Temwen rezirèksyon Kri
Apre sa, Paul demanti yon erè Jwif sou rezirèksyon an ki te gaye pami Korentyen yo. Li sèvi ak temwayaj moun ki te wè ak pwòp je yo kòm pi bon prèv rezirèksyon Kri.
57 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. 2 Pa li menm osi nou ap sove, si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo. 6 Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo gen tan mouri. 7 Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo. 8 Epi an dènye, tankou yon pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Li te parèt a mwen menm tou.
9 Paske mwen se pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn pèsekite legliz Bondye a.
10 Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.
11 Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.
Rezirèksyon Kri pwouve mò yo pral leve
Paul sèvi ak rezirèksyon Kri pou pwouve mò yo pral leve san mank. Limanite te vin anba pouvwa lanmò pa mwayen Adam epi li leve pou l viv pa mwayen Kri.
12 Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke pa gen rezirèksyon mò yo? 13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve. 14 Epi si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven. 15 Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve. 16 Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.
17 Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e nou toujou nan peche nou yo.
18 Answit sila ki mouri nan Kris yo peri.
19 Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab ke tout moun.
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
Lòd rezirèksyon an
Paul revele lòd rezirèksyon an. Kri remèt wayòm li an kòm medyatè apre limanite leve soti nan tonm epi peche ak lanmò detwi.
23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini. 24 Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. 25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.
27 Paske “Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou Bondye kapab tout nan tout bagay.
Nye rezirèksyon an kontredi batèm nan
Pa kwè nan rezirèksyon an kontredi sa nou deklare nan batèm nan, epi sa ankouraje yon lavi imoral. Li ankouraje yo pou yo pa kite moun twonpe yo.
29 Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo? 30 Poukisa nou menm tou, nou an danje a chak moman? 31 Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, mwen mouri chak jou.
32 Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve “Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.” 33 Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.” 34 Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.
Tankou yon grenn, kò a pral leve transfòme
Paul reponn objeksyon filozofik kont rezirèksyon mò yo lè li konpare l ak yon plant ki grandi soti nan grenn li. Li montre kò moun nan, yo antere nan tè a, pral leve ankò menm jan an nan rezirèksyon an, ak karakteristik li yo chanje epi ak yon fòm pi bèl.
35 Men yon moun va di: “Kijan mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
36 Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri; 37 Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.
38 Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a chak grenn semans yo yon kò pou kont li. 39 Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason. 40 Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt. 41 Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
42 Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
43 Li simen nan dezonè, li leve nan laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.
44 Li simen kòm yon kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.