Poukisa Paul preche avèk tout devouman sa a

Piske Paul te konnen jan jijman k ap vini an terib, li te mete plis devouman toujou nan preche levanjil la ak nan konvenk moun vin kretyen. Li fè devwa li kòm yon moun Bondye konnen byen e, jan li te espere sa, kòm yon moun konsyans Korentyen yo konnen byen tou. Apre sa, li defann tèt li kont atak fo anseyan yo, pou moun li te konvèti yo te ka gen rezon pou yo fyè de li kòm apot. Li deklare, kit li te preche levanjil la riske lavi li, sa ki te fè gwoup opozan an pran l pou moun fou, kit li te aji avèk bon jijman pou evite pèsekisyon, se te pou byen disip li yo.

58 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

II Korentyen Yo 5:11–15

11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou. 12 Nou p ap vin pale byen de pwòp tèt nou bannou ankò, men n ap bannou yon okazyon pou vin fyè de nou, pou nou kab gen yon repons a sila ki jwenn fyète nan aparans, men pa nan kè. 13 Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm. 14 Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, pouke sila ki vivan yo pa ta viv pou tèt yo ankò, men pou Li menm ki te mouri an e ki te leve ankò pou yo a.

Yon nouvo kreyasyon, rekonsilye ak Bondye

Apati lefèt Kris te mouri pou tout limanite, Paul kontinye agiman li a pou l di depi kounye a pa gen diferans ant Jwif ak moun lòt pèp etranje yo, paske yo pa konsidere Kris ankò kòm yon Jwif dapre lachè. Tout moun ki fè youn ak Kris grasa lafwa vin nouvo kreyati, e ansyen pratik peche yo te genyen yo fini. Avantaj ak benediksyon nouvo eta sa a soti nan Bondye sèlman. Se li ki rekonsilye monn nan ak tèt li grasa Kris Jésus, e ki konfye apot yo mesaj rekonsilyasyon an. Nan non Kris, Paul ankouraje tout moun vin jwenn Bondye epi aksepte padon Pitit li a te achte pou yo grasa sakrifis li pou efase peche yo, paske yo te fè Pitit la tounen ofrann pou peche limanite.

II Korentyen Yo 5:16–21

16 Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye. 21 Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.

Sa ki montre yon sèvitè fidèl

Antanke anbasadè Kris, Paul sipliye Korentyen yo pou yo pa resevwa favè Bondye a pou gremesi, men pou yo fè tout sa levanjil la mande. Lè Paul dekri pwòp soufrans li yo, li montre ki jan yon sèvitè fidèl levanjil la ye, e konsa li pwouve fo anseyan an pi ba pase l.

II Korentyen Yo 6:1–10

1 Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. 2 Paske Li di:

“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,

e nan jou sali a Mwen te ede nou”.

Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”. 3 Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. 4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès 5 nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou 6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vre lanmou an 7 nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, 8 pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; 9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, 10 kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.

Paul entèdi relasyon sere ak moun ki pa kwè yo

Paul deklare jan li gen anpil lanmou ak afeksyon pou Korentyen yo. Li reprimande yo paske yo manke lanmou, epi li ankouraje yo, antanke pitit li, pou yo louvri kè yo byen laj ba li kòm papa espirityèl yo. Li entèdi yo marye ak moun ki pa kwè yo, fè zanmi ak yo, oswa antre nan nenpòt kalite relasyon sere ak yo. Pwomès Bondye fè moun ki separe tèt yo ak alyans ki pa sen konsa yo ta dwe pi gwo rezon ki pouse yo chèche pèfeksyon.

II Korentyen Yo 6:11–7:1

11 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj. 12 Nou pa anpeche nou, men ou anpeche nan pwòp afeksyon pa w. 13 Koulye a, nan yon echanj konsa—-m ap pale kòmsi se ak timoun mwen yo—-ouvri kè nou laj pou nou tou.

14 Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb? 15 Oubyen ki amitye Kris gen avèk Bélial, oswa kisa yon kwayan gen an komen avèk yon enkwayan? 16 Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.” 17 Konsa,

“‘Soti nan mitan yo,

e separe de yo’, di Senyè a.

‘Pa touche sa ki enpi.

Mwen va akeyi nou.

18 Mwen va yon Papa pou nou,

e nou va fis ak fi pou Mwen,’

di Senyè Tou Pwisan an.”

7:1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.

Paul mande pou yo resevwa l kòm apot

Paul sipliye Korentyen yo pou yo rekonèt li kòm apot. Lè li site rezon li genyen pou l merite afeksyon yo, li fè yo wè endirèkteman jan konduit fo anseyan an opoze ak pa li. Li asire yo li pa di sa pou kondane yo, men paske li gen anpil anpil lanmou pou yo. Li rejwi poutèt bon dispozisyon yo ak obeyisans yo.

II Korentyen Yo 7:2–4

2 Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun. 3 Mwen pa pale pou kondane nou, paske Mwen te di avan sa, nou nan kè nou jis nou rive mouri ansanm e viv ansanm. 4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.

Kè kontan Paul pou nouvèl Tite pote a

Kòm prèv afeksyon li, Paul di Korentyen yo jan li te enkyè pou yo, paske li te pè pou fo anseyan an pa t deja fè yo pèdi chemen yo. Li di jan li te kontan lè Tite te rive ak nouvèl sou soumisyon yo ak lanmou yo. Li pale yo de premye lèt li a, e li asire yo li te bay lòd mete nonm ki te fè ensès la deyò nan legliz la pou montre jan li gen sousi pou yo. Li fè lwanj obeyisans yo, zèl yo ak repantans yo. Li di jan konduit yo te konsole l, ak jan Tite te kontan wè inite yo ak obeyisans yo.

II Korentyen Yo 7:5–16

5 Paske menm lè nou te vini Macédoine, chè nou pa t gen okenn repo, men nou te aflije toupatou: konfli deyò, laperèz anndan. 6 Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an. 7 Pa sèlman vini li an, men osi pa rekonfò avèk sila li te rekonfòte nou an, lè li te bannou rapò de dezi nou genyen an, tristès nou, zèl ke nou te gen pou mwen an; pou m te rejwi plis toujou.

8 Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan. 9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm. 10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. 11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a. 12 Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm. 13 Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout. 14 Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite. 15 Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman. 16 Mwen rejwi ke nan tout bagay mwen gen konfyans nan nou.