Joas vire do bay Bondye epi li mouri

840 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 12:17–18

17 Alò, Hazaël, wa Syrie a, te monte goumen kont Gath e te kaptire li. Konsa, Hazaël te mete figi li vè Jérusalem. 18 Joas, wa Juda a, te pran tout bagay sen ke Josaphat, Joram, ak Achazia, zansèt li yo te konsakre yo ak afè sen pa li yo ak tout lò ki te twouve pami trezò lakay SENYÈ a e li te voye yo bay wa Hazaël, wa Syrie a. Epi Hazaël te kite Jérusalem.

II Kwonik Yo 24:15–26

15 Alò, lè Jehojada te rive a yon gwo laj byen mi, li te vin mouri. Li te gen san-trantan lè l te mouri. 16 Yo te antere li lavil David pami wa yo akoz li te fè byen an Israël ni pou Bondye, ni pou lakay Li a.

17 Men apre lanmò Jehojada, ofisye Juda yo te vini bese ba devan wa a, e wa a te koute yo. 18 Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a. 19 Malgre sa, Li te voye pwofèt yo kote yo pou mennen yo retounen a SENYÈ a. Sepandan, yo te fè temwayaj kont yo, e te refize koute yo.

20 Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ a, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”

21 Pou sa, yo te fè konplo kont li. Sou kòmand a wa a, yo te lapide li jiska lanmò nan lakou lakay SENYÈ a. 22 Konsa, Joas pa t sonje bonte ke papa li, Jehojada te montre li a, men li te touye fis li. Epi pandan li t ap mouri, li te di: “Ke SENYÈ a wè e fè revandikasyon!”

23 Alò, li te vin rive nan fen ane ke lame Siryen yo te monte kont li. Yo te vini Juda avèk Jérusalem, e te detwi tout ofisye a pèp la ki te pami pèp la, epi yo te voye tout piyaj la kote wa a Damas la. 24 Anverite, lame Siryen an te vini avèk yon ti kantite moun, men SENYÈ a te livre yon trè gwo lame nan men yo, paske yo te abandone SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a. Se konsa yo te egzekite jijman sou Joas.

25 Lè yo te kite Joas, (akoz yo te kite li byen blese), pwòp sèvitè li yo te fè konplo kont li akoz san fis Jehojada a, prèt la, e yo te asasine li sou kabann li an. Konsa, li te mouri e yo te antere li lavil David la, men yo pa t antere li nan tonm a wa yo. 26 Alò, sa yo se sila ki te fè konplo kont li yo: Zabad, fis a Schimeath la, Amonit lan, ak Jozabad, fis a Schimrith la, Moabit la.

II Wa Yo 12:20–21

20 Sèvitè li yo te leve fè yon konplo e te frape Joas lakay Millo a pandan li t ap desann kite Silla. 21 Paske Jozabad, fis a Shomer la, avèk Yehozabad, fis a Schimeath la, sèvitè li yo, te frape li e li te mouri. Yo te antere li avèk zansèt li yo nan vil David la e Amatsia, fis li a, te devni wa nan plas li.

II Kwonik Yo 24:27

27 Konsènan fis li yo, tout pawòl madichon kont li yo ak rekonstriksyon lakay Bondye a, gade byen, yo ekri nan istwa Liv A Wa Yo. Epi Amatsia, fis li a, te vin wa nan plas li.

II Wa Yo 12:19

19 Alò, tout lòt zèv a Joas yo avèk tout sa li te fè, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda yo?

II Kwonik Yo 24:1–2

1 Joas te gen laj setan lè l te devni wa, e li te renye pandan karantan Jérusalem, Non manman li te Tsibja soti nan Beer-Schéba. 2 Joas te fè sa ki te bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou a Jehojada yo, prèt la.

II Wa Yo 11:17–20

17 Epi Jehojada te fè yon akò antre SENYÈ a, wa a ak pèp la, pou yo ta devni pèp SENYÈ a, e osi antre pèp la avèk wa a. 18 Tout pèp peyi a te ale kote kay Baal la, yo te chire li. Lotèl li ak imaj li yo, yo te kraze an mòso nèt, e yo te touye Matthan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Prèt la te chwazi ofisye yo sou kay SENYÈ a. 19 Li te pran kapitèn a santèn yo avèk Karyen yo, avèk gad yo ak tout pèp peyi a. Konsa, yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a e yo te vini pa chemen pòtay gad yo rive lakay wa a. Epi li te chita sou twòn a wa yo. 20 Konsa, tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò pa nepe a lakay wa a.