Joël anonse davans wayòm Juda a pral tonbe (continued)
Lè Ozias ogmante lame li a, Joël anonse davans yon lame etranje pral kraze wayòm Juda a yon jou.
anviwon 787 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Soufle twonpèt la nan Sion,
e sone alam nan sou mòn sen Mwen an!
Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble,
paske jou SENYÈ a ap vini.
Anverite, li vin pwòch.
2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa,
yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès.
Tankou solèy k ap leve sou mòn yo;
konsa gen yon gwo pèp pwisan.
Pa t janm gen yon bagay konsa,
ni p ap janm gen anyen ankò,
jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.
3 Devan yo, se dife k ap devore,
e dèyè yo, se yon flanm k ap brile.
Peyi a vin tankou jaden Eden devan yo,
men yon savann dezole dèyè yo,
e nanpwen anyen ki chape.
4 Aparans yo se tankou aparans cheval la;
epi kon yon kavalye kouri cheval li,
se konsa yo kouri.
5 Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo,
se konsa yo sote;
tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay,
se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.
6 Devan yo, pèp yo vin nan gwo soufrans.
Tout figi yo vin pal.
7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo.
Yo monte mi tankou sòlda.
Konsa, yo mache byen ranje,
ni yo pa kite pa yo.
8 Youn pa jennen lòt.
Yo chak mache nan pa yo.
Lè y ap eklate travèse defans yo,
yo pa kase ran ranje a.
9 Yo kouri sou vil la.
Yo kouri sou miray la.
Yo antre nan kay yo;
nan fenèt yo antre kon vòlè.
10 Devan yo, tè a souke.
Syèl yo tranble.
Solèy la ak lalin nan vin tou nwa,
e zetwal yo vin pèdi briyans yo.
11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a.
Anverite, kan Li vin byen gran,
paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a.
Anverite, jou SENYÈ a gran.
Li tèrib anpil!
Se kilès ki ka sipòte li?
12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,
“retounen kote Mwen ak tout kè nou;
avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
14 Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a,
pou L kite dèyè Li yon benediksyon,
menm yon ofrann sereyal
ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
15 Soufle yon twonpèt nan Sion!
Konsakre yon jèn.
Pwoklame yon asanble solanèl.
16 Rasanble moun yo.
Fè yon asanble ki sen.
Reyini ansyen yo.
Rasanble timoun ak sila pran tete yo.
Kite mesye marye a sòti nan chanm li,
e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.
17 Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo,
kriye antre galri a ak lotèl la,
kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ!
Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch,
yon vye mò pami nasyon yo.
Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”
18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,
e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.
19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a:
“Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil.
Nou va vin satisfè nèt ak yo.
Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
20 Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou,
Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole.
Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la;
pwent dèyè a, nan lanmè lwès la.
Konsa, sant pouriti li a va vin leve.
Movèz odè li va vin monte,
paske se gwo bagay li te konn fè.”
21 Pinga nou pè, O peyi a!
Rejwi e fè kè nou kontan,
paske SENYÈ a te fè gwo bagay.
22 Pa pè, nou menm bèt chan yo;
paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,
paske pyebwa a vin bay fwi li.
Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.
23 Konsa, se pou nou fè kè kontan,
O fis a Sion yo!
Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;
paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,
li te fè vide sou nou lapli,
premye ak dènye lapli a tankou avan an.
24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal,
e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.
25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane
ke gwo krikèt te manje yo,
ak ti krikèt la ki kouri a tè a,
ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou,
gwo lame ke Mwen menm te
voye pami nou.
26 Nou va genyen anpil manje,
nou va vin satisfè,
e nou va fè lwanj non SENYÈ a,
Bondye nou a,
ki te aji ak mèvèy avèk nou.
Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.
27 Konsa, nou va konnen ke
Mwen nan mitan Israël,
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
e ke pa gen okenn lòt;
epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.
28 Li va vin rive apre sa,
ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
29 Menm sou sèvitè ak sèvant yo,
mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
30 Mwen va montre mèvèy yo
nan syèl la ak sou tè a:
san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
31 Solèy la va vin tou nwa,
e lalin nan tankou san
devan gwo jou tèrib SENYÈ a.
32 Epi li va vin rive ke nenpòt moun
ki rele non SENYÈ a, li va delivre;
paske nan Mòn Sion ak Jérusalem,
va gen sila ki chape yo,
jan SENYÈ a te di a,
menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.
3:1 “Paske gade byen, nan jou sila yo
ak nan lè sa a,
lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,
2 Mwen va rasanble tout nasyon yo
pou mennen yo desann nan vale Josaphat a.
Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo
pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,
ke yo te gaye pami nasyon yo.
Yo te divize tè Mwen an,
3 epi te voye tiraj osò pou pèp Mwen an.
Yo te twoke yon gason pou yon pwostitiye
ak yon fi yo vann pou diven,
pou yo ta ka bwè.”
4 “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon,
ak tout rejyon a Philistine yo?
Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen?
Men si Mwen pa jwenn rekonpans
byen vit e san delè,
Mwen va fè rekonpans nou an
retounen sou tèt nou.
5 Akoz nou te pran ajan Mwen
ak lò Mwen, e te mennen bagay
presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
6 epi nou te vann fis a Juda ak Jérusalem yo
bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen tèritwa yo,
7 gade byen, Mwen va fè yo leve soti
nan plas kote nou te vann yo a,
pou retounen rekonpans nou an
sou pwòp tèt nou.
8 Anplis, Mwen va vann fis nou yo
ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo.
Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo,
yon nasyon byen lwen,”
paske SENYÈ a fin pale.
9 Pwoklame sa pami nasyon yo:
“Prepare nou pou fè lagè!
Anime mesye pwisan yo!
Kite tout sòlda yo vin pi pre.
Kite yo monte kote nou.
10 Bat lam cha pou yo fè epe,
ak kwòk rebondaj pou fè lans.
Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’
11 Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo.
Rasanble nou ansanm.”
Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
12 “Kite nasyon yo leve pwòp tèt yo
pou vin monte nan vale Josaphat a;
paske se la Mwen va chita pou jije
tout nasyon ki ozalantou yo.
13 Fè antre boutdigo rekòlt la,
paske rekòlt la vin mi.
Vin mache foule anba pye,
paske pèz diven an vin plen.
Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
14 Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an!
Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
15 Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,
e zetwal yo va pèdi briyans yo.
16 Senyè a va gwonde soti nan Sion,
e va sone vwa Li soti Jérusalem.
Syèl yo ak tè a va tranble,
men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a,
ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
17 Konsa, nou va konnen
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
k ap viv nan Sion, mòn sen Mwen an.
Nan lè sa a Jérusalem va sen,
e etranje yo p ap pase ladann ankò.
18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.
Nan kolin yo, se lèt ki va koule;
tout ravin nan Juda va gen dlo,
epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a
pou awoze vale a Sittim nan.
19 Égypte va vin yon dezè,
Edom va vin yon savann dezole,
akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,
akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan
e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.
21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,
paske SENYÈ a rete nan Sion.”