Wayòm Israël la
Lanmò Jéhu
838 anvan Christ
Bib Sen An (BSA)
30 SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”
31 Men Jéhu pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
32 Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan tèritwa Israël la, 33 soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan. 34 Alò, tout lòt zèv a Jéhu yo ak tout sa li te fè avèk tout pwisans li, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 35 Konsa, Jéhu te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Joachaz, fis li a, te devni wa nan plas li. 36 Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.
Rèy Joachaz, wa Israël 849 anvan Christ
1 Nan venn-twazyèm ane a Joas la, fis a Achazia a, wa Juda a, te devni wa sou Israël nan Samarie, e li te renye pandan di-setan. 2 Li te fè mal nan zye a SENYÈ a e li te swiv peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche yo. Li pa t vire kite yo menm. 3 Akoz sa, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël, e Li te livre yo nan men a Hazaël, wa Syrie a ak nan men a Ben-Hadad, fis a Hazaël la. 4 Alò, Joachaz te sipliye SENYÈ a pou fè li favè, e SENYÈ a te koute li; paske Li te wè opresyon Israël la, jan Syrie t ap oprime yo. 5 SENYÈ a te bay Israël yon liberatè. Konsa, yo te chape anba men Siryen yo. Konsa, fis Israël yo te viv nan tant yo, kòm oparavan. 6 Sepandan, yo pa t vire kite peche lakay Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo, men li te mache nan yo; epi zidòl Astarté a te toujou kanpe Samarie. 7 Pou sa, Li te kite pou Joachaz yon lame ki pa t plis ke senkant chevalye avèk dis cha e di-mil sòlda apye; paske wa Syrie a te detwi yo e te fè yo vin tankou pousyè vannen. 8 Alò tout lòt zèv a Joachaz yo, avèk tout sa li te fè ak pouvwa li, èske yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Israël Yo? 9 Epi Joachaz te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Epi Joas, fis li a, te renye nan plas li.
Joas ap gouvènen, epi Élisée mouri
10 Nan trann-setyèm ane a Joas, wa Juda a, Joas, fis a Joachaz la te devni wa sou Israël Samarie e te renye pandan sèzan.
14 Lè Élisée te vin malad avèk maladi ki te pran lavi li a, Joas, wa Israël la, te desann kote li, e te kriye sou li e te di: “Papa mwen, O Papa mwen, men cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
15 Élisée te di li: “Pran yon banza avèk flèch.” Konsa, li te pran yon Banza avèk flèch. 16 Alò, li te di a wa Israël la: “Mete men ou sou banza a.” Epi li te mete men l sou li e Élisée te mete men l sou men wa a. 17 Li te di: “Ouvri fenèt la vè lès!” Epi li te ouvri li. Alò, Élisée te di: “Tire!” Epi li te tire. Epi li te di: “Flèch viktwa SENYÈ a, menm flèch viktwa sou Syrie a; paske ou va bat Siryen yo nan Aphek jiskaske ou fin detwi yo.”
18 Epi li te di: “Pran flèch yo!” Epi li te pran yo. Li te di a wa Israël la: “Frape tè a!” Epi li te frape li twa fwa e te sispann. 19 Pou sa, nonm Bondye a te fache avèk li e te di: “Ou te dwe frape l senk oswa sis fwa; epi konsa, ou t ap frape Syrie jiskaske ou fin detwi li. Men koulye a, se sèlman twa fwa ke ou va frape Syrie.”
20 Élisée te mouri e yo te antere li.
Alò, bann Moabit yo te fè envazyon tèritwa a nan sezon prentan ane sila a. 21 Pandan yo t ap antere yon mesye, men vwala, yo te wè yon bann piyajè; epi yo te jete mesye a nan tonm Élisée a. Epi lè mesye a te touche zo Élisée yo, li te resisite e te kanpe sou pye l.