Premye so a: Levanjil la ranpòte laviktwa
Premye so a louvri. Vizyon ki vin apre a anonse konkèt jeneral levanjil la sou Jwif yo ak payen yo.
96 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”. 2 Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.
Dezyèm so a: Jwif yo gaye
Dezyèm so a louvri. Li anonse pèsekisyon sovaj yo ak dispèsyon total Jwif yo sou rèy Trajan ak Adrien (102–138).
3 Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!” 4 Alò, yon lòt, yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
Twazyèm so a: Lapè ak abondans
Twazyèm so a louvri. Li anonse lapè ak abondans sou rèy fanmi Septim Sevè a (193–235).
5 Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l. 6 Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
Katriyèm so a: Lagè, grangou ak epidemi
Katriyèm so a louvri. Li anonse lagè mechan, grangou, pèsekisyon ak epidemi ki te gaye sou rèy Maksimen, Dèss ak Valeryen (255–271).
7 Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”. 8 Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.
Senkyèm so a: Dènye pèsekisyon payen yo fè a
Senkyèm so a louvri. Li anonse dènye pèsekisyon payen yo fè kont krisyanis la, ak laperèz Kretyen yo (286–301).
9 Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la nanm a sila yo yo te touye akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10 Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, sen e veritab, èske Ou va fè reta nan jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11 Yo te ba yo chak yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, pou konplete kous pa yo.
Sizyèm so a: Paganis la ranvèse
Sizyèm so a louvri. Li montre boulvèsman Anpi Women an lè paganis la fin ranvèse nèt, ak etablisman triyonfal legliz Kretyen an nan plas li. Pati sa a nan vizyon an montre tou bonè etènèl premye mati yo, ak louwanj yo bay Bondye ak Jèn Mouton an (323).
12 Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13 Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14 Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15 Alò, wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16 Epi yo te di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17 Paske gran jou kòlè a gen tan vini, e kilès ki kapab kanpe?”
7:1 Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.
2 Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. 3 Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.” 4 Konsa, mwen te tande kantite a sila ki te sele yo, san-karant-kat-mil, sele soti nan chak tribi a fis Israël yo.
5 Nan tribi Juda a, douz-mil te sele,
nan tribi Ruben an, douz-mil, nan tribi Gad la, douz-mil,
6 nan tribi Aser a, douz-mil, nan tribi Nephthali a, douz-mil,
nan tribi Manassé a, douz-mil,
7 nan tribi Siméon an, douz-mil, nan tribi Levi a, douz-mil,
nan tribi Issacar a, douz-mil,
8 nan tribi Zabulon an, douz-mil, nan tribi Joseph la, douz-mil,
nan tribi Benjamin an, douz-mil te sele.
9 Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon gwo foul ke pèsòn pa t kapab konte, soti nan tout nasyon, tout tribi, pèp ak langaj, te kanpe devan twòn nan, e devan Jèn Mouton an ki te abiye an vètman blan, e branch palmis te nan men yo. 10 Yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Delivrans sòti nan Bondye nou an ki chita sou twòn nan, ak nan Jèn Mouton an.”
11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”
13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”
14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”
Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an. 15 Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.
“Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16 “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; 17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”
Setyèm so a: Sèt zanj ak twonpèt
Setyèm so a louvri. Sèt zanj ak sèt twonpèt yo parèt nan syèl la. Yo anonse priyè rekonesans Kretyen ki kounye a nan repo yo, ak fason Bondye aksepte priyè yo, ansanm ak devastasyon babà yo pral fè nan anpi a.
1 Lè Jèn Mouton an te ouvri setyèm so a, te gen silans nan syèl la pandan anviwon demi èdtan.
2 Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.
3 Yon lòt zanj te vin kanpe devan lotèl la. Li te kenbe yon lansanswa an lò. Anpil lansan te bay a li menm pou l ta kab ajoute sou lapriyè a tout sen ki te sou lotèl an lò ki te devan twòn nan. 4 Konsa, lafimen lansan an avèk lapriyè a tout sen yo te sòti nan men a zanj lan pou monte parèt devan Bondye.
5 Zanj lan te pran lansanswa a, liplen li avèk dife lotèl la, e voye l sou tè a. Sa te swiv ak gwo kout tonnè, gwo bri, kout eklè ak yon tranbleman detè.
Premye twonpèt la: Nasyon nan nò yo anvayi
Yon nouvo epòk kote pouvwa Women an pral ranvèse kòmanse lè sèt twonpèt yo sonnen; jis lè sa a, pouvwa sa a te kenbe nonm peche a anba kontwòl. Premye twonpèt la sonnen. Mèvèy ki vin apre yo prefigire envazyon Anpi Women an pa nasyon babà nan nò yo (323–412).
6 Konsa, sèt zanj ki te gen sèt twonpèt yo te prepare yo pou sone yo.
7 Premye a te sone, epi te vin parèt lagrèl ak dife tou mele avèk san, e yo te jete yo sou tè a. Epi yon tyè pati tè a te brile, yon tyè nan pyebwa yo te brile e tout zèb vèt yo te brile nèt.
Dezyèm twonpèt la: Vandal yo ranpòte laviktwa
Dezyèm twonpèt la sonnen. Vandal yo ak Alan yo, anba kòmandman Janserik, detwi pouvwa politik Anpi Women Lwès la (395–455).
8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san. 9 Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan bato yo te detwi.
Twazyèm twonpèt la: Dlo yo vin anmè
Twazyèm twonpèt la sonnen. Sa ka prefigire revokasyon Ogistil, dènye anperè Women nan Lwès la; oswa apostazi oubyen koripsyon chèf legliz anbisye yo; oswa pwopagasyon opinyon Ogisten yo, ki, plis pase tout lòt yo, te fè dlo lavi yo vin anmè epi detwi inite Kretyen an (455–476).
10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.
Katriyèm twonpèt la: Dènye otorite Rome lan fini
Katriyèm twonpèt la sonnen. Li predi lagè nan Italie ant konkeran Rome yo, jeneral Jistinyen yo ak Gòt yo, ansanm ak etablisman Egzaka Ravèn nan, ki te elimine tout otorite ki te rete nan men Rome, jiska ane 606.
12 Katriyèm zanj lan te sone, epi yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, ak yon tyè nan zetwal yo te frape, pouke yon tyè nan yo ta vin nwa, e jounen an pa ta parèt pandan yon tyè nan pati li, e lannwit lan, menm jan an.
Chemen an prepare pou de gwo apostazi
Yon lòt peryòd memorab nan istwa limanite kòmanse kounye a. Koripsyon jeneral pami Kretyen yo ak feblès politik anpi a prepare chemen pou de gwo apostazi yo, ki te dwe dire 1260 ane epi parèt ansanm nan anpi Lès ak anpi Lwès yo (606).
13 Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”