Paul kontinye ale nan Grèce
Paul kontinye soti Macédoine pou l ale nan Grèce, oswa Achaïe, epi li rete la pandan twa mwa.
57 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
2 Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.
3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine.
Paul ekri Korentyen yo ankò 58 apre Christ
Apre Paul fin tande kijan Korentyen yo te resevwa premye lèt li a, li ekri dezyèm lèt li a depi Philippes, pou l jistifye konduit li kòm apot epi defann otorite li, paske yon fo anseyan te mete toude an dout.
Paul salye Korentyen yo ankò
Entwodiksyon ak benediksyon Paul.
1 Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo: 2 Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
Paul beni Bondye pou konsolasyon li
Paul beni Bondye paske li soutni l epi delivre l nan tout tribilasyon ak danje li yo, paske grasa egzanp li, lòt moun ka jwenn menm konsolasyon an nan soufrans ki sanble ak pa l yo.
3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. 7 Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.
Bondye sove Paul nan Éphèse
Paul rakonte kijan pouvwa Bondye te delivre l anba danje imedya li te fè fas avè l nan Éphèse. Li rekonèt moun l ap ekri yo te priye pou li.
8 Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou. 9 Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, 10 ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou; 11 nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
Senserite Paul anvè Korentyen yo
Pandan li fè yon ti alizyon ak kalomni fo anseyan an, Paul rejwi poutèt senserite li ak konduit pwòp li anvè Korentyen yo, konduit li deklare ki pa t gen okenn motivasyon egoyis oswa enterese. Li gen konfyans tout moun pral rekonèt li epi fyè de li, jan kèk moun deja fè sa, paske yo pral lajwa li nan jou Senyè a.
12 Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm. 13 Paske nou pa ekri okenn lòt bagay bannou, sof ke sa nou kapab li ak konprann, e m espere ke nou va konprann jiska lafen. 14 Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an.
Poukisa Paul te ranvwaye vizit li a
Fo anseyan an te akize Paul kòmkwa li pa t konn pran desizyon epi li te atache ak bagay lemonn, paske li pa t fè vizit li te pwomèt Korentyen yo. Paul montre li rete konsekan grasa doktrin ki pa chanje li te anseye a, epi li fè apèl ak onksyon Lespri Sen an, grasa ki Bondye te etabli otorite li byen fèm nan mitan yo. Li deklare solanèlman vrè rezon ki te fè li retade vizit li a se paske li te vle epaye yo. Li asire yo olye li te vini pou l pini yo, li te ekri yo nan pi gwo detrès, pou l te ka rejwi poutèt repantans yo epi konvenk yo jan lanmou li pou yo gran.
15 Epi premyèman, se te nan konfyans sila ke m te gen entansyon pou vin kote nou an, pou nou ta kapab resevwa yon benediksyon doub. 16 Sa vle di, pou pase kote nou nan antre Macédoine, e osi nan soti Macédoine pou m vin kote nou, pou nou ta kapab ede m nan vwayaj mwen pou rive Judée. 17 Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a? 18 Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm. 19 Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm. 20 Paske malgre fòs kantite pwomès Bondye yo konn bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.
21 Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris la, epi ki te onksyone nou an, se Bondye. 22 Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.
23 Men mwen rele Bondye kòm temwen nanm mwen, ke se sèl pou m fè nou gras, m pa t vin Corinthe ankò. 24 Se pa ke nou menm ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.
2:1 Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò. 2 Paske si m fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la. 3 Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout. 4 Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.
Padone moun ki te fè fot la epi reyentegre li
Paul ba yo lòd pou yo resevwa ankò nonm yo te mete deyò nan legliz la, nonm yo te gen lapenn pou li a, kounye a li repanti sensèman, epi pou yo montre lanmou yo pou li ak yon konduit ki janti e ki amikal, pou Satan pa pouse l nan dezespwa. Paul atann pou yo obeyi l lè yo leve sanksyon an, menm jan yo te obeyi l lè yo te enpoze l la. Li deklare nan toude ka yo, li te aji nan non Kris ak avèk otorite li.
5 Men si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout. 6 Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a. 7 Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. 8 Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. 9 Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou obeyisan nan tout bagay. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.
Enkyetid Paul pou Tite
Kòm yon lòt rezon ki fè li pa t vini Corinthe nan lè li te fikse a, Paul bay enkyetid li pou Tite. Li pale de siksè li nan Macédoine, epi li deklare gwo rezilta predikasyon li yo, ni pou moun ki resevwa levanjil la ni pou moun ki rejte l yo. Li fini ak yon remak sevè sou fo anseyan an ak yon deklarasyon sou pwòp senserite li ak sou jan li pa chèche enterè pa li.
12 Alò, lè m te vini Troas pou levanjil a Kris la, e lè yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a, 13 mwen pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.
14 Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se odè santi bon a Kris la vè Bondye pami sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16 Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo? 17 Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan zye Bondye, nou pale nan Kris.