Démétris pouse yon foul fè dezòd nan Éphèse

Paul rete nan Éphèse toujou. Démétris pouse yon foul fè dezòd la.

57 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 19:23–41

23 Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.

24 Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a. 25 Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a. 26 Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm. 27 Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”

28 Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis Efezyen yo!” 29 Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.

30 Lè Paul te vle antre nan asanble a, disip yo te anpeche li. 31 Anplis, kèk nan ofisye Lazi ki te zanmi li yo te voye di l plizyè fwa pou l pa antre nan teyat la.

32 Alò konsa, kèk nan yo t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt, paske tout asanble a te nan konfizyon. Pifò pa t menm konnen pou ki rezon yo te vin reyini ansanm nan.

33 Jwif yo te mennen Alexander devan foul la. Li t ap fè sinyal avèk men l, konsi li t ap prezante yon defans a foul la. 34 Men lè yo te vin konprann ke se te yon Jwif li te ye, yon gwo kri te leve pami foul la. Yo te kontinye rele pandan anviwon dezè de tan: “Gran se Artimis a Efezyen yo!”

35 Apre li te fin kalme foul la, sekretè vil la te di: “Mesye Éphèse yo, se ki moun pami nou ki pa konnen, lavil Éphèse se gadyen tanp a gran Artimis la, imaj a sila ki te tonbe sòti nan syèl la? 36 Alò akoz ke bagay sa yo pa kapab demanti, nou ta dwe rete kalm e pa fè anyen ki pa saj. 37 Paske nou fè mesye sila yo vini isit la, ki pa ni vòlè tanp lan, ni yo pa blasfeme deyès nou an. 38 Donk alò, si Démétris ak ouvriye ki avè l yo gen yon plent kont nenpòt moun, tribinal yo louvri, e pwokonsil yo disponib; kite yo pote plent kont youn lòt.

39 “Men si nou vle yon bagay anplis ke sa, sa gen pou regle nan asanble jistis la. 40 Paske vrèman, nou an danje akizasyon de soulèvman akoz sa ki pase la jodi a. Nanpwen rezon pou li. Konsa, nou p ap kapab rann kont pou asanble a ki an dezòd konsa.” 41 Lè l fin di sa, li te ranvwaye asanble a.

Paul kite Éphèse pou Macédoine

Travay 20:1

1 Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale Macédoine.

Paul ekri Timothée

Paul ekri premye lèt li bay Timothée pou l montre li kijan pou l kwape fo doktrin ak koripsyon fanatik Jwif yo t ap eseye tabli nan legliz Éphèse la, kote yo te nonmen l pou l dirije.

Paul salye Timothée

Salitasyon an.

I Timothée 1:1–2

1 Paul, yon apot a Kris Jésus selon kòmandman Bondye a, Sovè nou an, e a Kris Jésus ki se esperans nou. 2 A Timothée, vre pitit mwen nan lafwa mwen an: lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.

Poukisa Paul te kite Timothée nan Éphèse

Paul fè Timothée sonje poukisa li te kite l nan Éphèse: pou l opoze ak fanatik Jwif yo, ki t ap eseye melanje lis zansèt ak tradisyon nan ansèyman Kretyen an.

I Timothée 1:3–4

3 Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf; 4 ni pou yo pa prete atansyon a fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.

Objektif ak itilizasyon Lalwa a

Paul esplike objektif ak itilizasyon Lalwa a, epi li montre li ann amoni nèt ak Krisyanis la, paske li egzije bon konduit moral epi li kondane tout kalite mechanste.

I Timothée 1:5–11

5 Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. 6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi, 7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.

8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. 9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.

Mizèrikòd Kris lè li fè Paul tounen apot

Paul fè yon ti devyasyon pou l pale an detay sou bonte Kris ki fè l tounen yon apot levanjil glorye sa a. Apati mizèrikòd Bondye te fè l, li envite tout pechè vin repanti.

I Timothée 1:12–17

12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15 Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

Timothée resevwa lòd pou l kenbe lafwa

Paul fè Timothée sonje yo te nonmen l nan ministè Kretyen an pa mwayen pwofesi, epi li ankouraje l kenbe yon lafwa pi ak yon bon konsyans. Alexandre ak Hyménée, ki pa t kenbe ni youn ni lòt, pini poutèt yo pa t respekte Bondye.

I Timothée 1:18–20

18 Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen bon konba a, 19 nan kenbe lafwa ak yon bon konsyans, ke kèk moun te rejte, e te fè nofraj nan sa ki gen rapò a lafwa yo. 20 Pami sila yo, se Hyménée ak Alexandre, ke mwen te livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.

Paul kòmande pou yo priye pou tout moun

Kont Kretyen ki t ap chèche enpoze pratik Jwif yo, Paul kòmande moun ki konvèti nan lafwa Kretyen an pou yo priye pou tout moun nan lespri byenveyan levanjil la, kit se Jwif kit se etranje, sa vle di moun ki pa Jwif, e sitou pou wa yo ak moun ki gen otorite nan chak nasyon ak chak peyi. Li deklare sa fè Bondye plezi, li menm ki vle tout moun sove, epi devan li gen yon sèl Medyatè ant Bondye ak moun tout nasyon. Yo nonmen Paul pou l fè etranje yo konnen verite sa yo menm jan ak Jwif yo.

I Timothée 2:1–7

1 Dabò, alò, mwen ankouraje pou siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2 pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.

3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. 5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a. 7 Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.