Batèm angaje Kretyen yo pou yo viv nan sentete
Apre Paul fin montre tout moun te kondane amò akoz yon sèl fot Adam lan, li mande si sa ta ka dwat pou yo preche, jan yo te akize yo t ap fè sa (Women 3:6), ke si moun kontinye nan peche, yo ta resevwa plis toujou nan gras Bondye bay gratis pou lavi etènèl la. Pou l demanti erè sa a ki te gaye toupatou, li sèvi ak seremoni batèm nan pou l afime devwa Kretyen yo genyen pou yo viv nan sentete. Batèm te anseye Kretyen yo ke, menm jan Kri te kloure sou kwa a epi li te bay kò li kòm sakrifis pou peche, se konsa moun ki batize nan li yo dwe konsidere kò yo kòm kò ki mouri e ki antere ansanm avè l parapò ak peche, epi ki leve ansanm avè l pou yon lavi nouvo grasa menm Lespri ki bay lavi a, li menm ki te leve kò Kri ki te mouri a soti nan tonm nan. Lè ansyen moun nan, sa vle di moun natirèl la, mouri ansanm ak Kri, pouvwa peche a detwi epi moun nan libere anba dominasyon li. Moun ki mouri pou peche ansanm ak Kri yo ap viv ansanm avè l pou Bondye pou tout tan. Li ankouraje Women yo pou yo reflechi sou bagay sa yo.
58 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. 7 Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche. 8 Alò si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. 9 Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. 10 Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. 11 Menm jan konsidere nou menm kòm mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
Pa kite peche tounen domine
Kounye a lanmò Kri rachte yo anba dominasyon peche, Paul ankouraje Women yo pou yo pa kite peche tounen domine sou kò mòtèl yo, men pou yo metrize kò yo. Li mande yo pou yo reziste devan pouvwa peche ki tante yo a, epi pou yo konsakre nanm yo ak kò yo nan sèvis jistis pou Bondye. Paske yo pa anba Lalwa ankò, li menm ki egzije yon obeyisans san peche san li pa fè mizèrikòd, men yo vin anba levanjil la, ki bay padon ak gras.
12 Konsa, pa kite peche renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. 13 Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. 14 Paske peche pa dwe mèt nou, paske nou pa anba Lalwa, men anba gras.
Gras pa bay pèmisyon pou fè peche
Apre sa, Paul mande si li te rezonab pou moun sipoze, jan kèk moun te fè sa, peche te kapab vin anpil paske Jwif yo te libere anba Lalwa, ki te egzije yon obeyisans pafè san okenn dispozisyon pou padon, epi yo te antre nan rejim mizèrikòd la. Okontrè, li afime kèlkeswa rejim nan, moun ki kontinye nan peche yo se esklav peche epi yo vin anba pouvwa lanmò etènèl. Se sèlman moun ki obeyi lafwa levanjil la ki resevwa rekonpans jistis la, kado lavi etènèl Bondye bay gratis la. Li kontan paske Women yo, ki te esklav peche, te obeyi kounye a fòm ansèyman yo te resevwa nan batèm nan, ansèyman ki te tankou yon mwazi pou yo, e grasa sa yo te libere anba esklavaj peche epi yo te vin esklav jistis.
15 Kisa Ankò? Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! 16 Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? 17 Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a menm doktrin ke nou te resevwa a. 18 Epi lè nou te libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
Paul prezante dominasyon peche tankou esklavaj Women an
Pandan Paul ap rezone ak Women yo, li sèvi ak konparezon ki soti nan koutim pa yo, piske yo te byen konnen lwa sou esklavaj yo, pou yo te ka pi byen konprann tirani peche te egzèse sou kò yo. Kounye a yo lib anba peche, menm jan anvan yo te lib parapò ak jistis, li ankouraje yo pou yo mete manm kò yo, yo te konn sèvi pou peche ki mennen nan lanmò a, nan sèvis jistis ki mennen nan lavi etènèl la.
