Paul ankouraje yo bay san gad dèyè pou Judée
Paul pran egzanp legliz nan Macédoine yo, ki te nan sitiyasyon difisil anpil, pou l ankouraje Korentyen yo bay san gad dèyè pou ede frè kretyen nan Judée yo. Li di li pa bay sa kòm yon kòmandman, paske se ak tout volonte yo moun dwe fè byen. Men, li espere yo pral fè anpil byen konsa grasa egzanp Kris ak lanmou li. Li mande yo pou yo fini san pèdi tan ranmase lajan yo te deja kòmanse ranmase a, selon mwayen yo, paske Bondye bay volonte moun k ap bay la plis valè pase gwosè kado a. Sa yo bay la dwe sèvi sèlman pou frè pòv nan Judée yo, ki ka vin anmezi, lè tou pa yo rive, pou yo satisfè bezwen Korentyen yo.
58 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Koulye a, frè nou yo, nou ta renmen fè nou konnen lagras Bondye ki te vin bay nan legliz Macédoine yo. 2 Ke nan yon gran eprèv afliksyon, abondans lajwa ak gwo povrete, yo te debòde jis li vin richès nan jenewozite yo. 3 Paske mwen temwaye ke selon kapasite yo, e menm depase kapasite yo, yo te bay selon pwòp volonte pa yo. 4 Yo t ap byen plede avèk nou avèk anpil ankourajman, pou favè pran pa nan soutyen a fidèl yo. 5 Epi sa menm, se pa jan nou te prevwa a, men yo te dabò bay tèt yo a Senyè a, e a nou menm selon volonte Bondye. 6 Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a. 7 Men menm jan nou toujou fè ekselans ki depase nan tout bagay, nan lafwa, nan langaj, nan konesans, nan zèl, ak nan lanmou ke nou te enspire nan ou an, gade ke ou depase osi nan zèv lagras sila a.
8 Mwen p ap pale sa tankou se yon lòd, men pou pwouve selon zèl a lòt yo, senserite lanmou pa nou tou. 9 Paske nou konnen lagras Senyè nou an Jésus Kri, ke malgre Li te rich, pou koz nou, Li te vin pòv, pouke, nou menm, atravè povrete Li, nou ta kapab vin rich. 10 Mwen bay opinyon mwen nan ka sa a, paske sa se nan avantaj pa nou, ki, lane pase, te premye moun ki te kòmanse fè non sèlman sa, men osi te gen volonte pou fè l. 11 Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou. 12 Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen. 13 Paske sa se pa pou fè lòt yo alèz, pandan nou pote gwo chaj, men pou gen egalite. 14 Nan tan prezan sila, abondans nou la pou satisfè bezwen pa yo, pouke abondans pa yo osi kapab vin yon sous pou bezwen pa nou, pouke kapab gen egalite. 15 Jan sa ekri a: “Sila ki te ranmase anpil la, pa t gen depase, e sila ki te ranmase piti a pa t manke.”
Yo voye Tite ak de frè Corinthe
Paul di Bondye mèsi paske li fè Tite gen menm sousi pou yo ak li menm. Se devouman Tite ki te pouse l pote lèt sa a. Paul di yo li voye ansanm ak Tite yon frè ki gen bon repitasyon anpil, legliz masedonyen yo te chwazi kòm temwen sou fason yo te jere don yo. Konsa, pèsonn pa ta gen rezon sispèk yo te fè anyen ki mal nan fason yo te depanse gwo sòm yo te konfye yo a. Yo voye yon lòt konpayon travay tou, ki gen yon devouman espesyal nan okazyon sa a poutèt nouvèl li te tande sou bon dispozisyon yo. Paul esplike yo ki jan pou yo reponn kesyon gwoup opozan an, epi li ankouraje yo bay mesaje sa yo ak legliz yo prèv lanmou yo ak konfyans Paul gen nan yo.
