Abraham te jwenn jistifikasyon anvan li te sikonsi

Paul pwouve se pa grasa zèv Lalwa yo Abraham te jwenn jistifikasyon. Li pa gen anyen pou l vante tèt li. Li te jwenn jistifikasyon grasa lafwa, grasa lagras ak favè, se pa kòm yon dèt, yon rekonpans yo te dwe l pou zèv li yo. David temwaye sou menm mwayen jistifikasyon sa a, jan sa parèt nan lefèt Abraham te jwenn jistifikasyon pandan li poko sikonsi, epi apre sa li te resevwa siy sikonsizyon an kòm so jistifikasyon li te jwenn grasa lafwa a. Konsa, li te ka vin papa espirityèl ni Jwif la ni moun ki soti nan pèp etranje a, ki te dwe gen menm dwa pou jwenn jistifikasyon sou yon sèl kondisyon: lafwa sèlman.

58 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Women Yo 4:1–12

1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman? 2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye. 3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4 Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5 Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. 6 Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:

7 “Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo,

e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.

8 Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”

9 Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: “Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” 10 Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! 11 Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. 12 Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.

Pwomès Bondye te fè Abraham nan gen ladan l etranje yo tou

Paul kontinye agiman li a lè li deklare bay Jwif yo pwomès Bondye te fè Abraham nan te montre nan li menm lemonn antye ta vin eritye li grasa lafwa li. Men si se sèlman Jwif yo ki te dwe eritye pwomès li a, lafwa vin san valè, e pwomès ki te fèt sou kondisyon lafwa a anile. Paske Lalwa, san pitye, mete pechè a anba pinisyon, e san Lalwa pa ka gen okenn règ pou di sa moun dwe fè, donk pa ka gen peche. Se poutèt sa pwomès la fèt sou baz lafwa, lagras Bondye bay gratis la kouvri ni pitit Abraham yo dapre lachè ni pitit li yo dapre lespri. Lefèt Abraham te jwenn jistifikasyon pandan li poko sikonsi pwouve Bondye aksepte etranje yo. Pwomès la menm, ki te konfime bay Abraham kòm papa anpil nasyon, etabli dwa etranje yo pou yo resevwa tout benediksyon redanmsyon an.

Women Yo 4:13–22

13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.

16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.

20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati.

Yo ekri sou lafwa Abraham pou byen nou

Yo te ekri Bondye te aksepte Abraham grasa lafwa pou byen nou. Sa montre nou sèl mwayen pou jwenn delivrans nan men Bondye se grasa lafwa nan Pitit li a, ki te soufri pou peche nou yo epi ki te leve soti vivan nan lanmò kòm garanti rekonsilyasyon nou, oswa jistifikasyon nou.

Women Yo 4:23–25

23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.

Benediksyon ki vini apre jistifikasyon

Paul kontinye pou l bay lis gwo benediksyon ak privilèj ki vini apre jistifikasyon grasa lafwa. Lespri Sen yo te bay etranje yo montre lanmou Bondye pou yo, e lanmò Kri pou yo pandan yo te toujou payen konfime lanmou sa a. Konsa, etranje yo gen menm espwa delivrans grasa Kri ak menm rezon pou yo rejwi nan Bondye ak desandan Abraham yo dapre lachè, piske se menm sakrifis ekspyatwa a ki rekonsilye yo ak Bondye.

Women Yo 5:1–11

1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

Peche orijinèl pa mwayen Adam, lavi pa mwayen Kri

Kounye a, Paul tabli doktrin peche orijinèl la. Li montre se akoz transgresyon yon sèl moun peche antre nan lemonn, epi santans lanmò a tonbe sou tout moun, paske tout moun ki fèt apre sa te fèt ak yon nati pechè. Lanmò te domine akoz koripsyon nati nou an anvan moun te konnen Lalwa Moïse la. Adam, ki te yon modèl davans e ki te chèf limanite sou latè, te transmèt peche. Kri, ki se reyalite modèl sa a te anonse a e ki se chèf espirityèl la, te transmèt lavi ak jistifikasyon bay tout moun. Efè obeyisans Kri yo pi gran pase efè dezobeyisans Adam yo. Pa yon sèl fot, Adam fè transgresyon ak lanmò antre nan lemonn. Pa obeyisans li, Kri defèt mal peche a te fè a, epi grasa jistis ki soti nan lafwa a, li retabli pou tout limanite kado lavi ak padon Bondye bay gratis pou fot lèzòm yo, kit se peche orijinèl la, kit se peche moun fè yo menm. Lalwa te vini pou fè moun konnen koupabilite peche a. Gras Bondye ak kado li a debòde pou delivre nou anba kondanasyon Lalwa. Menm jan peche te domine sou tout moun, li te soumèt tout limanite anba lanmò espirityèl ak lanmò fizik, se konsa tou gras Bondye ap domine, li ap pwodui sentete ki mennen nan lavi etènèl.

Women Yo 5:12–21

12 Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche. 13 Paske jiska Lalwa a te rive, peche te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa. 14 Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.

15 Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun. 16 Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. 17 Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.

18 Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive jistifikasyon anvè lavi pou tout moun. 19 Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis. 20 Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis lagras te abonde pi plis toujou. 21 Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an.