Pati 10: Rèy Ozias
Wayòm Juda a
Kòmansman rèy Ozias ak pwosperite li
810 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Tout pèp Juda a te pran Ozias, ki te genyen laj a sèzan e te fè li wa nan plas a papa li, Amatsia. 2 Li te bati Élath e te restore li pou Juda apre wa a te dòmi avèk zansèt li yo. 3 Ozias te gen sèzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-dezan Jérusalem. Non manman li te Jecolia, de Jérusalem. 4 Li te fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a selon tout sa ke papa li, Amatsia te konn fè.
1 Nan venn-setyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Azaria, fis a Amatsia a, wa Juda a, te devni wa.
5 Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.
6 Alò, li te sòti pou fè lagè kont Filisten yo. Li te kraze miray a Gath la, miray a Jabné a, miray a Asdod la, e li te bati vil nan anviwon Asdod pami Filisten yo. 7 Bondye te ede li kont Filisten yo, e kont Arab ki te rete Gur-Baal yo, avèk Maonit yo. 8 Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil. 9 Anplis, Ozias te bati fò Jérusalem yo nan Pòtay Kwen an, nan Pòtay Vale a ak nan kwen pilye a pou ranfòse yo toujou. 10 Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil. 11 Anplis, Ozias te gen yon lame parèt pou batay, ki te antre nan konba a pa divizyon yo selon nimewo pa yo, prepare pa Jeïel, sekretè a, avèk Maaséja, ofisye a, anba direksyon a Hanania, youn nan ofisye wa yo. 12 Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san. 13 Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an. 14 Anplis, Ozias te prepare pou tout lame a boukliye defans yo, lans yo, kas yo, abiman defans kò yo, banza yo ak wòch fistibal yo. 15 Nan Jérusalem, li te fè gwo machin lagè envante pa moun gwo kapasite pou plase sou fò yo pou tire flèch avèk gwo wòch. Pou tout sa, rekonesans li te gaye byen lwen, paske li te resevwa gwo èd jiskaske li te vin byen pwisan.
Joël anonse davans wayòm Juda a pral tonbe anviwon 787 anvan Christ
Lè Ozias ogmante lame li a, Joël anonse davans yon lame etranje pral kraze wayòm Juda a yon jou.
1 Pawòl SENYÈ a te vin kote Joël,
fis a Pethuel la.
2 Koute sa ansyen nou yo,
koute sa, tout abitan peyi a!
Èske yon bagay konsa konn rive nan jou nou yo,
oswa nan jou a papa zansèt nou yo?
3 Pale pitit nou yo bagay sa a, e kite pitit nou
pale pitit pa yo ak pitit a yon lòt jenerasyon.
4 Sa ke ti krikèt la te kite,
gwo krikèt la fin manje.
Sa ke gwo krikèt la te kite,
ti cheni an te manje.
Sa ke ti cheni an te kite,
gwo cheni an te manje.
5 Moun sou yo, leve pou nou ka kriye!
Rele fò, nou tout k ap bwè diven an,
akoz diven dous lan,
paske li deja retire pou l kite bouch nou.
6 Paske yon nasyon deja anvayi peyi mwen an,
ak gwo pwisans, fòs kantite moun depase kontwòl.
Dan l se dan a yon lyon;
gwo dan l yo se tankou dan a yon manman lyon.
7 Li te fè chan rezen mwen an
vin yon kote gate.
Li te rache pye fig mwen an.
Li fin rache li nèt nèt, e jete li.
Branch yo te vin blanch.
8 Rele fò tankou yon vyèj ki abiye ak twal sak
pou fiyanse jenès li ki mouri.
9 Ofrann sereyal ak ofrann bwason an
vin kou pe soti lakay SENYÈ a.
Prèt yo, sèvitè a SENYÈ a, ap lamante.
10 Chan an vin gate nèt.
Peyi a ap fè dèy.
Paske tout sereyal la fin gate nèt.
Diven nèf la fin seche,
lwil fre a vin sispann.
11 Se pou nou pa konprann anyen,
O kiltivatè yo!
Rele anmwey,
O nou menm k ap okipe pye rezen yo!
Ble ak lòj la te peri nèt;
rekòlt chan an fin detwi.
12 Pye rezen an vin sèch,
e pye fig la vin pa donnen.
Pye grenad la, pye palmis lan ak pye pòm nan;
menm tout pyebwa nan chan an fin cheche.
Anverite Lajwa a vin seche soti pami fis a lòm yo.
13 Mare senti nou ak twal sak e kriye fò,
O prèt yo, Rele anmwey!
O sèvitè a lotèl yo,
Vin pase nwit lan ak twal sak,
chèf sèvitè a Bondye mwen yo.
Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an
p ap antre lakay Bondye nou an.
14 Vin konsakre jèn nan!
Pwoklame asanble solanèl lan!
Rasanble tout ansyen yo
ak tout moun ki rete nan peyi a,
pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an,
pou kriye fò anvè SENYÈ a.
15 Elas pou jou a!
Paske jou SENYÈ a vin pwòch.
Li va vini tankou destriksyon ki soti
nan Toupwisan an.
16 Èske manje a pa t retire soti devan zye nou?
Lajwa ak kè kontan soti lakay Bondye nou an?
17 Jèm yo vin pouri anba bòl tè yo.
Depo yo vin abandone.
Kay depo yo fin demoli nèt,
paske sereyal la vin sispann nèt.
18 Ala plenyen bèt yo plenyen nan gòj!
Twoupo bèf yo ap gaye toupatou,
paske pa gen patiraj pou yo.
Menm bann mouton yo ap soufri.
19 A Ou menm, O SENYÈ, Mwen kriye;
paske dife fin devore patiraj nan savann yo,
e flanm dife fin brile tout pyebwa nan chan yo.
20 Menm bèt chan yo rele vè Ou menm;
paske sous dlo yo fin seche e dife a te devore
tout patiraj nan savann yo.