Avètisman ki Fè Konnen Kaptivite a Sèten (continued)
Divès pwofesi ak apèl pou Jwif yo, ki deklare kaptivite yo ak destriksyon Jérusalem sèten.
609 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a ki te di: 2 “Leve desann lakay mèt krich la, e la Mwen va anonse pawòl Mwen yo a ou menm.”
3 Konsa, mwen te desann lakay mèt krich la. E gade byen, li t ap fè yon bagay sou wou a. 4 Men veso ke li t ap fè ak ajil la te gate nan men mèt krich la. Pou sa, li te refòme l fè yon lòt veso jan sa te fè l plezi fè a.
5 Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 6 Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël. 7 Nan yon moman, Mwen ka pale konsa konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou dechouke li, pou jete li atè, oswa pou detwi li. 8 Men si nasyon sa a ke Mwen te pale a, vin kite mechanste li a, Mwen va vin repanti konsènan gwo twoub ke m te gen entansyon fè rive l la. 9 Oswa, nan yon lòt moman, Mwen ka pale konsènan yon nasyon, oswa konsènan yon wayòm pou bati li, oswa pou etabli li. 10 Men si li fè mal nan zye M e pa obeyi vwa M, alò, Mwen va repanti de byen nan ke M te fè pwomès fè yo.
11 “Alò, pou sa, pale ak mesye Juda yo, ak moun ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap prepare gwo malè kont nou, e Mwen ap fòme yon plan kont nou. Vire fè bak, nou chak, soti nan wout mechan li, e korije de zak nou yo.”’ 12 Men yo va di: ‘Sa pa ka fèt! Paske nou ap swiv pwòp plan pa nou, e nou chak va aji selon pwòp panse a kè di nou.’
13 Akoz sa a, pale SENYÈ a:
“Mande, koulye a, pami nasyon yo;
se kilès ki konn tande yon koze konsa?
Vyèj Israël la te fè yon bagay pi lèd pase tout bagay.
14 Èske lanèj Liban konn fè fayit
pou l pa kite wòch chan an?
Oswa èske dlo frèt ki koule soti depi lwen
va vin sèch?
15 Paske pèp Mwen an fin bliye Mwen.
Yo brile lansan bay dye ki san valè yo.
Yo chape tonbe kite chemen yo,
soti nan chemen ansyen yo, pou mache nan vye ti wout,
men pa sou gran chemen an.
16 Y ap fè peyi nou vin yon dega,
yon objè moun ap sifle.
Tout sila ki pase ladann va etone pou sa
e va souke tèt yo.
17 Tankou van lès, Mwen va gaye yo nèt devan lènmi an,
Nan jou kalamite yo, Mwen va ba yo do m.
Yo p ap wè figi M.
18 Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”
19 Koute mwen, SENYÈ e,
koute sa ke lènmi m yo ap di!
20 Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon?
Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen.
Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou,
pou pale sa ki bon pou yo menm,
pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
21 Pou sa, livre pitit yo a gwo grangou
e livre yo anba pouvwa nepe a.
Kite madanm pa yo rete san pitit e vèv.
Kite mesye yo tou vin frape a lanmò;
e jennonm yo vin frape ak nepe nan batay la.
22 Pou yon gwo kri ka tande soti lakay yo
lè sibitman, Ou mennen rive yon bann piyajè sou yo;
paske yo te fouye yon fòs pou pran mwen,
e te kache pèlen pou pye m.
23 Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout
manèv mòtèl yo kont mwen yo.
Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou.
Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou.
Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!
19:1 Konsa pale SENYÈ a: “Ale achte yon po kanari nan men mèt krich la. Pran kèk nan ansyen a pèp yo, ak kèk nan prèt prensipal yo. 2 Konsa, ale deyò nan vale Ben-Hinnom nan, ki akote antre pòtay kanari kraze a, e la pwoklame pawòl ke M pale ou yo. 3 Di: ‘Tande pawòl SENYÈ a, O wa Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo: konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen gwo malè sou plas sa a, k ap fè zòrèy a tout moun ki tande yo vin toudi. 4 Akoz yo te abandone Mwen, yo te fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo, 5 akoz yo te bati wo plas a Baal yo pou brile pwòp fis pa yo nan dife kon ofrann brile a Baal yo, yon bagay ke Mwen pa t janm kòmande, ni pale, ni li pa t janm antre nan tèt Mwen.’ 6 Akoz tout sa a, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “pou plas sa a pa rele ‘Topheth’ ankò, oswa ‘Vale Ben-Hinnom’ nan; men pito, ‘Vale a Gwo Masak’ la.
7 “‘“Mwen va fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo. 8 Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo. 9 Mwen va fè yo manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.”’
10 “Nan moman sa a, ou gen pou kraze kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou. 11 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Se konsa Mwen va kraze pèp sa a ak vil sa a, jis jan ke yon moun kraze yon po kanari, pou l pa ka repare ankò. Yo va antere Topheth, jis lè pa gen plas pou antere ankò. 12 Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth. 13 Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”
14 Konsa, Jérémie te sòti Topheth, kote SENYÈ a te voye l pwofetize a. Li te kanpe nan lakou lakay SENYÈ a e te di a tout pèp la: 15 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di pou pa koute pawòl Mwen yo.’”