Konduit Timothée anvè ansyen yo ak vèv yo
Yo bay Timothée lòt enstriksyon pou ansèyman li ka reyisi pi byen. Yo esplike l kijan pou l aji anvè ansyen yo, anvè jèn gason ak jèn fi yo, epi anvè vèv legliz la soutni ak charite li. Yo pa t dwe admèt okenn vèv ki poko gen swasant an, paske si yo te resevwa fanm ki pi jèn epi entèdi yo marye, yo te ka abandone relijyon Kretyen an oswa fè non Kretyen an wont.
57 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, 2 a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.
3 Onore vèv ki vrèman vèv yo; 4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye. 5 Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit. 6 Men sila ki viv nan plezi a, mouri menm pandan ke li ap viv la. 7 Preskri bagay sa yo tou pou yo kapab vin san repwòch. 8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
9 Yon vèv dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, 10 avèk repitasyon bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.
11 Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. 12 Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. 13 An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, nan pale bagay ki pa bon pou pale.
14 Konsa, mwen vle jèn vèv yo marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch. 15 Paske kèk nan yo deja detounen pou swiv Satan.
16 Si yon fanm ki se yon kwayan gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo.
Onè pou ansyen yo, prekosyon lè y ap òdone yo
Yo bay Timothée enstriksyon sou konduit li anvè ansyen yo, oswa pastè legliz la. Bon minis yo merite doub onè ak doub salè, epi legliz la dwe pran dispozisyon ki apwopriye pou soutni yo. Yo dwe reprimande ansyen yo sèlman lè gen prèv ki pi solid posib, epi yo dwe fè sa an piblik, kòm avètisman pou lòt moun. Yo bay Timothée lòd solanèl pou l dirije san okenn patipri, epi pou l òdone ansyen yo avèk pi gwo swen ak prekosyon, apre li fin egzamine karaktè yo avèk konsyans, pou li pa pote okenn responsablite pou fot oswa move konduit ki ta vin apre. Nan yon ti parantèz, Paul ba li konsèy sou sante li.
17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. 18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”
19 Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a de oswa twa temwen.
20 Sila ki kontinye nan peche yo repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche. 21 Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.
22 Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.
23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
24 Peche kèk moun vin toutafè klè, li ale devan yo pou jijman. Pou lòt yo, peche pa yo vini aprè yo. 25 Menm jan an tou, zèv ki bon yo toutafè klè, e sila ki pa konsa yo, p ap kapab kache.
Esklav yo dwe onore mèt yo
Piske relijyon Kretyen an pa chanje relasyon sosyal yo, yo dwe di sèvitè yo ak esklav yo pou yo montre respè yo dwe bay menm mèt payen yo. Yo avèti yo espesyalman pou yo montre menm obeyisans lan anvè mèt Kretyen yo, epi pou yo pa kite inyon yo kòm frè Kretyen anpeche yo ranpli devwa yo konnen yo genyen.
1 Tout sila ki anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. 2 Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
Paul kondane anseyan k ap pouse moun suiv pratik jwif yo
Yo kondane anseyan k ap pouse moun suiv pratik jwif yo, ki kenbe lòt doktrin epi ki deklare moun lib anba devwa sivik yo. Yo reprimande yo pou diskisyon yo ak kont yo sou mo, epi paske yo mete pwòp avantaj materyèl yo anvan onè Bondye ak pwopagasyon verite li a. Yo ankouraje moun kontante yo nan tout kondisyon lavi, paske tout byen sou tè a se bagay ki pa vo anyen. Yon lanmou twòp pou richès se yon gwo danje.
3 Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
Yo bay Timothée lòd devan Bondye pou l kenbe fèm
Yo mande Timothée, kòm yon moun Bondye enspire, pou l rete lwen move pratik sa yo epi chèche viv nan devosyon pou Bondye. Paul ba li lòd, tankou li te nan prezans Bondye epi an konsiderasyon gwo jou jijman an, pou l rete fèm nan lafwa, pou l ranpli fonksyon li avèk konsyans, epi pou l evite tout motivasyon materyalis ak avaris. Paul fini lè li dekri gran glwa Kris la, ki pral revele pi devan.
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13 Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Moun rich yo dwe mete konfyans yo nan Bondye, pa nan richès
Yo bay Timothée lòd pou l avèti moun rich yo pou yo pa mete konfyans yo nan byen yo, ki pa sèten, men nan Bondye, ki ba yo byen sa yo. Yo ankouraje yo pou yo rich nan bon zèv, pou yo ka sere pou tèt yo benediksyon ki pi dirab e ki etènèl.
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
Dènye lòd Paul pou kenbe lafwa
Paul fini lèt la jan li te kòmanse l la, pandan li ankouraje Timothée ankò pou l rete fèm nan doktrin Kretyen an epi evite tout espekilasyon filozofik ak initil fo anseyan yo t ap fè pwomosyon pou yo avèk anpil fòs.
20 O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin egare kite lafwa.
Ke lagras avèk nou. Amen.