke si se konsa, yon dekrè te fèt pa Cyrus pou rebati kay Bondye sila a Jérusalem. Epi konsa, kite wa a voye bannou desizyon pa li sou ka sa a.”
6:1 Wa Darius te pibliye yon dekrè e yon rechèch te fèt nan achiv yo kote trezò yo te depoze Babylone nan. 2 Nan Achemetha, nan fò a, ki nan pwovens a Médie a, yo te twouve yon woulo, e ladann te ekri konsa kon yon rekòd anrejistre:
3 Nan premye ane a Wa Cyrus la, Cyrus, wa a, te pibliye yon dekrè: Sou kay Bondye nan Jérusalem nan, kite tanp kote sakrifis konn vin ofri yo vin rebati, e kite fondasyon li yo konsève, wotè ki swasant koude a e lajè ki swasant koude a 4 avèk twa ranje gwo wòch taye ak yon ranje an bwa. Epi kite frè a peye soti nan trezò wa a. 5 Anplis, kite zouti an lò avèk ajan ki pou lakay Bondye yo, ke Nebucadnetsar te pran soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote Babylone nan, remèt e fè retounen nan plas yo nan tanp Jérusalem nan. Konsa, nou va depoze yo nan kay Bondye a.
6 Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la. 7 Kite travay sila sou kay Bondye a kontinye; kite gouvènè a Jwif yo avèk ansyen a Jwif yo rebati lakay Bondye a sou sit anplasman li an. 8 Anplis, Mwen menm, Darius, ap bay yon dekrè sou sa nou gen pou fè pou ansyen sila yo nan Juda pou rekonstriksyon lakay Bondye sila a: Tout frè li se pou peye a pèp sila yo soti nan kès trezò ki sòti nan taks ki sòti nan pwovens lòtbò rivyè yo. Epi sa dwe fèt san fè reta. 9 Nenpòt sa ki nesesè, ni jenn towo, belye, ni jenn mouton pou ofrann brile a Bondye syèl la, e ble, sèl, diven ak lwil onksyon, jan prèt Jérusalem yo mande a, fòk sa bay a yo chak jou san manke, 10 pou yo kab ofri sakrifis agreyab a Bondye syèl la, e priye pou lavi a wa a avèk fis li yo. 11 Epi mwen te pibliye yon lòd ke nenpòt moun ki vyole dekrè sa a, yon travès bwa va rache sou pwòp kay li, li va leve wo, e atache sou li. E lakay li va devni yon gwo pil fatra. 12 Ke Bondye ki te fè non Li rete la, ta dechouke nenpòt wa oswa pèp ki ta leve men l chanje sa a pou li ta detwi kay Bondye sa a, Jérusalem. Mwen, Darius, te pase lòd sa a. Kite li akonpli avèk dilijans!
13 Alò, Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï, avèk kòlèg parèy a yo te konfòme avèk dilijans a lòd sa a jan Wa Darius te voye bay li a.
Yon Sòm David
1 Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.
Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.
2 Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a,
e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;
Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
5 Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,
paske gran se glwa SENYÈ a.
6 Paske malgre SENYÈ a egzalte,
Li toujou okipe sila ki ba yo.
Men moun ki ògeye yo,
Li rekonèt yo de lwen.
7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,
Ou va fè m reprann mwen.
Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.
Men dwat Ou va sove mwen.
8 SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.
Pa abandone zèv men Ou yo.