Avètisman ki Fè Konnen Kaptivite a Sèten (continued)

Divès pwofesi ak apèl pou Jwif yo, ki deklare kaptivite yo ak destriksyon Jérusalem sèten.

609 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

Jérémie 14–15

1 Sa se pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan gwo sechrès la:

2 Juda kriye ak doulè

e pòtay li yo vin abandone.

Yo chita atè pou fè dèy e kri Jérusalem vin monte.

3 Prens pa yo te voye sèvitè yo chache dlo.

Yo rive nan sitèn yo,

men nanpwen dlo.

Yo te retounen ak veso yo vid.

Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.

4 Akoz tè sèch la vin fann,

akoz pa t gen lapli sou peyi a;

kiltivatè yo te vin wont.

Yo te kouvri tèt yo.

5 Wi, menm femèl sèf nan chan an

fè pitit pou kite yo.

Nanpwen zèb.

6 Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo.

Y ap rale soufle fò tankou chen mawon.

Zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.

7 Malgre inikite nou yo temwaye kont nou,

O SENYÈ, aji pou koz a non Ou!

Rebelyon nou anpil.

Nou te peche kont Ou.

8 O Espwa Israël la,

Sovè li nan tan gwo twoub la,

poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a?

Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?

9 Poukisa Ou tankou yon nonm twouble,

tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou?

Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou;

pa abandone nou!

10 Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a:

“Malgre yo tèlman renmen egare;

yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl.

Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo.

Koulye a, li sonje inikite yo.

Li fè yo rannkont pou peche yo.”

11 Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a. 12 Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”

13 Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’”

14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo! 16 Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe. P ap menm gen moun ki pou antere yo—ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo—paske Mwen va vide pwòp mechanste pa yo sou yo.

17 “Ou va di yo pawòl sa a:

‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen

e pa kite dlo yo sispann;

Paske fi vyèj a pèp mwen an

te kraze ak yon gran brèch,

ak yon blesi byen grav.

18 Si mwen ale andeyò peyi a,

gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo!

Oswa si mwen antre nan vil la,

gade byen, maladi ak gwo grangou!

Paske pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini

nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’”

19 Èske Ou te rejte Juda nèt?

Oswa èske Ou te rayi Sion?

Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou vin pa ka geri?

Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini;

pou yon tan pou nou ta ka geri,

men gade byen, se gwo laperèz!

20 Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ,

inikite a papa zansèt nou yo,

paske nou te peche kont Ou.

21 Pa meprize nou, pou koz a pwòp non Ou:

pa kite twòn a glwa ou a dezonore.

Sonje e pa kraze akò Ou avèk nou.

22 Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli?

Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo?

Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an?

Akoz sa, nou mete espwa nan Ou,

paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.

15:1 Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt! 2 Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale:

“Sila ki pou mouri yo, a lanmò;

ak sila ki pou nepe yo, a nepe;

sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a;

e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.”’

3 “Mwen va chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo. 4 Mwen va fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”

5 “Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem?

Oswa kilès k ap fè gwo kri pou ou?

Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?

6 Ou menm ki abandonen Mwen an,” deklare SENYÈ a,

“Ou kontinye ap fè bak.

Pou sa, Mwen te lonje men M kont ou

e Mwen te pou detwi ou.

Mwen bouke demontre ou konpasyon!

7 Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a.

Mwen te prive yo de pitit yo.

Mwen te detwi pèp Mwen an.

Yo pa t vire kite chemen yo.

8 Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen.

Mwen te fè parèt kont yo;

kont manman a yon jennonm,

yon destriktè a midi.

Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.

9 Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren;

li te rale denyè souf.

Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen;

li te soufri wont e li te menm imilye.

Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo

devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.

10 Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen,

yon nonm ki fè twoub leve,

yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a!

Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen;

malgre sa, yo tout ban m madichon.

11 SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon.

Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou

nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.

12 Èske yon moun ka kraze fè;

fè ki sòti nan nò, oswa bwonz?

13 Mwen va bay gwo richès ou ak trezò ou yo,

kon piyaj ki san frè;

sa a, konsa, pou tout peche ou yo,

menm anndan tout lizyè ou yo.

14 Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon

peyi ke ou pa konnen;

paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen

ki va brile sou ou.”

15 Ou menm ki konnen, O SENYÈ,

sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo.

Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt;

rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.

16 Pawòl Ou yo te vin twouve;

mwen te manje yo.

Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa

ki fè kè m rejwi;

paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.

17 Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch,

ni mwen pa t vante tèt mwen wo.

Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen,

paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.

18 Poukisa, doulè mwen an rete tout tan,

eblese mwen an rete san gerizon?

Èske Ou menm, anverite,

va devni pou mwen kon yon sous twonpe,

ak dlo sou sila yo pa ka depann?

19 Konsa, pale SENYÈ a:

“Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò

pou ou kanpe devan M.

Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè,

ou va vin tankou bouch Mwen.

Yo va retounen kote ou;

men ou menm, ou p ap retounen kote yo menm.

20 Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz.

Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou;

paske Mwen avèk ou pou ba ou sekou

e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.

21 “Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo

e Mwen va rachte ou soti nan men a vyolan yo.”