Jésus leve Lazare soti nan lanmò

Soti nan Pere rive Béthanie toupre Jérusalem

29 rive 30 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 11:1–44

11:1 Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.

2 Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad. 3 Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”

4 Men lè Jésus te tande sa, Li te di: “Maladi sa a se pa a lanmò, men pou glwa Bondye, pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa de li.” 5 Konsa, Jésus te renmen Marthe ak sè li, ak Lazare. 6 Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a. 7 Apre sa, Li te di a disip Li yo: “Annou ale nan Judée ankò.”

8 Disip Li yo te di Li: “Rabbi, fenk koulye a Jwif yo t ap eseye lapide Ou, epi W ap prale la ankò?”

9 Jésus te reponn yo: “Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen, li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. 10 Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”

11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”

12 Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” 13 Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vre dòmi.

14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri, 15 e pou koz pa nou, Mwen kontan ke M pa t la pou nou kapab kwè. Annou ale kote l.”

16 Pou sa, Thomas, ke yo rele osi Didyme, te di disip parèy li yo: “Annou ale avèk Li pou nou kapab mouri avè L.”

17 Konsa, lè Jésus te vini, Li te twouve ke Li te deja nan tonm nan depi kat jou. 18 Béthanie te prè Jérusalem. Anviwon twa kilomèt distans.

19 Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.

20 Pou sa, lè Marthe te tande ke Jésus t ap vini, li te ale rankontre Li. Men Marie te toujou chita nan kay la.

21 Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri. 22 Menm koulye a, mwen konnen ke nenpòt bagay ke Ou mande Bondye, Bondye ap bay Ou li.”

23 Jésus te di li: “Frè ou ap leve ankò.”

24 Marthe te reponn Li: “Mwen konnen ke li ap leve ankò nan rezirèksyon an nan dènye jou a.”

25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

27 Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”

28 Lè li te di sa, li te ale, e te rele Marie, sè li, e te di l apa: “Mèt la rive, e L ap mande pou ou.” 29 E lè li tande sa, li te leve vit, epi t ap vin kote Li. 30 Jésus poko te rive nan bouk la, men te toujou nan plas kote Marthe te rankontre Li a. 31 Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.

32 Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”

33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble. 34 Li te di: “Kibò nou mete Li?”

Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”

35 Jésus te kriye.

36 E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.” 37 Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”

38 Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.

39 Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”

40 Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”

41 Epi konsa, yo te retire wòch la. Jésus te leve zye Li e te di: “Papa, Mwen remèsye Ou ke Ou tande M. 42 Mwen te konnen ke Ou tande M tout tan, men akoz pèp la ki kanpe antoure M, Mwen te di sa, pou yo kapab kwè ke Ou te voye Mwen.”

43 Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.” 44 E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li.

Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”