Senkyèm twonpèt la: Mawomè ak Sarazen yo
De premye twonpèt malè yo, ansanm ak twazyèm twonpèt malè a jouk nan sizyèm bòl la, ki te vide pandan twazyèm nan, dekri aparisyon, pwogrè ak dènye ranvèsman de apostazi k ap mache kòtakòt yo: de gwo ènmi lapè, konesans ak bonè limanite yo, papote a ak islam nan. Senkyèm twonpèt la, oswa premye twonpèt malè a, sonnen. Tonbe yon zetwal, sa vle di koripsyon legliz Lès la, mennen apostazi Mawomè ak Sarazen yo, ki soumèt Kretyen ki nan erè yo pandan 150 ane (606 rive 762).
96 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
1 Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a fòs labim nan te bay a li menm. 2 Li te ouvri labim nan, e lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.
3 Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a. 4 Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen so Bondye a parèt sou fon yo. 5 Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon eskòpyon lè l pike yon moun.
6 Nan jou sa yo, moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.
7 Aparans a krikèt yo te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun. 8 Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e dan yo te tankou dan lyon. 9 Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay. 10 Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan senk mwa. 11 Yo gen kòm wa sou yo, zanj labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.
Sizyèm twonpèt la: Kat siltana atake
Apre yon long entèval, sizyèm twonpèt la sonnen. Kat siltana pouvwa mizilman an, ki te gen kapital yo nan Bagdad, Damas, Alèp ak Icone, kòmanse kite tè yo toupre Euphrate pou atake Kretyen yo, epi yo ranpòte premye viktwa yo a an 1281. Yo detwi anpi Grèk la, sa yo te prepare pou fè a (1453). Dènye fwa yo te pran plis teritwa se te an 1672.
12 Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.
13 Answit, sizyèm zanj lan te sone. Mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn lotèl an lò ki devan Bondye a. 14 Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote gwo Larivyè Euphrate la.”
15 Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite. 16 Kantite lame ki te sou cheval yo te de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.
17 Konsa, mwen te wè nan vizyon an, cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti nan bouch yo. 18 Yon tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a. 19 Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo. Paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.
20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.
Yon woulo apa pou Anpi Lwès la
Apre pwofesi a fin predi istwa anpi Lès la, li pase nan istwa anpi Lwès la pandan menm peryòd 1260 ane a. Yon lòt zanj bay Jean pati sa a nan pwofesi a sou fòm yon woulo apa, pou distenge l ak evènman de twonpèt malè yo te predi yo.
1 Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.
2 Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a. 3 Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.
4 Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”
5 Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, te leve men dwat li vè syèl la, 6 e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, 7 men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.
8 Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.
9 Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: “Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”
10 Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.
11 Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”
De temwen yo abiye ak twal sak
Ti woulo a, ki gen istwa pwofetik legliz Lwès la ladan l, divize an senk pati. Premye pati a montre separasyon ant Kretyen ki Kretyen nan non sèlman ak Kretyen espirityèl yo, ansanm ak mepri, neglijans jeneral ak rayisman pou Ekriti Sen yo ak moun ki entèprete yo toutbon yo, atravè deskripsyon de temwen k ap pwofetize abiye ak twal sak. Li predi temwen sa yo pral pwofetize pandan prèske 1260 ane, jouk temwayaj yo bay nan twal sak la prèt pou fini; lè sa a, yo pral touye yo, yo pral leve vivan ankò epi triyonfe sou moun ki te kontan lanmò yo. Sa pral rive anvan setyèm twonpèt la sonnen. Pati sa a nan Apocalypse la difisil anpil pou konprann: li ka yon entwodiksyon jeneral sou sa ki nan ti woulo a (606–1866).
1 Answit, yo te ban mwen yon gòl pou mezire tankou yon baton, e youn te di: “Leve pou mezire tanp Bondye a, lotèl la ak sila ki adore ladann yo. 2 Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karann-de mwa.
3 “Mwen va bay otorite a de temwen mwen yo, e yo va pwofetize pandan mil-de-san-swasant jou abiye avèk twal sak.” 4 Sa yo se de pye doliv ak de chandelye ki kanpe devan Senyè latè a. 5 Si yon moun vle fè yo mal, dife va sòti nan bouch yo pou devore lènmi yo. Donk si yon moun vle fè yo mal, li dwe vin touye nan fason sa a. 6 Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle. 7 Lè yo fini temwayaj yo, bèt ki sòti nan labim nan va fè lagè avèk yo e venk yo pou touye yo. 8 Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.
9 Sila ki soti nan pèp yo, tribi yo, lang ak nasyon yo va gade kadav pa yo pandan twa jou edmi, e li p ap pèmèt pou kadav yo mete nan tonbo. 10 Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.
11 Men apre twa jou edmi yo, souf lavi soti nan Bondye te vini sou yo, yo te kanpe sou pye yo, e gwo laperèz te vin tonbe sou tout sila ki t ap gade yo. 12 Epi yo te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di yo: “Vin monte isit la.” Konsa yo te monte nan syèl la nan nwaj la, e menm lènmi yo te gade yo.
13 Epi nan lè sa a, te gen yon gwo tranbleman detè, e yon dizyèm pati nan vil la te tonbe. Sèt-mil moun te mouri nan tranbleman detè a, e rès moun yo te vin ranpli avèk laperèz e te bay glwa a Bondye syèl la.
14 Dezyèm malè a gen tan pase. Gade byen, twazyèm malè a ap vini byen vit.