Jean ekri Apocalypse la

Apot Jean ekri Apocalypse la (pwobableman nan ane 96 apre Kris) pou li ranplase yon seri pwofèt ki t ap kontinye youn apre lòt nan legliz Kretyen an jouk dezyèm vini Kris la pou jije lemonn.

96 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Yo di tout moun etidye Apocalypse la

Tout limanite resevwa lòd pou etidye Apocalypse la.

Revelasyon 1:1–3

1 Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, 2 ki te temwaye pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.

3 Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. Paske tan an pwòch.

Jean salye legliz yo

Jean salye legliz yo epi li afime Sovè yo a se Bondye, li menm ki pral vini pou jije lemonn.

Revelasyon 1:4–8

4 Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; 5 e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.

A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li— 6 epi Li te fè nou vin yon Wayòm, prèt a Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.

7 Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.

8 “Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”

Kris parèt devan Jean sou Patmos

Jean rakonte kijan Kris te parèt devan l sou zile Patmos la, ak misyon li te resevwa kòm pwofèt.

Revelasyon 1:9–20

9 Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.

10 Mwen te nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa tankou son a yon twonpèt, 11 ki t ap di: “Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”

12 Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò. 13 Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14 Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. Zye li te tankou yon flanm dife. 15 Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. 16 Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon nepe file de bò te sòti nan bouch Li. Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.

17 Lè m te wè Li, mwen te tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se premye ak dènye a, 18 e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.

19 “Konsa, ekri bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. 20 Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”

Pou Éphèse ak tout legliz k ap vire do bay lafwa

Yon mesaj pou legliz ki nan Éphèse la, ak pou tout legliz ki kòmanse vire do bay lafwa.

Revelasyon 2:1–7

1 “A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:

2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.

4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an. 5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti. 6 Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.

7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.

Pou Smyrne ak tout legliz yo pèsekite yo

Yon mesaj pou legliz Smyrne la, ak pou tout legliz ki anba pèsekisyon ak afliksyon.

Revelasyon 2:8–11

8 “A zanj legliz Smyrne lan, ekri: Premye ak dènye a, ki te mouri an, e ki te retounen a lavi a, di sa a: 9 Mwen konnen tribilasyon ak povrete nou (men nou rich); epi blasfèm pa sila ki di yo se Jwif men ki pa sa yo, men ki se yon sinagòg pou Satan.

10 “Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.

11 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. Sila ki venkè a, p ap soufri donmaj pa dezyèm lanmò a.

Pou Pergame ak legliz ki kite erè antre yo

Yon mesaj pou legliz Pergame la, ak pou tout legliz ki, paske yo vin mwens sevè nan disiplin yo, kite moun k ap anseye erè antre.

Revelasyon 2:12–17

12 “A zanj legliz nan Pergame nan, ekri: Sila a ki gen nepe file de bò a, di sa a:

13 Mwen konnen kote nou rete, kote twòn a Satan an ye. Nou kenbe fèm nan Non Mwen, e nou pa t nye lafwa nan Mwen an, menm nan jou Antipas yo, temwen Mwen an, fidèl Mwen an, ki te touye pami nou, kote Satan rete a.

14 “Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral. 15 Konsa tou, nou gen kèk moun ki, nan menm jan an, k ap kenbe sou ansèyman Nikolayityen yo.

16 “Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.

17 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, a li menm, Mwen va bay kèk nan lamàn kache a, e Mwen va ba li yon wòch blan avèk yon non tounèf ki ekri sou wòch la ke pèsòn p ap konnen, sinon sila ki resevwa l la.

Pou Thyatire ak legliz ki tolere imoralite yo

Yon mesaj pou legliz ki nan Thyatire la, ak pou tout legliz ki kontinye deklare vrè lafwa a epi ki fè anpil bon zèv nan plizyè fason, men ki toujou kite imoralite ak idolatri kontinye nan mitan yo.

Revelasyon 2:18–29

18 “A zanj a legliz nan Thyatire a, ekri: Fis Bondye a, ki gen zye tankou yon flanm dife a e pye tankou bwonz poli a, di sa a: 19 Mwen konnen zèv nou yo, lanmou nou, lafwa, sèvis, ak pèseverans, e ke zèv nou dènye tan sa yo pi gran pase avan yo.

20 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl. 21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.

22 “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo. 23 Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.

24 “Men Mwen di nou, rès moun ki nan Thyatire yo, ki pa kenbe a doktrin sila a, ki pa t konnen bagay pwofon a Satan yo, jan yo rele yo a, Mwen pa mete lòt fado sou nou. 25 Sepandan kenbe fèm a sa nou genyen an jiskaske M vini.

26 “Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo. 27 Li va gouvène yo avèk yon baton fè, tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan; 28 epi Mwen va ba li zetwal maten an.

29 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite l tande sa Lespri a di a legliz yo”.