Lanmò Amatsia

810 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 25:27–28

27 Depi lè ke Amatsia te vire kite SENYÈ a, yo te fè konplo kont li Jérusalem, e li te sove ale Lakis, men yo te voye dèyè li Lakis e te touye li la. 28 Konsa, yo te mennen li sou cheval e te antere li avèk zansèt li yo lavil Juda.

II Kwonik Yo 25:25–26

25 Epi Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la. 26 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade, èske yo pa ekri nan Liv A Wa Juda Avèk Israël yo?

II Kwonik Yo 25:1–4

1 Amatsia te gen laj a venn-senkan lè l te devni wa, e li te renye vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Joaddan de Jérusalem. 2 Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l. 3 Alò, li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a. 4 Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”

II Kwonik Yo 25:17–24

17 Alò, Amatsia, wa Juda a te pran konsèy moun pa l. Li te voye kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa Israël la. Li te di l: “Vini, annou parèt fasafas.”

18 Joas, wa Israël la te voye kote Amatsia, wa Juda a. Li te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote bwa sèd ki te Liban an, e te di: ‘Bay fi ou a fis mwen nan maryaj.’ Men yon bèt sovaj nan Liban te pase akote e te foule bwa pikan an. 19 Ou di nan tèt ou: ‘Gade byen, mwen te bat Édom.’ Konsa kè ou vin plen ak ògèy e anfle. Alò, rete lakay ou! Poukisa ou ta pwovoke twoub pou tèt ou, jiskaske ou menm, ou ta tonbe e Juda avèk ou?”

20 Men Amatsia pa t ap koute, paske sa te soti nan Bondye, ki ta livre yo nan men lèdmi yo, akoz yo te chache dye Édom yo. 21 Konsa Joas, wa Israël la te monte, e li menm avèk Amatsia, wa Juda a te fè fasafas nan Beth-Schémesch, ki te pou Juda a. 22 Juda te bat pa Israël, e yo chak te kouri nan pwòp tant yo.

23 Alò Joas, wa Israël la te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Joachaz la, nan Beth-Schémesch. Li te mennen li Jérusalem, e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Éphraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, kat-san koude nan longè. 24 Li te pran tout lò avèk ajan ak tout zouti ki te twouve lakay Bondye a avèk Obed-Édom ak trezò lakay wa a, ansanm avèk prizonye yo, e te retounen Samarie.

II Wa Yo 14:19–20

19 Yo te fè konplo kont li Jérusalem e li te sove ale rive Lakis. Men yo te voye dèyè li Lakis pou te touye li la. 20 Epi yo te mennen kò li sou cheval yo, e li te antere Jérusalem avèk zansèt li yo nan vil David la.

II Wa Yo 14:17–18

17 Amatsia, fis a Joas la, Wa Juda a, te viv kenzan apre lanmò Joas, fis a Joachaz la, wa Israël la. 18 Alò, tout lòt zèv a Amatsia yo, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa A Juda yo?

Wayòm Israël la

Rèy Joas la kontinye

II Wa Yo 13:22–25

22 Alò Hazaël, wa Syrie a, te oprime Israël pandan tout jou a Joachaz yo. 23 Men SENYÈ a te fè yo gras, Li te gen mizerikòd pou yo, Li te vire kote yo akoz akò ke li te gen avèk Abraham, Isaac, avèk Jacob la e Li pa t detwi yo ni jete yo deyò prezans li jis rive nan moman sa a.

24 Lè Hazaël, wa Syrie a te mouri, Ben-Hadad, fis li a, te devni wa nan plas li. 25 Epi Joas, fis a Joachaz la, te reprann vil yo soti nan men a Ben-Hadad, fis Hazaël la, vil ke papa li te pran nan lagè soti nan men a Joachaz yo, papa li a. Twa fwa Joas te bat li e te reprann vil yo ki te pou Israël yo.

II Wa Yo 13:11–13

11 Li te fè mal nan zye SENYÈ a; li pa t vire kite tout peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo; men li te mache ladan yo. 12 Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa ke li te fè ak pouvwa li, avèk sila li te goumen kont Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël Yo? 13 Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo e Jéroboam te chita sou twòn li an. Epi Joas te antere Samarie avèk wa Israël yo.

II Wa Yo 14:15–16

15 Alò, tout lòt zèv ke Joas te fè yo, avèk pwisans li, ak jan li te goumen avèk Amatsia, wa Juda a, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël yo? 16 Konsa, Joas te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Samarie avèk wa Israël yo. Jéroboam, fis li a, te devni wa nan plas li.

Rèy Jéroboam II

II Wa Yo 14:23–24

23 Nan kenzyèm ane règn Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la te devni wa Samarie, e li te renye pandan karanteyen ane. 24 Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Li pa t kite tout peche Jéroboam yo, fis a Nebath la, ki te fè Israël peche yo.