Avètisman ki Fè Konnen Kaptivite a Sèten (continued)

Divès pwofesi ak apèl pou Jwif yo, ki deklare kaptivite yo ak destriksyon Jérusalem sèten.

609 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 16–17

1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2 “Ou p ap pran yon madanm pou ou menm, ni fè fis ak fi nan kote sa a.” 3 Paske konsa pale SENYÈ a konsènan fis ak fi ki fèt nan plas sila a, e konsènan manman yo ki te fè yo ak papa yo ki te fè yo nan peyi sa a: 4 “Yo va mouri mò yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”

5 Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regrèt yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.” 6 Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo. 7 Pèsòn p ap kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.

8 “Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.” 9 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou. 10 Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’ 11 Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an. 12 Nou tou, te fè mal plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen. 13 Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’

14 “Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan peyi Égypte la’, 15 Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.

16 “Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo. 17 Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M. 18 Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”

19 O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an

e sekou mwen an nan jou gwo malè a,

vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè.

Yo va di:

“Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti

sa ki pouryen, san enpòtans e san benefis.”

20 Èske lòm dwe fè dye pou kont li,

malgre se pa dye yo ye?

21 “Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen,

fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen.

Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”

17:1 Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè,

ak yon pwent dyaman.

Li grave sou tablo kè yo,

ak sou kòn lotèl pa yo.

2 Menm jan yo sonje pitit pa yo,

se konsa yo sonje lotèl pa yo,

ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.

3 O mòn nan vil andeyò Mwen an,

Mwen va bay yo tout richès ou yo

ak tout trezò ou yo kon piyaj,

wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.

4 Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la.

Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo

nan peyi ke ou pa konnen an;

paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife

ki va brile jis pou tout tan.

5 Konsa pale SENYÈ a:

“Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,

ki fè lachè vin fòs li,

ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.

6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè;

li p ap janm wè lè bonè rive,

men li va viv pami wòch savann nan dezè a,

nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.

7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

Li p ap twouble nan ane sechrès la,

ni sispann bay fwi.

9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.

Nanpwen lasante ladann.

Se kilès ki ka konprann li?

10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;

Mwen pase panse a leprèv,

pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,

selon fwi a zèv li yo.”

11 Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li,

se konsa sila ki ranmase richès san dwa.

Nan mitan jou li yo, yo va kite li,

e lè vi l fini, li va yon moun bèt.

12 Yon twòn plen ak laglwa plase an wo,

depi kòmansman an, se li ki azil nou.

13 O SENYÈ, espwa Israël la,

tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont.

Sila yo ki kite Mwen sou latè yo,

sou latè non yo va vin enskri,

akoz yo te abandone SENYÈ a,

sous dlo vivan an.

14 Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt!

Sove mwen e mwen va sove!

Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.

15 Gade, y ap di mwen tout tan:

“Kote pawòl SENYÈ a?

Kite l ranpli koulye a”.

16 Men pou mwen menm, mwen pa t kouri

pou m ta sispann fè bèje pou Ou,

ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a.

Ou konnen!

Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.

17 Pa fè m gwo laperèz.

Ou se azil mwen nan jou gwo twoub la.

18 Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont,

men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont;

kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble.

Mennen sou yo yon jou gwo twoub.

Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!

19 Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale kanpe nan pòtay piblik la, kote wa Juda yo fè antre sòti a, nan tout pòtay Jérusalem yo. 20 Pale yo konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, wa Juda yo, e tout Juda ak tout sila k ap viv Jérusalem yo, k ap fè antre sòti nan pòtay yo: 21 Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan. 22 Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo. 23 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije. 24 Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li, 25 alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan. 26 Yo va antre ladann soti nan vil a Juda yo ak tout andwa ki antoure Jérusalem yo; soti nan peyi Benjamin, soti nan ba plèn nan, nan peyi kolin yo ak nan dezè a, k ap pote ofrann brile, sakrifis, ofrann sereyal, ak lansan e yo va mennen sakrifis a remèsiman lakay SENYÈ a. 27 Men si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”