Pati 8: Rèy Joas

Wayòm Juda a

Kòmansman rèy Joas la

878 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Wa Yo 11:21–12:3

21 Joas te genyen laj sèt ane lè l te vin wa a.

12:1 Nan setyèm ane Jéhu, Joas te vin wa a, e li te renye karantan Jérusalem. Non manman li te Tsibja nan Beer-Schéba. 2 Joas te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a pandan tout jou li yo depi Jehojada, prèt la, te enstwi li. 3 Sèlman, wo plas yo pa t retire. Pèp la te toujou fè sakrifis e te brile lansan sou wo plas yo.

II Kwonik Yo 23:16–21

16 Epi Jehojada te fè yon akò antre li menm avèk tout pèp la, e avèk wa a, pou yo ta pèp a SENYÈ a. 17 Konsa, tout pèp la te ale kote kay Baal la. Yo te chire, kraze an mòso lotèl li yo, avèk imaj li yo, e yo te touye Matthan, prèt Baal la devan lotèl yo. 18 Anplis, Jehojada te mete ofisye lakay SENYÈ yo anba otorite prèt Levit yo, ke David te apwente sou lakay SENYÈ a, pou ofri ofrann brile a SENYÈ, jan sa ekri nan lalwa Moïse la—-avèk anpil rejwisans ak chante selon lòd a David la. 19 Li te estasyone gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp. 20 Li te pran chèf a dè santèn yo, moun enpòtan yo, moun ki te gouvène pèp la, tout pèp peyi a, e yo te mennen wa a desann soti lakay SENYÈ a pou te antre pa wo pòtay la pou antre lakay wa a. Konsa, yo te mete wa a sou twòn wayal la. 21  Tout pèp peyi a te rejwi e vil la te vin kalm. Paske yo te mete Athalie a lanmò avèk nepe.

II Kwonik Yo 24:3

3 Jehojada te pran de madanm pou li, e li te vin papa a fis ak fi.

Yo repare tanp lan 856 anvan Christ

II Kwonik Yo 24:4–5

4 Li te vin rive apre sa ke Joas te pran desizyon pou restore lakay SENYÈ a. 5 Li te rasanble prèt yo avèk Levit yo, e li te di yo: “Ale antre nan tout vil Juda yo e rekeyi lajan pami tout Israël pou repare lakay SENYÈ nou an chak ane. Epi fè sa byen vit.” Men Levit yo pa t aji avèk vitès.

II Wa Yo 12:4–6

4 Alò, Joas te di a prèt yo: “Tout lajan de afè konsakre yo, ki pote antre nan kay SENYÈ a, nan lajan aktyèl la, lajan ranmase kòm devwa a chak mesye ak tout sa ke kè a yon moun ta pouse li pote lakay SENYÈ a; 5 kite prèt yo pran li pou yo menm, yo chak nan men a moun yo konnen. Epi yo va sèvi li pou repare donmaj nan kay la, nenpòt kote yon donmaj ta twouve.”

6 Men li vin rive ke nan venn-twazan pouvwa a Wa Joas la, prèt yo pa t ankò repare donmaj kay la.

II Kwonik Yo 24:6

6 Akoz sa, wa a te rele Jehojada, chèf prèt la. Li te mande li: “Poukisa nou pa t egzije Levit yo pou pote soti Juda avèk Jérusalem taks etabli pa Moïse la, sèvitè SENYÈ a sou asanble Israël la pou tant temwayaj la?”

II Wa Yo 12:7–14

7 Alò, Joas te rele Jehojada, prèt la ak lòt prèt yo, e li te pale yo konsa: “Poukisa ou pa repare donmaj kay la? Alò, pou koz sa a, pa pran kòb ankò nan men moun pa w yo, men pito livre li pou repare donmaj kay la.”

8 Pou sa, prèt yo te dakò pou yo pa t pran lajan nan men pèp la, ni fè reparasyon kay la. 9 Men Jehojada, prèt la te pran yon kès sere e te pèse yon twou nan tèt bwat la e te mete li akote lotèl la sou kote dwat kote moun antre nan kay SENYÈ a. Epi prèt ki te veye kote papòt la, te mete ladann tout lajan ki te mennen nan kay SENYÈ a. 10 Lè yo te wè ke anpil lajan te nan kès la, grefye a wa a avèk wo prèt la te vin monte, te mare li nan sak yo e te konte lajan ki te twouve nan kay SENYÈ a. 11 Yo te bay lajan ki te peze a, mete nan men a sila ki t ap fè travay yo, ki te responsab nan kay SENYÈ a. Konsa, yo menm te vèse bay li kòm pèyman a chapant avèk ouvriye ki t ap fè zèv travay la nan kay SENYÈ a. 12 Anplis yo te bay a mason yo avèk sila ki t ap taye wòch yo, pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou repare donmaj kay SENYÈ a ak tout sa ki te dispoze pou reparasyon li an. 13 Men yo pa t fè pou lakay SENYÈ a, anyen an ajan, tas yo, etennwa yo, bòl yo, twonpèt yo, ni veso an lò yo, ni veso an ajan yo avèk lajan ki te mennen antre lakay SENYÈ a; 14 paske yo te bay lajan sa a a sila ki te fè travay yo, e avèk li yo te repare lakay SENYÈ a.

II Kwonik Yo 24:12–14

12 Wa a avèk Jehojada te bay li a sila ki te fè travay nan sèvis lakay SENYÈ a. Yo te anplwaye mason avèk chapant pou restore lakay SENYÈ a, ak ouvriye, fè, avèk bwonz pou repare lakay SENYÈ a. 13 Konsa, ouvriye yo te travay, epi èv reparasyon an te avanse nan men yo. Yo te restore lakay Bondye a selon plan li, e yo te ranfòse li. 14 Lè yo te fini, yo te mennen rès lajan an devan wa a avèk Jehojada. Li te fonn pou fè zouti pou lakay SENYÈ a, zouti pou sèvis la ak ofrann brile a, avèk po ak zouti an lò avèk ajan. Epi yo te ofri ofrann brile yo lakay SENYÈ a san rete pandan tout jou a Jehojada yo.

II Wa Yo 12:15–16

15 Anplis, yo pa t egzije yon kontwòl kontab nan men mesye ke yo te mete lajan pou peye sila ki te fè travay yo, paske yo te fidèl. 16 Lajan ofrann koupab la avèk lajan ofrann peche a pa t antre lakay SENYÈ a. Li te pou prèt yo.