Setyèm twonpèt la: Legliz la rejwi
Setyèm twonpèt la sonnen. Legliz inivèsèl la rejwi pou triyonf yo atann pou temwen yo nan fen 1260 ane yo.
96 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”
16 Venn-kat ansyen yo, ki chita sou twòn pa yo devan Bondye, te tonbe sou figi yo pou adore Bondye. 17 E yo t ap di: “Nou ba Ou remèsiman, O Senyè, Bondye, Toupwisan an, ki la e ki te la, paske Ou te pran pwisans ou a, e ou te kòmanse renye.
18 “Nasyon yo te vin anraje e kòlè Ou te vin parèt. Lè a te vin rive pou mò yo vin jije e pou rekonpanse sèvitè Ou yo, pwofèt yo, sen yo, ak sila ki gen lakrent pou non Ou yo, piti kou gran, e pou detwi sila ki detwi latè yo.”
Dragon an pèsekite legliz la
Dezyèm divizyon ti woulo a. Atravè imaj yon fanm k ap akouche yon pitit gason nan doulè, epi yon dragon ki gen sèt tèt ak dis kòn k ap chase l nan dezè a, li pwofetize pèsekisyon legliz Kris la, ki bay nesans ak Kretyen ki sensè e fidèl, pa move lespri ki te premye pote mal nan monn sa a. Lit sa a dire 1260 ane tou, soti 606 rive 1866.
19 Epi tanp Bondye ki nan syèl la te vin louvri e lach akò Li a te parèt nan tanp Li a. Konsa, te gen kout eklè, bri, gwo kout tonnè, yon tranbleman detè, ak gwo tanpèt lagrèl.
12:1 Yon gwo sign te vin parèt nan syèl la: yon fanm abiye avèk solèy la, ak lalin nan anba pye li, e sou tèt li, yon kouwòn douz etwal. 2 Li te gwo ansent e te kriye fò ak tranche ak doulè pou l akouche.
3 Answit, yon lòt sign te parèt nan syèl la. Gade byen, yon gwo dragon wouj avèk sèt tèt ak dis kòn, e sou tèt li yo te gen sèt kouwòn. 4 Konsa, ke li te baleye nèt yon tyè nan zetwal nan syèl yo e te jete yo sou latè.
Dragon an te kanpe devan fanm ki te prèt pou akouche a, pou lè li fè pitit la, li ta kab devore pitit li a. 5 Konsa, li te fè yon fis, yon pitit mal, ki gen pou gouvène tout nasyon yo avèk yon baton fè. Pitit li a te rale monte kote Bondye, e anvè twòn Li an. 6 Answit fanm nan te sove ale nan dezè a kote li te gen yon plas prepare pa Bondye, pouke la, li ta kapab nouri pandan mil-de-san-swasant jou.
7 Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè. 8 Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. 9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.
10 Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. 11 Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.
12 “Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”
13 Alò, lè dragon an te wè ke li te jete anba sou latè, li te pèsekite fanm ki te bay nesans a pitit mal la.
14 Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.
15 Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo. 16 Men tè a te ede fanm nan. Tè a te louvri bouch li e te bwè tout larivyè dlo ke dragon an te vide soti nan bouch li a. 17 Donk, dragon an te vin anraje avèk fanm nan. Konsa, li te ale pou fè lagè avèk rès pitit li yo ki kenbe kòmandman Bondye yo, e ki kenbe temwayaj a Jésus a.
Ajan move lespri a se pouvwa Rome lan
Twazyèm divizyon ti woulo a, ki dekri ajan move lespri ki te pèsekite vrè legliz Bondye a pandan 1260 ane, avèk siy ki koresponn sèlman ak pouvwa Rome lan.
1 Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen non blasfematè yo. 2 Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite. 3 Mwen te wè youn nan tèt li yo kòmsi li te fin touye, e blese fatal li a te fin geri.
Tout latè te etone, e yo te swiv bèt la. 4 Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”
5 Li te resevwa yon bouch pou pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karann-de mwa. 6 Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak sila ki rete nan syèl yo. 7 Pouvwa a te osi bay a li menm pou fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
8 Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.
9 Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande. 10 Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.
Dominasyon espirityèl Legliz Rome lan
Katriyèm divizyon ti woulo a, ki montre dominasyon espirityèl Legliz Rome lan, pouvwa sivil Ewòp yo te soutni epi apwouve pandan 1260 ane yo.
11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.
12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.
15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye. 16 Konsa, li koze tout moun, piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo, 17 pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se non a bèt la oswa chif non li an.
18 Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.