16 Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la. 17 Paske li pa t sèlman aksepte apèl nou, men akoz li te trè zele, li te vin kote nou ak pwòp volonte li. 18 Epi nou te voye avèk li frè a ki gen bon repitasyon nan bagay levanjil ki te gaye pami tout legliz yo. 19 Epi se pa sèlman sa, men li te osi chwazi pa legliz yo pou vwayaje avèk nou nan zèv lagras sila ke n ap administre pou glwa a Senyè a Li menm, e pou montre bòn volonte nou. 20 N ap pran prekosyon pou pèsòn pa vin denigre administrasyon nou nan kado jenewozite sila a. 21 Paske nou respekte sa ki onorab, non sèlman nan zye Senyè a, men osi nan zye lèzòm. 22 Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm. 23 Tankou pou Tite, li se asosye e ouvriye parèy mwen pami nou. Tankou pou frè nou yo, yo se mesaje a legliz yo, yon glwa pou Kris la. 24 Konsa, piblikman devan legliz yo, montre yo prèv lanmou nou ak rezon pou gen fyète de nou.
Yo voye Tite davans pou prepare lajan y ap ranmase a
Paul kontinye pou l raple Korentyen yo li te vante devan Masedonyen yo jan yo te dispoze bay depi yon ane. Depi lè sa a, apre Tite te fè l konnen yo te neglije sa, li voye Tite ak konpayon li yo pou prepare lajan y ap ranmase a anvan li rive. Konsa, li p ap bezwen wont poutèt li te vante yo, epi sa yo bay la ap soti nan bon volonte yo, se p ap tankou yon bagay yo fòse rache nan men moun ava.
1 Paske se pa nesesè pou m ta ekri nou sou ministè sa a pou sen yo, 2 paske mwen konnen volonte nou. Pou sa menm, mwen fè nou konpliman devan pèp Macédoine lan, anfèt ke Achaïe te deja prepare depi ane pase, e ke zèl nou te eksite pifò nan yo. 3 Men mwen te voye frè yo, pouke konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare. 4 Pou si li pa t fèt , epi nenpòt nan Masedonyen yo ta parèt avè m, nou pa t ap desi (ak ou menm tou) e soufri wont akoz sa ki te anvizaje. 5 Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.
Simen san gad dèyè, bay ak kè kontan
Paul ankouraje Korentyen yo pou yo bay san gad dèyè, paske n ap jwenn rekonpans nan yon lòt monn selon sa nou fè isit la. Li ankouraje yo bay ak kè kontan. Bondye gen pouvwa pou l beni travay yo epi ba yo ase byen nan monn sa a, ni pou pwòp bezwen yo ni pou travay charite yo. Moun ki resevwa èd yo rejwi, yo di Bondye mèsi, epi yo priye pou moun ki te bay yo.
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye. 12 Paske ministè sèvis don sa a se pa sèlman pou byen founi bezwen a sen yo, men va osi pou debòde atravè anpil remèsiman a Bondye. 13 Akoz de prèv ki te bay pa ministè sèvis sila a, yo va bay Bondye glwa pou obeyisans konfesyon levanjil a Kris la, ak jenewozite don pa nou pou yo menm, ak tout lòt yo. 14 Pandan yo menm osi, nan lapriyè pou nou, y ap gen dezi wè nou akoz ke gras Bondye ki anndan nou an ki depase tout bagay. 15 Remèsiman a Bondye pou don Li ki depase tout sa ki kapab eksprime.
Paul avèti li ka gen odas lè li la an pèsòn
Kounye a, Paul pale an patikilye ak fo anseyan an ansanm ak moun k ap suiv li yo. Yo te pale l mal, yo te di li dou sèlman lè li la, men li gen odas nan lèt li yo lè li pa la. Menm lè li pa la, kounye a li sèvi ak iwoni pou l sipliye moun ki akize l kòmkwa l ap viv dapre lachè yo pou yo pa ba li rezon pwouve odas li lè li la. Li deklare pouvwa ekstraòdinè Bondye te ba li pou kraze tout sa ki opoze ak levanjil la, epi li fè konnen li te pare pou l sèvi ak pouvwa mirak li pou pini dezobeyisans, kou moun ki repanti nan mitan yo fin obeyi nèt.
1 Koulye a, mwen menm Paul, mwen ankouraje nou pa imilite ak dousè a Kris la—mwen menm ki enb lè mwen fasafas avèk nou, men plen ak kouraj anvè nou lè m absan! 2 Mwen mande ke lè m prezan ke m p ap oblije vin parèt ak menm fòs kouraj la pou mwen ta vin advèsè kèk moun ki konsidere nou tankou moun ki te mache selon lachè. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la. 6 Konsa, nou prè pou pini tout dezobeyisans, lè obeyisans nou an fin ranpli.