Pati 7: Rèy Athalie

Wayòm Juda a

884 anvan Christ

Bib Sen An (BSA)

II Kwonik Yo 22:10–12

10 Alò lè Athalie, manman Achazia a, te wè ke fis li a te mouri, li te leve e te detwi tout pitit wa lakay Juda yo. 11 Men Joschabeath, fi a wa a te pran fis a Achazia a e te rache li soti nan mitan fis a wa a ke yo t ap touye yo, e li te plase li avèk nouris li nan chanm dòmi an. Konsa, Joschabeath, fi a Wa Joram nan, madanm a Jehojada, prèt la (paske li te sè Achazia), te kache li pou Athalie pa t kab mete l a lanmò. 12 Li te kache yo lakay SENYÈ a pandan sizan pandan Athalie t ap renye sou peyi a.

II Kwonik Yo 24:7–11

7 Paske fis a Athalie yo, ki te tèlman mechan, te antre kase lakay Bondye a. Anplis yo te sèvi ak bagay sen nan kay yo pou sèvi Baal.

8 Konsa, wa a te pase lòd e yo te fè yon bwat kès pou te mete li deyò akote pòtay lakay SENYÈ a. 9 Yo te fè yon pwoklamasyon nan Juda avèk Jérusalem pou pote bay SENYÈ a, taks Moïse la, sèvitè Bondye a, ki te etabli nan dezè a pou Israël la. 10 Tout ofisye yo avèk tout pèp la te rejwi. Yo te pote taks pa yo e yo te depoze yo nan kès la jiskaske yo te ranpli l. 11 Li te vin rive ke nenpòt lè Levit yo te pote kès la anndan kote ofisye wa a yo, e lè yo te wè ke te gen anpil lajan, ke grefye a wa a avèk ofisye a chèf prèt la te vin vide kès la, pran l e remete li nan plas li. Konsa, yo te fè chak jou, e yo te rekeyi anpil lajan.

II Kwonik Yo 23:1–15

1 Alò, nan setyèm ane, Jehojada te ranfòse tèt li, e te pran chèf a dè santèn yo: Azaria, fis a Obed la, Maaséja, fis a Adaja a ak Élischaphath, fis a Zicri a. Yo te antre nan yon akò avèk li. 2 Yo te ale toupatou nan Juda pou te rasanble Levit soti nan tout vil Juda yo ak chèf lakay zansèt Israël yo, e yo te vini Jérusalem. 3 Konsa, tout asanble a te fè yon akò avèk wa a nan kay Bondye a. Epi Jehojada te di yo: “Gade byen, fis a wa a oblije renye, jan SENYÈ a te pale pa fis a David yo. 4 Sa se bagay ke nou oblije fè: yon tyè nan nou, nan prèt avèk Levit ki antre nan Saba yo, va sèvi kòm gadyen pòtay; 5 yon tyè va kote lakay wa a, e yon tyè kote Pòtay Fondasyon an. Tout pèp la va nan lakou lakay SENYÈ a. 6 Men pa kite pèsòn antre lakay SENYÈ a, sof ke prèt avèk Levit k ap fè sèvis yo. Yo kab antre, paske yo sen, men tout pèp la va kenbe règleman a SENYÈ a. 7 Levit yo va antoure wa a, chak mesye avèk zam yo nan men yo. Nenpòt moun ki antre nan kay la, fòk li mouri. Rete avèk wa a lè l antre ak lè l sòti.”

8 Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan divizyon sòlda yo. 9 Jehojada, prèt la, te bay a chèf dè santèn yo lans avèk gwo boukliye defans, ki te konn pou Wa David, ki te lakay Bondye a. 10 Li te estasyone tout pèp la, chak mesye yo avèk zam yo nan men yo, sòti nan kote dwat kay la jis rive nan kote goch kay la, toupre lotèl la, toupre kay la, antoure wa a nèt. 11 Epi yo te mennen fè parèt fis a wa a, yo te mete kouwòn nan sou li. Konsa, yo te ba li temwayaj pou te fè l wa. Jehojada avèk fis li yo te onksyone li, e yo te di ansanm: “Viv wa a!”

