Premye Adam nan ak dezyèm nan
Resanblans ant premye Adam nan ak dezyèm nan pwouve verite rezirèksyon an pou Jwif yo.
57 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
45 Menm jan an osi sa ekri: “Premye lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi. 46 Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a. 47 Premye lòm nan sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la. 48 Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou. 49 Jis jan ke nou pote imaj a tèrès la, konsa osi nou va pote imaj a selès la.
Viktwa sou peche ak lanmò
Paul afime kò nou genyen kounye a pa ka antre nan yon eta espirityèl. Li dekri kijan rezirèksyon an pral fèt ak chanjman glorye ki pral fèt nan yon eta imòtalite, avèk yon viktwa total sou peche ak lanmò. Sou baz sa yo, li ankouraje Korentyen yo pou yo gen yon lafwa aktif e fèm.
50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
Paul bay enstriksyon pou lakòlèt pou pòv yo
Pou reponn dènye kesyon Korentyen yo, Paul bay enstriksyon sou fason Kretyen yo dwe pran swen pòv yo, epi li pwomèt pou l voye sa yo ranmase nan lakòlèt yo Jérusalem.
1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini. 3 Konsa, lè m rive nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; 4 epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.
Dènye mesaj ak salitasyon Paul yo
Paul fini lèt li a ak divès mesaj ak salitasyon. Li pale yo de pitit li Timothée, epi li fè yo konnen Apollos gen entansyon vin wè yo. Li rekòmande Timothée ba yo. Li ankouraje yo pou yo gen lafwa ak lanmou. Li rekòmande Stéphanas, Fortunatus ak Achaïcus ba yo. Li fini ak salitasyon ak bon swè.
5 Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske m ap pase Macédoine. 6 Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. 7 Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. 8 Men mwen va rete Éphèse jiska fèt pannkot la; 9 Paske yon pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.
10 Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la. 11 Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.
12 Men konsènan Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite. 13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
15 Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou ministè a sen yo). 16 Pou nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. 17 Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi sa ki te manke nan pati a nou menm. 18 Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
19 Legliz Asie yo salye nou. Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk legliz ki lakay yo a. 20 Tout frè yo salye nou. Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.
21 Salitasyon de pwòp men pa m——Paul. 22 Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an! 23 Ke gras Senyè a Jésus avèk nou. 24 Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.