Paul ekri Women yo

Pandan l ap vwayaje soti Achaïe pou ale Macédoine, Paul ekri lèt li a depi Corinthe pou Jwif yo ak etranje yo, sa vle di moun ki pa Jwif yo, ki nan Rome. Li pwouve etranje yo ni filozofi yo fè anpil lwanj pou li a, ni bon konduit yo, ni limyè rezònman lèzòm pa t kapab fè yo vin jis devan Bondye. Li pwouve Jwif yo ni konesans yo genyen sou Lalwa Moïse la, ni obeyisans yo devan Lalwa sa a pa t kapab fè yo vin jis devan Bondye. Se lafwa nan Kri sèlman ki sèl chemen delivrans pou tout limanite, e se konsa sa te toujou ye.

58 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Paul salye Women yo

Paul afime otorite li kòm apot. Li montre nati imen Kri paske li soti nan desandans David, epi nati diven li grasa rezirèksyon an. Li deklare se nan men Kri li resevwa misyon pou l preche levanjil la bay etranje yo, sa vle di moun ki pa jwif yo, ki te fòme pi gwo pati legliz Rome nan. Se poutèt sa li gen otorite pou l pale avèk yo.

Women Yo 1:1–7

1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, 2 ke Li te pwomèt oparavan atravè pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo, 3 konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè, 4 ki te deklare Fis Bondye a avèk pouvwa akoz rezirèksyon Li, ki te fè L sòti nan lanmò, atravè Lespri sentete a, Jésus Kri, Senyè nou an. 5 Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li. 6 Pami sila yo nou menm osi te rele pa Jésus Kri. 7 A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri.

Paul anvi anpil vizite Women yo

Paul kontan poutèt lafwa yo. Li pale de gwo dezi li genyen pou l vizite yo, pou l ka fòtifye yo lè li pataje yon don espirityèl avèk yo, yon prèv ki ta pèmèt li menm ak yo fòtifye youn lòt epi konsole youn lòt nan lafwa nan Kri. Bondye chwazi l pou l preche levanjil la bay tout nasyon yo, e li toujou vle preche l bay Women yo, pou twa rezon. Premyèman, li deklare levanjil la se pouvwa Bondye pou delivre Jwif la, ansanm ak moun ki soti nan pèp etranje a. Dezyèmman, se nan levanjil la sèlman jistis Bondye parèt, avèk sèl kondisyon pou Bondye deklare yon moun jis epi aksepte l: se grasa lafwa, e non grasa zèv. Twazyèmman, levanjil la pi gran pase Lalwa Moïse la, oswa limyè oubyen lwa konsyans lan; toude kondane tout moun ki fè peche pou yo mouri, san okenn kondisyon.

Women Yo 1:8–18

8 Premyèman mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond. 9 Paske Bondye ke mwen sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo. 10 Toujou nan priyè mwen yo, m ap mande Bondye nan volonte L, dènyèman, pou L kite m vin wè nou. 11 Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli. 12 Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.

13 Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t reyalize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo. 14 Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo. 15 Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome.

16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.

18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis.

Etranje yo te konnen Bondye, men yo vire do ba li

Paul montre etranje yo te gen ase prèv sou Bondye ak sou kalite pafè li yo ki plen glwa nan sa li te kreye yo. Pou l montre pèsonn pa t ka jwenn delivrans grasa lwa lanati a, li bay lis vis Grèk yo, ki te rive nan pi wo nivo konesans ak sajès lèzòm. Li deklare yo te konnen Bondye, men yo te kache sa yo te konnen sou li, jouk kè yo menm te pèdi verite a devan je yo, epi yo te mete adorasyon kreyati a nan plas adorasyon Kreyatè a. Sa yo te konnen sou Bondye te fè yo sèten gen yon pinisyon ki t ap tann yo pou krim yo, men yo te kontinye fè yo epi ankouraje lòt moun fè menm bagay la.

Women Yo 1:19–32

19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.

26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

Jwif yo koupab pou menm peche yo

Paul konnen byen jan Jwif yo pare pou mete ansanm ak lòt moun pou kondane etranje yo poutèt peche yo. Kounye a, li chèche fè Jwif yo rekonèt peche yo, lè li deklare yo menm tou yo koupab pou menm krim yo. Tout moun konnen jijman Bondye kont krim sa yo, ki ekri nan pwòp Lalwa yo, se laverite, e tout moun ki fè yo, kit se Jwif kit se etranje yo ye, pap chape anba dènye jijman Bondye a.

Women Yo 2:1–3

1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a?

Bondye jije Jwif ak Grèk menm jan

Paul avèti Jwif yo privilèj yo genyen yo ap fè kondanasyon yo pi lou si yo pa repanti. Li demanti lide ki fè kwè jijman Bondye fè diferans ant Jwif yo ak etranje yo, epi li deklare Jwif la ak Grèk la ap resevwa menm pinisyon ak menm rekonpans yo san diferans, paske Bondye pa nan patipri.

Women Yo 2:4–11

4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.

Jije dapre limyè chak moun resevwa

Paul deklare tou yo pral jije tout moun dapre kantite limyè ak konesans yo resevwa. Se pa Jwif ki deklare yo suiv Lalwa men ki pa pratike l ki pral jwenn favè Bondye nan gran jou a, men se etranje yo ansanm ak tout moun ki viv dapre li san yo pa t resevwa konesans sou li ki te vini pita a. Jou sa a, yo pral jije tout moun dapre lwa konsyans ak lafwa a, selon levanjil Bondye a.

Women Yo 2:12–16

12 Paske tout moun ki fè peche san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. 13 Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. 14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. 15 Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.