Konnen Lalwa pa ka fè Bondye deklare Jwif la jis

Paul montre senpleman konnen relijyon pa t ka fè Bondye deklare Jwif la jis. Konduit dirèktè lalwa ak chèf Jwif yo, moun yo te nome pou anseye pèp la, ki vyole Lalwa Moïse la aklè, pwouve Lalwa sa a pa gen pouvwa pou l delivre moun. Li sèvi ak pwòp Ekriti yo pou l pwouve akizasyon an.

58 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Women Yo 2:17–24

17 Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, 18 konnen volonte Li, e vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, 19 si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, 20 yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm vrè baz konesans ak verite a; 21 konsa, nou menm ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? 22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? 23 Nou menm ki vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? 24 Paske jan sa ekri a: “Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”.

Sikonsizyon pa vo anyen san obeyisans

Paul kontinye montre sikonsizyon an, bagay Jwif yo te fyè de li kòm siy ki montre yo se desandan Abraham epi yo gen privilèj espesyal kòm pèp Bondye chwazi a, pa t ap itil yo anyen si yo pa t obeyi Lalwa. Lè Jwif la vyole Lalwa, li pèdi privilèj li yo e li pa nan yon pi bon pozisyon pase moun nan pèp etranje a ki pa sikonsi a. Bondye ap aksepte etranje ki fè sa Lalwa mande yo epi l ap resevwa yo nan mitan pèp li chwazi a. Moun ki sèlman montre sou deyò li pratike relijyon se pa yon pitit Abraham li ye; se sèlman moun ki pwòp nan lespri li ki yon vrè pitit.

Women Yo 2:25–29

25 Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon. 26 Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon? 27 Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a? 28 Paske sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vre sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. 29 Men yon vre Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.

Avantaj Jwif la ak fidelite Bondye

Kounye a Paul fin fè Jwif yo ak etranje yo rekonèt peche yo menm jan, li kontinye pou l demanti prejije Jwif yo. Li fè yon moun pran lapawòl pou mande nan ki sans, alò, pitit Abraham yo jwenn plis favè pase etranje yo. Paul reponn: “Yo te konfye yo pawòl Bondye yo menm.” Jwif la mande lè sa a si, piske kèk moun nan nasyon yo a pa t kwè pawòl sa yo, enkredilite yo ta anile pwomès Bondye yo. Nan repons li, Paul soutni enkredilite yo te konfime verite Bondye ak pwomès li yo, paske feblès lèzòm te vyole kondisyon ki te sèvi baz pou pwomès yo. Lè sa a, Jwif la mande: “Si enkredilite yo fè jistis Bondye parèt pi klè toujou, èske Bondye pa t ap enjis pou l pini yo?” Paul montre Bondye pa ka enjis, paske si l te enjis, ki jan li ta ka jije lemonn? Jwif la repete agiman an. Paul rejte l, li di yon konduit konsa ta vle di anseye moun fè sa ki mal pou sa ki byen ka soti ladan l. Moun ki gen yon opinyon konsa merite kondanasyon yo.

Women Yo 3:1–8

1 Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? 2 Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. 3 Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? 4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”

5 Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)? 6 Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman Bondye va jije lemond? 7 Men si akoz manti pa m verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè? 8 Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): “Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis.

Jwif yo ak etranje yo anba pouvwa peche menm jan

Kounye a Jwif la mande si Jwif yo pa gen plis dwa pase etranje yo. Paul deklare ankò sa li te deja di a: Jwif yo ak etranje yo te anba pouvwa peche menm jan. Pwòp Ekriti Jwif yo, ke yo te rekonèt se Bondye ki te enspire yo, pwouve peche yo. Pèsonn pa ka jwenn jistifikasyon grasa lalwa, kit se lalwa Moïse la kit se lwa lanati a, ki te kapab sèlman fè moun konnen peche ak kondanasyon li pote.

Women Yo 3:9–20

9 Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. 10 Jan sa ekri a:

“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.

11 Pa gen moun ki gen konprann.

Pa gen moun ki chache Bondye.

12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.

Pa gen moun ki fè sa ki bon;

pa menm yon sèl.

13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.

Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.

Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.

14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;

15 pye yo kouri rapid pou fè san koule.

16 Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;

17 epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l.

18 Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”

19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. 20 Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.

Jwenn jistifikasyon gratis grasa lafwa nan Jésus Kri

Piske Lalwa pa rive ditou fè moun jwenn jistifikasyon, Paul deklare sèl mwayen pou jwenn jistifikasyon se lafwa nan Jésus Kri. Se sa Lalwa ak Pwofèt yo anseye, e yo ofri l ni bay Jwif la ni bay moun ki soti nan pèp etranje a, yo toude ki te rekonèt peche yo menm jan, paske Bondye pa t nan patipri. Jistifikasyon se kado Bondye bay tout moun gratis, grasa lafwa, pa mwayen sakrifis ekspyatwa ak redanmsyon Kri Jésus la; konsa, pa gen plas pou okenn moun vante tèt li.

Women Yo 3:21–27

21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a.

Se lafwa sèlman ki bay jistifikasyon epi ki konfime Lalwa

Paul fini agiman an lè li deklare, anba levanjil la, ni Jwif la ni moun ki soti nan pèp etranje a pa ka jwenn jistifikasyon si se pa grasa lafwa sèlman, san okenn èd nan zèv Lalwa yo. Piske Bondye konsidere etranje yo ak Jwif yo menm jan, se menm mwayen jistifikasyon an li fikse pou yo toude. Se lafwa ki etabli Lalwa, oswa ki fè l vin pafè.

Women Yo 3:28–31

28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.

31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.