Pati 14: Rezirèksyon Kris ak monte li nan syèl la
Rezirèksyon Kris, aparisyon li yo, ak monte li nan syèl la.
Pandan karant jou, kòmanse dimanch apre lanmò Kris. Prentan ane 30 (oswa 29) apre Kris. Judée ak Galilée
Medam yo vizite tonm Jésus
Golgotha ak Béthanie. Nan fen aprèmidi ak kòmansman aswè samdi dapre jan nou konte jou yo
Yo gade tonm nan nan fen jou Saba a (samdi aprèmidi dapre jan nou konte jou yo), epi yo achte pwodui santi bon apre Saba a (apre 6è nan aswè samdi), nan premye jou semèn nan.
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 28:1
28:1 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
Marc 16:1
16:1 Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li.
Yon zanj woule wòch la sou kote
Gen yon tranblemanntè, yon zanj woule wòch la sou kote, epi gad Women yo pè anpil.
Dimanch anvan solèy leve
Matthieu 28:2–4
28:2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li. 3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
Zanj yo pale ak medam yo sou tonm vid la
Medam yo vizite tonm Jésus bò lè solèy leve dimanch maten, epi zanj yo ba yo mesaj sou tonm vid la.
Golgotha. Dimanch granmaten
Matthieu 28:5–8
28:5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”
7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
8 Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
Marc 16:2–8
16:2 Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. 3 E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo.
5 Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la.
7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
8 Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
Luc 24:1–8
24:1 Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo.
2 Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan, 3 men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a. 4 Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan.
5 Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.
Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo?
6 Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? 7 Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
8 Konsa yo te sonje pawòl Li yo.
Jean 20:1
20:1 Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.
Pierre ak Jean vizite tonm vid la
Marie moun Magdala ak lòt medam yo rakonte apot yo sa k pase, epi Pierre ak Jean vizite tonm vid la.
Luc 24:9–12
24:9 Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo. 10 Alò, se te Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo.
11 Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo.
12 Men Pierre te leve, e te kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive lakay li byen etone de sa ki te pase a.
Jean 20:2–10
20:2 E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”
3 Konsa, Pierre te soti ak lòt disip la, pou yo ale nan tonm nan.
4 Yo toulède t ap kouri ansanm. E lòt disip la te kouri vit pase Pierre, e li te rive nan tonm nan avan. 5 Lè l bese gade ladann, li te wè twal lèn yo atè a, men li pa t antre.
6 Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a, 7 men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.
8 Lòt disip la ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè. 9 Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.
10 Konsa, disip yo te kite la pou retounen nan pwòp kay pa yo.