19 M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. 20 Paske lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. 21 Donk Ki benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. 22 Men koulye a ke nou gen tan fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
Lalwa pran fen ak lanmò, tankou yon maryaj
Pou l konvenk Jwif yo plis toujou Lalwa pa kapab jistifye moun, Paul afime Lalwa Moïse la, menm jan ak lwa maryaj la, te fonn lè youn nan de pati yo mouri. Piske Lalwa te fè yo mouri nan kò Kri, yo te lib pou yo marye ak yon lòt mari, ak sila a ki te leve soti vivan nan lanmò menm si yo te touye l, pou yo te kapab viv pou Bondye ansanm avè l. Li deklare anvan yo te mouri ansanm ak Kri nan lachè, move dezi yo, Lalwa te fè yo konnen yo, te mete yo anba pouvwa lanmò. Men kounye a yo te libere anba pouvwa Lalwa, paske ansanm ak Kri yo te abandone kò lachè peche a ki te kenbe yo mare anba madichon Lalwa a, pou yo te kapab sèvi Bondye nan obeyisans espirityèl levanjil la, olye yo sèvi l nan ansyen seremoni yo ak nan lèt Lalwa a.
1 Oubyen èske nou pa konnen, frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? 2 Paske yon fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. 3 Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. 4 Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te oblije mouri a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. 5 Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo leve nan nou, ki t ap travay nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. 6 Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
Lalwa pa kòz peche
Isit la, Paul imajine yon Jwif k ap mande si se Lalwa ki te kòz peche. Li reponn li pa t kapab kòz peche, paske li te entèdi peche. Move dezi a te nan lòm, epi Lalwa te sèlman sèvi pou revele l. Pou l pa ofanse moun, Paul dekri nan pwòp pèsonn li sitiyasyon Jwif ki poko fèt yon lòt fwa a anba Lalwa. Li montre Lalwa te fè moun konnen sa ki mal epi li te entèdi l, e sa te pouse nati pechè lòm nan avèk fòs pou l dezobeyi kòmandman Lalwa yo epi revòlte kont yo. Konsa, piske Lalwa ak kòmandman an entèdi peche, yo sen, yo jis e yo bon. Men, jan Paul te fè konprann sa, yo toujou mennen nan kondanasyon, pa nan delivrans.
7 Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou “lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”. 8 Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. 9 Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. 10 Konsa, kòmandman sa a ki te fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. 11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. 12 Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
De nati k ap fè lagè anba Lalwa
Kounye a, li imajine Jwif la k ap mande si Lalwa, ki bon e ki sen konsa, se kòz lanmò yo. Paul reponn se pa Lalwa men se peche ki lakòz lanmò, epi gwo mal ki nan peche a parèt lè li soumèt pechè yo anba lanmò grasa yon lwa ki te sen, ki te jis e ki te bon. Li afime Lalwa li menm ankouraje lavi espirityèl. Men pou l montre san èd sinatirèl li pa gen pouvwa pou l fè pèsonn vin sen, li kontinye sèvi ak pwòp pèsonn li pou l prezante Jwif ki poko fèt yon lòt fwa a anba Lalwa tankou yon moun yo vann kòm esklav peche, sa vle di yon moun ki pa gen pouvwa chape anba sèvis peche. Li dekri de prensip opoze ki nan nati lòm, ki toujou ap fè lagè youn ak lòt. Anba Lalwa, nati lachè a ranpòte laviktwa sou moun anndan an, sa vle di nati espirityèl la. Lalwa Moïse la fè yon moun konnen devwa li san li pa ba li pouvwa pou l fè l, epi moun nan vin soumèt anba lalwa peche ak lanmò. Nan eta mizerab sa a, Paul rele: “Kiyès ki pral delivre m anba kò lanmò sa a?”, kò yo vann bay peche a e ki se pwopriyete li. Li deklare ak kè kontan sèl mwayen delivrans lan se gras Senyè nou an, Jésus Kri.
13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.