Pati 9: Rèy Amatsia
Wayòm Juda a
Amatsia pini moun ki te touye papa l yo
838 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Nan dezyèm ane Joas la, fis a Joachaz la, wa Israël la, Amatsia, fis a Joas la, wa Juda a, te devni wa. 2 Li te gen laj a venn-senkan lè li te devni wa, e li te renye vent-nèf ane Jérusalem. Manman li te rele Joaddan, yon moun Jérusalem. 3 Amatsia te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, men pa tankou David, zansèt li a. Li te fè menm selon tout sa ke Joas, papa li te konn fè yo. 4 Se sèl wo plas yo ki pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e brile lansan nan wo plas yo. 5 Alò, li te vin rive ke depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye wa a, papa li. 6 Men fis a sila ki te mouri yo, li pa t mete yo a lanmò, an akò avèk sa ki ekri nan liv Lalwa Moïse la, jan SENYÈ a te kòmande a lè l te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”
Lagè Amatsia kont Édom 827 anvan Christ
5 Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj. 6 Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan. 7 Men yon nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo. 8 Men si ou ale, aji avèk fòs pou batay la. Bondye va rale ou desann devan lènmi yo, paske Bondye gen pouvwa pou ede e pou desann.”
9 Amatsia te di a nonm Bondye a: “Men kisa n ap fè pou afè san talan ke m te bay a sòlda Israël yo?”
Nonm Bondye a te di: “Senyè a gen bokou plis pou bay pase sa.”
10 Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.
11 Alò, Amatsia te ranfòse tèt li; li te mennen pèp li a sòti pou ale nan Vale Sèl la, e te frape di-mil nan fis a Séir yo.
7 Li te touye di-mil moun Édom nan Vale Sèl la, epi te pran Séla nan lagè. Li te rele li Yoqthéel, e se sa li ye jis rive jodi a.
12 Fis a Juda yo, anplis, te kaptire di-mil tou vivan. Yo te mennen yo anwo pwent falèz la, e te jete yo anba soti anwo falèz la, jiskaske yo tout te kraze chire an mòso. 13 Men sòlda ke Amatsia te voye retounen pou yo pa ale nan batay la avèk li yo, te atake vil a Juda yo, soti Samarie jis rive Beth-Horon. Yo te frape twa-mil nan yo, e te piyaje anpil byen yo.
14 Alò, lè Amatsia te sòti nan masak Edomit yo, li te pote dye a fis a Séir yo. Li te pozisyone yo tankou dye pa li, pou l bese ba devan yo e te brile lansan a yo menm. 15 Lakòlè Bondye te brile kont Amatsia, e Li te voye pwofèt Li ki te di l: “Poukisa ou te swiv dye a pèp sa a, ki pa t kab delivre pwòp pèp pa yo nan men ou?”
16 Pandan li t ap pale avèk li, wa a te di li: “Èske nou te chwazi ou menm kòm konseye wayal? Rete! Poukisa w ap chache mouri?”
Epi pwofèt la te rete. Li te di: “Mwen konnen ke Bondye deja fè plan pou detwi ou, paske ou te fè bagay sa a e pa t koute konsèy mwen.”
Lagè Amatsia kont Israël 826 anvan Christ
8 Epi Amatsia te voye mesaje yo kote Joas, fis a Joachaz la, fis a Jéhu a, wa a Israël la. Li te di: “Vini, annou parèt fasafas.”
9 Joas, wa Israël la, te voye kote Amatsia, wa Juda a, e te di: “Bwa pikan ki te Liban an te voye kote sèd ki te Liban an, e li te di: ‘Bay fi ou an maryaj a fis mwen an.’ Men te pase pa la yon bèt sovaj ki te Liban, e li te kraze bwa pikan an anba pye l. 10 Anverite, ou te bat Édom e kè ou vin plen ògèy. Rete lakay ou pou fè kè kontan. Pou ki rezon ou ta pwovoke twoub la jiskaske ou menm, ou ta tonbe, e Juda ansanm avèk ou?”
11 Men Amatsia te refize koute. Pou sa, wa Israël la te monte. Li menm avèk wa Juda a te parèt fasafas nan Beth-Schémesch ki pou Juda a. 12 Juda te bat pa Israël e yo te sove ale, yo chak nan pwòp tant pa yo. 13 Epi Joas, wa Israël la, te kaptire Amatsia, wa Juda a, fis a Joas la, fis a Achazia a, nan Beth-Schémesch, li te rive Jérusalem e li te chire miray Jérusalem nan soti nan Pòtay Ephraïm nan jis rive nan Pòtay Kwen an, distans a kat-san koude. 14 Li te pran tout lò avèk tout ajan ak tout zouti ki te twouve lakay SENYÈ a, nan trezò lakay wa a, ansanm ak kaptif yo e li te retounen Samarie.