Korentyen yo se lèt Paul
Paul mande, avèk iwoni, si li menm tou, tankou fo anseyan an, bezwen vini jwenn yo ak lèt rekòmandasyon. Li deklare se yo menm ki lèt rekòmandasyon li yo, ki ekri pa ak lank, men ak Lespri Bondye vivan an, e konsa yo te prèv otorite Bondye te konfye li nan ministè nouvo alyans lan.
58 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm? 2 Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun. 3 Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou tablèt kè lòm.
4 Yon konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye. 5 Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye. 6 Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon akò tounèf, pa selon lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
Glwa levanjil la ki pi gran
Kont fo anseyan an, Paul deklare siperyorite glorye levanjil la. Vwal ki te kouvri glwa eksteryè Moïse la, ki t ap pase a, te yon senbòl fènwa ak nati senbolik alyans lanmò a. Grasa yon glwa ki dirab e ki pi gran, ki nan don ak enspirasyon Lespri Sen an ki rete yo, minis alyans Lespri a te vin kapab devwale, esplike epi preche tout kote alyans jistis la ki gen plis glwa.
7 Men si zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese, 8 kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a? 9 Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa? 10 Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la. 11 Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. 13 Se pa tankou Moïse ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. 14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. 15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. 16 Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. 17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, gen libète. 18 Men nou tout, avèk figi devwale k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.
Paul preche Kris, pa tèt li
Paul montre ministè glorye yo konfye li a ranpli l ak espwa ak dilijans. Li vle fè moun rekonèt valè li lè li prezante verite levanjil la nèt, verite ki ka kache sèlman pou moun ki gen lespri yo sou bagay lemonn, moun move dezi ak pasyon yo avèg. Paul deklare li pa chèche pwòp glwa li, paske Bondye klere kè li pou l ka transmèt konesans ak glwa Bondye, ki te revele nan Jésus Kris.
1 Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje. 2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye. 3 Men si levanjil nou an vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. 4 Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. 5 Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus. 6 Paske se Bondye, ki te di: “Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
Apot yo tankou krich an tè
Paul konpare sèvitè levanjil yo ak krich an tè. Li deklare Bondye te chwazi moun ki pa t gen enstriksyon e ki pa t gen enpòtans kòm apot li yo, pou montre pouvwa san parèy ki te fè relijyon li a gaye a te soti nan Bondye, se pa nan lèzòm. Li site difikilte yo te rankontre yo kòm prèv se Bondye ki te delivre yo anba yo, se pa yo menm.
7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan nou.
Lafwa ak esperans soutni Paul nan eprèv yo
Paul montre se grasa lafwa nan Kris ak esperans yon lavi imòtèl nan laglwa li kapab simonte tout difikilte ak danje nan ministè kretyen li a. Li di yo li te andire soufrans sa yo poutèt yo, pou yo te ka gen konviksyon li sensè epi pou yo te di Bondye mèsi. Li deklare li sèten soufrans li pou levanjil la ap fè l jwenn yon rekonpans nan syèl la ki koresponn ak yo. Se poutèt sa li pa chèche avantaj pasajè monn sa a, men laglwa etènèl monn moun pa ka wè a.
13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. 15 Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
Kay nan syèl la ki gen pou vini an
Paul kontinye agiman li a pou l montre jan kay nou nan syèl la ap depase lontan kay n ap viv ladan l kounye a. Li deklare Bondye prepare nou pou lavi imòtèl sa a epi li ban nou Lespri a kòm garanti. Sa ba li kouraj nan predikasyon li, e sa fè l dispoze kite kò sa a pou l al bò kote Senyè a. Men, kit li viv, kit li mouri, objektif li se fè Bondye aksepte l, paske tout moun gen pou rann Bondye kont.
1 Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la. 2 Paske vrèman, nan kay sila a, nou plenyen avèk lanvi pou nou abiye nou ak kay nou ki nan syèl la; 3 kòmsi nou konnen ke lè nou fin mete li, nou p ap janm toutouni ankò. 4 Paske vrèman, pandan nou nan tant kò sa a, nou plenyen, nou anba gwo fado, paske nou pa vle dezabiye nou, men abiye nou, jis pou sa ki mòtèl la kapab anglouti pa lavi etènèl. 5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.