12 Lè Athalie te tande bwi a pèp la ki t ap kouri ak bay lwanj a wa a, li te antre lakay SENYÈ a kote pèp la. 13 Li te gade e vwala, wa a te kanpe akote pilye li nan antre a, e chèf yo avèk mesye twonpèt yo te akote wa a. Epi tout pèp peyi a te rejwi. Yo te soufle twonpèt yo e chantè avèk enstriman yo pou dirije lwanj lan. Athalie te chire rad li, e te di: “Trayizon! Trayizon!”

14 Jehojada, prèt la te mennen fè sòti chèf a dè santèn ki te chwazi sou lame yo. Li te di yo: “Mennen li deyò antre ranje yo, epi nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mouri lakay SENYÈ a.” 15 Konsa, yo te sezi li e lè li te rive kote antre Pòtay Cheval la, lakay wa a, yo te mete li a lanmò la.

II Wa Yo 11:1–16

1 Lè Athalie, manman Achazia te wè ke fis li a te mouri, li te leve detwi tout pitit a fanmi wayal yo. 2 Men Yehoshéba, fi a Wa Joram nan, sè Achazia a, te pran Joas, fis a Achazia a e li te rachte li pami fis a wa ki t ap mete a lanmò yo, e li te plase li avèk fanm nouris pa li nan chanm dòmi an. Konsa, yo te kache li soti Athalie pou li pa t mete a lanmò. 3 Konsa, li te kache avèk li pandan sizan lakay SENYÈ a, pandan Athalie t ap renye sou peyi a.

4 Alò, nan setyèm ane a, Joïada te voye mennen kapitèn a santèn yo, a Karyen yo ak nan gad yo. Li te mennen yo kote li lakay SENYÈ a, e li te montre yo fis a wa a. 5 Li te kòmande yo e te di: “Men bagay ke ou oblije fè: yon tyè nan nou, ki vin antre nan Saba a, veye sou lakay wa a; 6 yon tyè tou, nan Pòtay ki rele Sur a, ak yon tyè nan pòtay dèyè gad yo, ki va veye sou kay la kòm defans. 7 De pati ladann nan, tout moun ki sòti nan Saba a, va osi veye sou lakay SENYÈ a pou wa a. 8 Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”

9 Konsa, kapitèn a santèn yo te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la. 10 Prèt la te bay kapitèn a santèn yo lans avèk boukliye, sòti lakay SENYÈ a ki te konn pou Wa David la. 11 Gad yo te kanpe chak avèk zam pa yo nan men yo, soti sou kote dwat kay la, jis rive sou kote goch kay la, akote lotèl la e akote kay la, yo te antoure wa a. 12 Epi li te mennen fè parèt deyò fis a wa a e te mete kouwòn nan sou tèt li, avèk temwen an; epi yo te fè li wa e te onksyone li. Yo te bat men yo e te di: “Viv wa a!”

13 Lè Athalie te tande bwi a gad la ak pèp la, li te vin kote moun yo lakay SENYÈ a. 14 Li te gade, e men vwala, wa a te kanpe akote pilye a, selon koutim nan, avèk kapitèn yo ak twonpèt yo akote wa a. Epi tout moun peyi a t ap rejwi e sone twonpèt yo. Athalie te chire rad li e te kriye: “Trayizon, Trayizon!”

15 Jehojada, prèt la, te kòmande kapitèn a santèn ki te chwazi sou lame a. Li te di yo: “Mennen li deyò antre nan ran sòlda yo e nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mete a lanmò nan kay SENYÈ a.” 16 Pou sa, yo te sezi li, lè li te rive kote antre cheval lakay wa yo, li te mete a lanmò la.

Wayòm Israël la

II Wa Yo 10:29

29 Men peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan.