De parabòl sou lapriyè

De parabòl sou lapriyè: vèv ki pèsevere a, epi Farizyen an ak pèseptè taks la.

29 rive 30 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Luc 18:1–14

18:1 Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje. 2 Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa trespekte moun.

3 “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’

4 “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, nirespekte moun, 5 menakoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”

6 Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?

8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”

9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

Jésus anseye sou divòs

Pandan Jésus ap soti Galilée pou l pase nan Pere, li anseye sou divòs.

Pere

Matthieu 19:1–12

19:1 Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. 2 Gran foul yo te swiv Li, e Li te geri yo la.

3 Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”

4 Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl,

5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè?

6 Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

7 Yo te mande L: “Ebyen, poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

8 Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye.

9 Mwen di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

10 Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”

11 Men Li te di yo: “Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. 12 Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”

Marc 10:1–12

10:1 Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.

2 Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.

3 Konsa, Li te reponn li e te di: “Kisa Moïse te kòmande nou?”

4 Yo te di: “Moïse te bay dwa pou yon mesye ekri yon sètifika pou l divòse ak li, epi voye l ale.”

5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a.

6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl.

7 Pou rezon sa a, yon gason va kite papa li ak manman li,

8 epi yo de a ap vin fè yon sèl chè. An konsekans, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. 9 Pou rezon sa a, sa ke Bondye gen tan lye ansanm, pa kite okenn moun separe l.”

10 Anndan kay la, disip yo te kesyone Li ankò.

11 E Li te di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li pou marye avèk yon lòt fanm, fè adiltè kont li. 12 E si fanm nan divòse ak mari li e marye avèk yon lòt, li menm tou fè adiltè.”

Kris ak timoun yo

Kris ak timoun yo, epi jan disip yo pa rive konprann atitid Jésus.

Pere

Matthieu 19:13–15

19:13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

14 Konsa, Jésus te di: “Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”.

15 Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la.

Marc 10:13–16

10:13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.

14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.

15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”

16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.

Luc 18:15–17

18:15 Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.

16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.

17 “Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”