Pou Sardes ak legliz ki gen zèl yo k ap bese

Yon mesaj pou legliz Sardes la, ak pou tout legliz ki kite zèl yo ak fidelite yo bese.

96 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Revelasyon 3:1–6

1 “A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri. 2 Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye. 3 Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.

4 “Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.

5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo. 6 Sila ki gen yon zòrèy, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo.

Pou Philadelphie ak legliz fidèl ki gen zèl yo

Yon mesaj pou legliz ki nan Philadelphie la, ak pou tout legliz ki aji avèk zèl ak fidelite, otan okazyon yo ak fòs yo pèmèt yo.

Revelasyon 3:7–13

7 “A zanj legliz nan Philadelphie a, ekri: Sila ki sen an, ki vre a, ki gen kle David la, k ap louvri pou pèsòn p ap ka fèmen l, e ki fèmen pou pèsòn p ap ka louvri a, di konsa: 8 Mwen konnen zèv nou yo. Gade byen, Mwen mete devan nou yon pòt louvri ke pèsòn pa kab fèmen, paske nou gen yon ti pouvwa, epi nou te kenbe pawòl Mwen, e pa t nye non Mwen. 9 Gade byen, Mwen va koze sila ki nan sinagòg Satan yo, ki di ke yo se Jwif, men ki pa sa a, kap manti—Mwen va fè yo vin bese nan pye nou, e fè yo konnen ke Mwen renmen nou.

10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.

11 “Mwen ap vini vit! Kenbe fèm a sa nou genyen an, jis pou pèsòn pa rache kouwòn nou an.

12 “Sila ki venkè a, Mwen va fè li vin yon pilye nan tanp a Bondye Mwen an. Konsa, li p ap sòti deyò ankò, e Mwen va ekri sou li non a Bondye Mwen an, ak non a gran vil Bondye Mwen an, Jérusalem tounèf la, ki desann soti nan syèl, de Bondye Mwen, avèk non tounèf Mwen an.

13 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.

Pou Laodicée ak legliz rich, ògeye, tyèd yo

Yon mesaj pou legliz ki nan Laodicée la, ak pou tout legliz ki rich, ògeye epi tyèd.

Revelasyon 3:14–22

14 “A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen an, Kòmansman kreyasyon Bondye a, di konsa: 15 Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.

16 “Donk, paske nou tyèd, e nou pa cho ni frèt, Mwen va krache nou sòti nan bouch Mwen. 17 Paske nou di: “Mwen rich! Mwen gen tan ranmase yon fòtin, e mwen pa bezwen anyen”; men nou pa konnen ke nou se malere, mizerab, pòv, avèg, e toutouni.

18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.

19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.

21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.

22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.

Tout kreyasyon an adore Jésus Kris

Vizyon Jean yo kòmanse ak yon imaj tout kreyasyon an k ap mete ansanm pou adore Jésus Kris, Bondye Krisyanis la.

Revelasyon 4

1 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”

2 La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan. 3 Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. 4 Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo. 5 Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo. 6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

Okenn èt imen pa ka louvri woulo ki sele a

Nan vizyon li a, Jean wè yon woulo ki gen sèt so, ki gen istwa legliz Bondye a pou tan k ap vini yo ladan l, e okenn èt imen pa t kapab louvri l.

Revelasyon 5:1–3

1 Mwen te wè nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan, yon liv ki te ekri pa anndan kou pa deyò, sele avèk sèt so.

2 Mwen te wè yon zanj pwisan ki t ap pwoklame nan yon vwa fò: “Kilès ki dign pou louvri liv la, e kase so li yo?”

3 Men pèsòn nan syèl la, sou tè a, oubyen anba tè a pa t kapab ouvri liv la oubyen gade ladann.

Jèn Mouton an louvri woulo a

Pitit Bondye a, yo reprezante kòm yon ti mouton y ap sakrifye, louvri woulo a pou montre legliz la istwa fason Pwovidans lan pral dirije l jouk nan fen tan yo. Tout kreyasyon an renouvle louwanj li ak omaj li pou Jèn Mouton Bondye a yo te sakrifye a.

Revelasyon 5:4–14

4 Alò, mwen te kòmanse kriye anpil, paske pèsòn pa t dign pou louvri liv la oubyen pou gade ladann. 5 Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon an ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”

6 Konsa, mwen te wè antre twòn lan, avèk kat kreyati vivan, ak lansyen yo, yon Jèn Mouton te kanpe, kòmsi li te touye deja, avèk sèt kòn aksèt zye, ki se sèt Lespri a Bondye yo, ki te voye sou tout tè a. 7 Li te vini, Li te pran liv la nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan.

8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

“Dign se Ou menm pou pran liv la,

e kase so li yo.

Paske Ou te touye,

e Ou te achte pou Bondye avèk

san Ou;

lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

a Bondye nou an;

epi nou va renye sou tè a.”

11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.