Paul reprimande moun ki jije sou aparans
Paul repwoche fo anseyan an paske li jije sou aparans deyò. Li mande pou yo rekonèt li menm tou kòm sèvitè Kris, e li vante pouvwa yo te ba li pou fòtifye yo. Ankò, li pale avèk mokri sou manti advèsè li a ap gaye pou sal repitasyon li. Li mande advèsè a pou l tire konklizyon sa a: paske yo te deja wè efè pouvwa Paul nan pinisyon nonm ki te fè ensès la pandan Paul pa t la, pouvwa sa a t ap menm jan an tou lè li ta prezan.
58 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
7 Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li. 8 Paske menm si m ta vante tèt mwen yon ti kras anplis pou otorite nou ke Senyè a te bay pou bati nou menm e pa pou detwi nou, mwen p ap wont. 9 Paske mwen pa vle li sanble ke m ta entimide nou pa lèt mwen yo. 10 Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.” 11 Kite yon moun konsa konsidere sa; ke sa nou ye nan lèt nou yo lè nou absan, se menm moun nan ke nou ye nan aksyon lè nou la.
Vante tèt ou nan limit Bondye fikse yo
Pandan l ap kontinye pale ak iwoni, Paul deklare li pa oze konpare tèt li ak fo anseyan an, ki mezire tèt li sèlman dapre pwòp tèt li epi ki fè lwanj tèt li pou sa li te fè nan Corinthe. Paul, okontrè, vle rejwi sèlman nan limit Bondye fikse pou li yo; se nan obeyi limit sa yo li te rive jouk kote Korentyen yo. Li refize vante tèt li pou travay lòt moun, jan fo anseyan an fè a, epi li espere preche levanjil la nan peyi kote yo poko janm preche l. Paske se pa moun ki pran glwa pou travay lòt moun ki jwenn apwobasyon, men se moun ki preche pou glwa Bondye epi ki resevwa lwanj Bondye, jan don Lespri yo montre sa.
12 Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann. 13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. 14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. 16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. 17 Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.
Paul pè pou yo pa twonpe Korentyen yo
Yo akize Paul kòmkwa li t ap fè lwanj tèt li. Li sipliye Korentyen yo pou yo sipòte sa pou fwa sa a, paske li pè pou fo anseyan an pa t detounen moun li te mennen vin jwenn Kris yo, fè yo vire do ba li. Li te anvi anpil prezante yo nan jijman an tankou yon vyèj san tach bay mari yo te pwomèt yo a. Li fè konnen si swadizan apot pa yo a te preche yo yon lòt Sovè oswa yon lòt levanjil, oswa si li te ba yo yon lòt Lespri, yo ta ka sipòte pretansyon li yo. Li deklare li egal ak pi gwo apot Kris yo, e menmsi li pa maton nan pale, li te montre yo li pa manke konesans yon sèvitè levanjil la bezwen.
1 Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja. 2 Paske mwen jalou pou nou avèk yon jalouzi ki sòti nan Bondye. Paske mwen te fyanse nou ak yon mari, pou m ta kapab prezante nou a Kris kòm yon vyèj ki san tach. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la. 4 Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa. 5 Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo. 6 Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.
Poukisa Paul pa t pran salè nan men moun Corinthe yo
Paul esplike poukisa li pa t vle aksepte sipò Korentyen yo. Li deklare se pa paske li te manke bonte pou yo, jan lènmi l yo te fè konprann sa, men se paske li te renmen yo epi li te vle anpeche fo anseyan an pretann Paul t ap travay pou avantaj materyèl. Sa te fèt tou pou fòse fo anseyan an, ki te konn resevwa kado an kachèt, abandone pratik sa a epi suiv egzanp Paul. Piske Satan li menm pran aparans yon zanj limyè, sa pa ta dwe etone pèsonn lè sèvitè Satan yo pran fonksyon sèvitè oswa apot Kris pou tèt yo.
