Efè leve Lazare soti nan lanmò a

Efè leve Lazare soti nan lanmò a genyen sou pèp la, sou gran konsèy la ak sou deplasman Jésus yo.

Jérusalem ak Éphraïm nan Judée

29 rive 30 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 11:45–54

11:45 Pou sa, anpil nan sa ki te vin kote Marie yo, e ki te wè sa Li te fè a, te kwè nan Li.

46 Men kèk nan yo te ale nan Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.

47 Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.” 48 “Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”

49 Men youn nan yo, Caïphe, ki te granprèt pou lane sila a, te di yo: “Nou pa konnen anyen, 50 ni nou pa kontwole ke li ta meyè pou nou si yon moun ta mouri pou pèp la, pou tout nasyon an pa peri.” 51 Alò li pa t di sa pou kont li, men akoz ke li te wo prèt nan lane sa a, li t ap fè pwofesi ke Jésus t ap mouri pou nasyon an. 52 E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo. 53 Depi jou sa, yo t ap fè plan pou touye L.

54 Pou sa, Jésus pa t ankò mache an piblik pami Jwif yo, men te kite la pou ale nan peyi toupre dezè a, nan yon vil yo rele Éphraïm. Li te rete la avèk disip Li yo.

Jésus pati pou dènye vwayaj li nan Jérusalem

Jésus kòmanse dènye vwayaj li nan Jérusalem, li pase pa Samarie ak Galilée.

Nan Samarie oswa Galilée

Li geri dis moun ki gen lalèp yo epi li esplike Farizyen yo ak disip yo ki jan wayòm Bondye a ye.

Luc 17:11–37

17:11 Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.

12 Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te kanpe a yon distans te rankontre L. 13 Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, Mèt, fè nou gras!”

14 Lè Li te wè yo, Li te di yo: “Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.

15 Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. 16 Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.

17 Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? 18 Èske pa t gen youn ki te vire tounen poubay glwa a Bondye sof etranje sila a?” 19 Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. Lafwa ou geri ou.”

20 Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè; 21 ni yo p apdi: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.”

22 Ankò Li te di a disip yo: “Jou yo ap vini lè nou va anvi wè youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap wè l. 23 Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo.

24 “Paske menm jan ak loray, lè l fè ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a. 25 Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a.

26 “Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo. 27 “Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.

28 “Se te menm jan ke sa te rive nanjou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.

29 “Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.

30 “Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nanap revele a. 31 Nan jou sa a, sila a kisou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.

32 “Sonje madanm a Lot.

33 “Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.

34 “Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete. 35 Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete. 36 De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”

37 Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?”

E Li te di yo: “Kotekadav la ye, se la votou yo va rasanble.”