Jenn chèf rich la ak danje richès yo
Jenn chèf rich la, danje richès yo ak etònman disip yo. Rekonpans pou moun ki kite tout bagay pou yo swiv Mesi a ap gran, men se selon volonte souveren Bondye y ap bay yo (parabòl travayè nan jaden rezen an).
Nan Pere
29 rive 30 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 19:16–20:16
19:16 Konsa, yon moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”
17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”
18 Li te mande Li: “Kilès nan yo?”
Jésus te reponn li: “Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj.
19 Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”
20 Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”
21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la.
24 Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”
26 Jésus te byen gade yo, e te di: “Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”
27 Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”
28 Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo.
29 “Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.
30 Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”
20:1 “Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li. 2 Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
3 “Vè twazyèm lè, li te soti pou wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a. 4 Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
5 “Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la. 6 “Vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki tap kanpe. Li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
7 “Yo te reponn li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’
“Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
8 “Lè aswè rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
9 “Lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye. 10 Konsa, lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye. 11 Alò, lè yo te resevwa l, yo te plenyen kont mèt tè a. 12 Yo te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a, avèk chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
13 “Men li te reponn a youn nan yo: ‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò. Èske ou pa t vin dakò pou yon denye? 14 Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou. 15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
16 “Konsa dènye a ap vin premye, e premye a ap vin dènye.”
Marc 10:17–31
10:17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”
18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl.
19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”
21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”
22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
23 Jésus te gade toupatou e te di a disip li yo: “Ala sa ap difisil pou sila ki gen anpil richès antre nan wayòm Bondye a!”
24 Disip Li yo te etone de pawòl Li yo. Men Jésus te reponn yo ankò e te di yo: “Zanfan yo, ala sa difisil pou antre nan wayòm Bondye a!
25 L ap pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
26 Yo te menm pi etone. Yo te di l: “Ebyen, kilès ki kab sove?”
27 Tou ap gade yo Jésus te di: “Avèk moun, sa pa posib, men li pa konsa avèk Bondye. Paske tout bagay posib avèk Bondye.”
28 Pierre te kòmanse di L: “Gade, nou gen tan kite tout bagay e te swiv Ou.”
29 Jésus te di: “Anverite Mwen di nou, ‘Nanpwen pèsòn ki kite kay li, oswa frè li, oswa sè li ak pitit li, ni manman ni papa, oswa jaden li pou koz Mwen ak pou koz levanjil la,
30 men ke l ap resevwa san fwa plis koulye a, nan tan sila a, kay, frè, sè ansanm avèk pèsekisyon yo; e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.
31 Men anpil moun ki premye ap vin dènye; e dènye yo va vin premye.
Luc 18:18–30
18:18 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl.
20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
21 Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a!
25 Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
26 Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
27 Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
28 Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la,
30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”