7 Oubyen èske mwen te fè yon peche lè m te aksepte imilye tèt mwen pou nou menm ta kapab egzalte, paske m te preche levanjil Bondye a nou menm san frè? 8 Okontrè, mwen te vòlè lòt legliz yo lè m te pran kòb soutyen an nan men yo pou sèvi nou. 9 Lè m te prezan avèk nou nan nesesite, mwen pa t devni yon chaj pou okenn moun; paske lè frè yo te vini sòti Macédoine, yo te satisfè tout bezwen m yo, e nan tout bagay mwen te kenbe tèt mwen pou mwen pa t vin yon chaj pou nou menm, e m va kontinye fè menm bagay la. 10 Jan verite Kris la nan mwen an vante tèt mwen an p ap tèmine fèt nan zòn Achaïe yo. 11 Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!
12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
Paul vante tèt li pou travay li ak soufrans li
Paul sipliye Korentyen yo ankò pou yo sipòte l lè l ap vante tèt li. Piske moun ki pa apot yo vante tèt yo pou bagay lachè, li menm tou dwe vante tèt li pou sikonsizyon li ak orijin Jwif li pou defann kalite li kòm apot. Li montre Korentyen yo te tolere fason lòt moun t ap domine yo avèk twòp pasyans, epi li dekri konpòtman fo anseyan an anvè yo. Devan akizasyon ki di li soti nan yon fanmi ki ba, li fèb, epi li pa kalifye pou l apot, li deklare si yon moun gen rezon vante tèt li, li menm tou li genyen. Li konpare tèt li ak fo anseyan an sou pwen sa yo, epi li montre li depase l lè li atire atansyon sou travay li ak soufrans li, ansanm ak gwo sousi li genyen pou legliz yo ak pou chak moun, jan li gen konpasyon pou moun ki fèb yo epi li travay avèk zèl pou mennen moun yo twonpe yo tounen. Li vante tèt li pou feblès li, sitou pou jan li te chape soti Damas, pou pouvwa Bondye ka parèt.
16 Ankò mwen di, ke pèsòn pa panse ke mwen fou. Men si nou panse sa, resevwa m menm tankou moun fou, pou mwen tou kapab vante tèt mwen tou piti. 17 Sa m ap di a, mwen p ap di li jan Senyè a ta pale, men yon jan fou, konsi, m ap vante tèt mwen. 18 Akoz ke anpil moun vante tèt yo selon lachè, mwen va vante tèt mwen konsa tou. 19 Men nou menm ki tèlman saj, tolere foli a avèk kè kontan. 20 Paske nou tolere li si yon moun fè nou esklav, si yon moun devore nou, si yon moun pran avantaj de nou, si yon moun egzalte tèt li, menm si yon moun bannou kou nan figi. 21 Nan wont mwen, mwen oblije di ke nou te twò fèb pa konparezon. Men nan nenpòt bagay respekte nenpòt lòt moun se plen ak kouraj (mwen pale ak foli), mwen menm, mwen gen kouraj menm jan an. 22 Èske se Ebre yo ye? Mwen menm tou, mwen Ebre. Èske se Izrayelit yo ye? Mwen menm tou, mwen se Izrayelit. Èske se desandan Abraham yo ye? Mwen menm tou. 23 Èske se sèvitè a Kris yo ye? (Mwen pale tankou moun fou) Mwen menm tou, plis nan travay, bokou plis nan pran prizon. Mwen te bat depase mezi, mwen te souvan nan danje lanmò. 24 Senk fwa mwen te resevwa nan men Jwif yo trant-nèf kout fwèt. 25 Twa fwa mwen te bat avèk baton, yon fwa mwen te lapide avèk wòch, twa fwa mwen te nan bato ki kraze nan lanmè, yon jou ak yon nwit mwen te pase nan fon lanmè. 26 Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo. 27 Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.
28 Apa kondisyon ekstèn sa yo, gen fòs opresyon chak jou sou mwen pou sousi mwen gen pou tout legliz yo. 29 Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.
30 Si mwen dwe vante tèt mwen, m ap vante tèt mwen de sa ki apatyen a feblès mwen. 31 Bondye e Papa a Senyè a Jésus Li menm ki beni pou tout tan an, konnen ke m p ap bay manti. 32 Nan Damas gouvènè anba Arétas, wa a t ap veye vil moun Damas yo pou l te kapab sezi mwen. 33 Se konsa mwen te kite lòt moun desann mwen nan yon panyen pa fenèt nan mi an, e se konsa m te chape nan men li.