Vizyon ak revelasyon Paul yo

Paul deklare si li oblije vante tèt li poutèt yo, l ap vante tèt li pou revelasyon ak vizyon li te resevwa yo. Pou pwòp tèt pa l, li deside vante tèt li sèlman pou feblès li ak soufrans li. Menm si li ta kapab vante tèt li san li pa di anyen ki pa vre, li kenbe tèt li pou pèsonn pa gen yon opinyon twò wo sou li.

58 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

II Korentyen Yo 12:1–6

1 Vante tèt pa bon, men malgre ke li pa gen pwofi, kite m rive nan vizyon ak revelasyon Senyè a. 2 Mwen konnen yon nonm an Kris, ki katòzan pase—-si se te nan kò li, m pa konnen, oubyen si se pa t nan kò li, m pa konnen, Bondye konnen——yon nonm konsa te monte nan twazyèm syèl la. 3 Epi mwen konnen jan yon nonm konsa——si se nan kò li oubyen apa de kò li, mwen pa konnen (Bondye konnen), 4 jan li te rale anwo nan Paradi e li te tande pawòl ki pa t kapab eksprime, ke yon nonm pa gen pèmisyon pou l pale. 5 Pou yon nonm konsa ak eksperyans li yo, mwen va anfle; men pou mwen, mwen p ap anfle, eksepte nan sa ki gade a feblès mwen. 6 Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.

Pouvwa Bondye vin pafè nan feblès

Paul deklare se Bondye ki te voye maladi fizik gwoup ki te opoze avè l la te repwoche l la, pou revelasyon gloriye li te resevwa yo pa t fè l gonfle ak lògèy. Maladi a pa dwe disparèt, paske pouvwa Bondye vin pafè atravè feblès li. Se poutèt sa li pran plezi nan pèsekisyon, feblès ak lòt bagay menm jan an, paske plis li fèb, se plis lagras Bondye ki abite nan li a ba li fòs. Konpòtman Korentyen yo fòse l vante tèt li kont volonte l. Yo te dwe defann misyon li kòm apot, paske yo konnen li pa t enferyè nan okenn fason ak pi gwo apot yo.

II Korentyen Yo 12:7–11

7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs. 11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.

Vizit Paul pral fè a ak sa li pè yo

Paul kontinye defann misyon li kòm apot grasa mirak li yo ak don espirityèl li te ba yo. Li mande yo nan ki sans li te fè yo enferyè ak lòt legliz yo, apa lefèt li menm pa t yon chay pou yo. Li deklare li gen entansyon vizite yo epi kontinye pa yon chay pou yo, paske antanke papa espirityèl yo, se pa byen pitit espirityèl li yo li ap chèche, men se delivrans yo. Li demanti sa opozan li yo fè konprann, kòmkwa se avèk riz li te refize pran lajan nan men yo, lè li fè yo sonje konpòtman Tite ak moun ki t ap ede l la, ki pa t ap chèche enterè pa yo. Li deklare li pa t voye Tite bò kote yo kòm yon eskiz pou li menm pa vini (2 Korentyen 1:23), men pou bay moun ki dezobeyi yo tan pou yo korije lavi yo. Li pè lè li vin vizite yo, l ap oblije kriye pou moun ki pa repanti pou peche ak salte yo te fè yo, epi pini yo.

II Korentyen Yo 12:12–21

12 Sign a yon vre apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo. 13 Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou mal sa a.

14 Sa fè pou yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo. 15 Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens? 16 Men malgre jan sa kapab ye a mwen menm, mwen pa t mete chaj tèt mwen bannou. Sepandan, nonm malen ke mwen ye, mwen te vin pran nou pa riz. 17 Éske mwen te pran avantaj sou nou, swa fè kòb sou nou atravè okenn nan sila ke mwen te voye bannou yo? 18 Mwen te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?

19 Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa pou edifikasyon nou, byeneme yo. 20 Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj. 21 Mwen pè ke lè m vini ankò pou Bondye mwen an pa rabese m devan nou, e pou mwen pa gen tristès pou anpil nan sila ki te peche nan tan pase yo e ki pa t repanti de salte, imoralite, ak sansyalite ke yo te fè yo.

Paul p ap epaye moun k ap fè peche yo

Paul kontinye bay Korentyen yo asirans lè li vin vizite yo ankò, y ap jije yo sou temwayaj de oswa twa temwen, jan Lalwa ak levanjil la mande sa. Li fè yo sonje menas li te fè anvan an ak pinisyon mesye ki te fè ensès la. Li bay tout moun ki deja fè peche yo ak tout moun ki kontinye fè peche yo asirans li p ap epaye yo nonplis, sitou piske yo mande prèv se Kris k ap pale atravè li. Kris deja montre prezans li atravè Paul, pa nan feblès, men nan fòs, grasa gwo zèv li te ba li pouvwa fè yo. Menm si yo te kloure Kris sou kwa nan feblès nati imen li, li toujou ap viv grasa pouvwa Bondye. Nou menm tou nou fèb nan kò nou avèk li, men Paul pral montre yo ap viv avèk li grasa pouvwa Bondye, ki pral parèt nan pinisyon yo.

II Korentyen Yo 13:1–4

1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. “Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.

Yo mande Korentyen yo pou yo egzamine tèt yo

Piske gwoup ki te opoze avè l la te vle prèv Kris te avèk Paul, kounye a li mande yo egzamine tèt yo pou yo wè si yo gen don espirityèl ki pwouve prezans Kris la. Li espere menm si yo ta manke prèv sa a, yo p ap jwenn li manke pouvwa sinatirèl, si li bezwen sèvi ak yo pou pini yo lè li vini. Li priye Bondye pou yo konpòte yo byen, paske li pi anvi wè yo repanti pase pou li jwenn yon okazyon sèvi ak prèv li yo epi montre fòs li. Li deklare se sèlman pou soutni verite a yo ka sèvi ak pouvwa sinatirèl yo. Paul ekri bagay sa yo pou yo ka vin pafè, pou lè li avèk yo, li pa bezwen sèvi avèk severite ak pouvwa pou fè mirak li te resevwa pou bati legliz la.

II Korentyen Yo 13:5–10

5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.

7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. 8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. 9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè. 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.

Adye ak benediksyon Paul

Apre li fin reprimande gwoup ki te opoze avè l la, Paul pale ak tout legliz la epi li ba yo divès enstriksyon. Li fini ak bonjou ansanm ak benediksyon li kòm apot.

II Korentyen Yo 13:11–14

11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12 Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.

13 Tout sen yo salye nou.

14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

Paul kite Corinthe pou l tounen Macédoine

Paul kite Achaïe ak Corinthe pou l tounen Macédoine, epi li voye konpayon li yo devan li Troas.

Travay 20:4–5

4 Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak Trophime ki sòti an Asie. 5 Men sila yo te ale avan, e t ap tann nou Troas.