Paul bay gason ak fanm enstriksyon pou adorasyon
Li ensiste ankò sou devwa lapriyè a. Gason yo resevwa lòd pou yo fè lapriyè piblik, ki pa dwe limite sèlman nan sinagòg la oswa nan tanp Jérusalem nan; si yo fè yo avèk devosyon, yo akseptab tout kote. Yo ankouraje fanm Kretyen yo pou yo fè bon zèv epi pou yo rete an silans. Abiman yo dwe ann amoni ak lafwa sen yo deklare a. Poutèt transgresyon li, fanm nan dwe soumèt anba gason an. Malediksyon yo te pwononse sou li a ap vin pi lejè sou kondisyon li gen lafwa ak sentete.
57 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
8 Konsa, mwen vle moun tout kote priye; vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. 9 Menm jan an, mwen vle fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
Kalifikasyon evèk yo ak minis yo
Yo dekri kalifikasyon yon evèk, ki sipèvize plizyè kongregasyon, ak kalifikasyon yon minis ki responsab yon sèl kongregasyon.
1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.
Sa dyak yo ak madanm yo dwe ye
Yo bay lis kalifikasyon dyak yo. Madanm yo dwe sèvi kòm egzanp pou pèp la.
8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
Paul ankouraje Timothée nan devwa li yo
Paul ankouraje Timothée nan devwa li kòm evèk ak minis lè li fè l sonje doktrin ki pi elve nan relijyon Kretyen an.
14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
Paul predi apostazi legliz la
Grasa Lespri Bondye a, Paul predi legliz Kretyen an pral abandone lafwa, epi li dekri nati koripsyon li yo, pandan li fè konprann anseyan ki t ap pouse moun suiv pratik jwif yo te pami moun ki t ap prepare wout pou sa. Yo avèti Timothée pou l evite tout tandans ki mennen nan koripsyon sa yo, epi yo ankouraje l anseye moun pratike vèti ak devosyon pou Bondye kòm sèl sèvis yon Kretyen ka rann ki itil e ki akseptab. Yo di l pou l ensiste sou verite enpòtan sa a, byenke y ap joure l epi pèsekite l poutèt sa.
1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.
6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou deja ap swiv yo. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.
Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a. 8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
9 Sa se yon vre Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse esperans nou sou Bondye vivan an, ki se Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
11 Preskri e enstwi bagay sa yo.
Paul bay Timothée enstriksyon sou pwòp konduit li
Paul bay Timothée enstriksyon sou pwòp konduit li, epi li vle pou l mete tout sijè espekilatif sou kote nan ansèyman li. Li dwe vin yon egzanp pou legliz la, epi konsakre tèt li nan ministè a, nan lekti, nan etid, nan meditasyon ak nan metriz tèt li. Lè l fè sa, l ap sove tèt li epi l ap sèvi kòm mwayen pou lòt moun jwenn delivrans.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.