Yo Anonse Davans Sò Paschhur
609 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Lè Paschhur, prèt la, fis a Immer a, ki te chèf ofisye lakay SENYÈ a, te tande Jérémie fè pwofesi sila yo, 2 Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a. 3 Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te bay ou, men pito Magor-Missabib. 4 Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè ou vin yon gwo laperèz pou pwòp tèt ou, ak tout zanmi ou yo. Pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va livre tout Juda, pou tonbe nan men a wa Babylone nan. Li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe. 5 Anplis, Mwen va livre tout richès vil sa a, tout pwodwi li yo ak tout bagay koute chè li yo, menm tout trezò a wa a Juda yo, e mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va piyaje yo, pote yo ale, e pote yo Babylone. 6 Konsa, ou menm, Paschhur, ou menm ak tout sila ki rete lakay ou yo, va ale an kaptivite. Ou va antre nan Babylone. Ou va mouri la, e la, ou va antere; ou menm avèk tout zanmi ou yo ki te bay fo pwofesi yo.’”
7 O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen;
Ou pi fò pase m, e Ou te genyen m.
Mwen te vin yon gwo blag tout lajounen;
se tout moun k ap moke mwen.
8 Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò;
mwen pwoklame vyolans ak destriksyon!
Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch.
Mwen pase nan rizib tout lajounen.
9 Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò,
ni pale ankò nan non Li”,
alò, anndan kè mwen vin kon yon
dife k ap brile ki fèmen nan zo m.
Mwen bouke kenbe l anndan m,
mwen pa kapab.
10 Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun:
“Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!”
Tout zanmi m ke m konn fè konfyans yo,
k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di:
“Petèt nou ka mennen l,
pou nou ka vin enpoze nou sou li
e konsa, nou va pran vanjans sou li.”
11 Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs.
Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak.
Yo p ap reyisi.
Yo va wont nèt akoz yo fè fayit,
ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
12 Sepandan, O SENYÈ dèzame yo,
Ou menm ki sonde moun dwat yo,
ki wè panse ak kè a;
kite mwen wè vanjans Ou sou yo;
paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.
13 Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a!
Paske Li te delivre nanm a malere a
soti nan men a malfektè yo.
14 Kite jou ke mwen te fèt la modi;
kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!
15 Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan,
ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,”
e ki te fè l byen kontan an, vin modi.
16 Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke
SENYÈ a te kraze nèt san pitye.
Kite li tande gwo kri nan granmmaten
ak kri “Anmwey” a midi,
17 akoz li pa t touye m avan mwen te fèt,
pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a
pou vant li rete ansent pou tout tan.
18 Poukisa mwen te janm sòti nan vant,
pou m ta gade twoub ak tristès,
pou jou m yo ta pase nan wont?
Yo Anonse Davans Sò Schallum ak Jojakim
1 Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a: 2 Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo. 3 Konsa pale SENYÈ a: “Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a. 4 Paske si nou menm mesye yo va, anverite, fè bagay sa a, alò, wa yo va antre nan pòtay kay sa a, e va chita nan plas David sou twòn li an. Yo va monte sou cha yo ak sou cheval yo—yo menm, sèvitè yo ak pèp li a. 5 Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”
6 Paske konsa pale SENYÈ a konsènan kay wa a Juda a:
“Ou tankou Galaad pou Mwen,
tankou tèt mòn Liban an.
Malgre, anverite Mwen va fè nou kon yon dezè,
kon vil ki abandone.
7 Paske Mwen va mete destriktè apa pou ou,
yo chak ak zam yo.
Epi yo va koupe mete atè bwa sèd
pi chwazi ou yo e jete yo nan dife.
8 “Anpil nasyon va pase kote vil sa a. Konsa, yo va di youn lòt: ‘Poukisa SENYÈ a te fè bagay sa a gwo vil sa a?’ 9 Epi yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone akò SENYÈ a, Bondye yo a, e te pwostène yo a lòt dye yo e te sèvi yo.’”
10 Pa kriye pou mò yo.
Pa fè dèy pou li,
men kriye san rete pou sila ki sòti a;
paske li p ap janm retounen,
ni li p ap wè peyi l ankò.
11 Paske se konsa SENYÈ a pale a Schallum, fis a Josias, wa Juda a, ki te vin wa nan plas Josias, papa li, ki te ale kite plas sa a: “Li p ap janm retounen la, 12 men nan plas kote li te mennen an kaptivite a, se la li va mouri e li p ap wè peyi sila ankò.”
13 “Malè a sila ki bati kay li san ladwati,
chanm anlè yo san jistis,
ki itilize sèvis vwazen li san peye
e ki pa bay li salè li,
14 Ki di: “Mwen va bati pou mwen menm
yon kay ak anpil espas,
ak gwo chanm anlè.
Mwen va koupe fenèt li yo,
ba li panno bwa sèd
e pentire l an koulè wouj.’
15 “Èske ou dwe wa akoz ou pi fò nan afè bwa sèd?
Èske papa ou pa t manje, bwè
e fè jistis ak sa ki dwat?
Epi sa te ale byen pou li.
16 Li te plede koz a malere ak aflije yo,
epi sa te ale byen.
Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.
17 “Men zye ou ak kè ou rete sèlman
sou richès ki ranmase nan zak malonèt,
nan vèse san inosan,
nan opresyon ak vyolans.”
18 Pou sa, konsa SENYÈ a pale konsènan Jojakim, fis a Josias, wa Juda a: “Yo p ap fè dèy pou li.
Ni rele ‘Anmwey, frè m!’ ni ‘Anmwey sè m!’
“Yo p ap fè gwo kri pou li.
Ni ‘Anmwey, mèt mwen!’
Ni ‘Anmwey, pou gran pwisans li!’
19 Li va antere ak antèman bourik,
trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”
20 “Ale monte kote Liban.
Kriye fò e leve vwa ou nan Basan.
Kriye anplis depi Abarim,
paske tout moun ki renmen ou yo vin kraze nèt.
21 Mwen te pale ak ou nan pwosperite,
men ou te di: ‘Mwen p ap koute’!
Konsa abitid ou depi nan jenès ou,
ke ou te refize obeyi lavwa M.
22 Van an va bale fè disparèt tout bèje ou yo,
ak moun ki renmen ou yo,
y ap wale an kaptivite.
Konsa, ou va anverite wont e imilye
akoz tout mechanste ou yo.
23 Nou menm k ap viv Liban,
ki fè nich ak bwa sèd yo,
nou va plenyen nan gòj lè gran doulè a rive sou ou;
doulè tankou yon fanm k ap akouche a!