Jésus parèt devan Marie Magdalène
Jésus parèt devan Marie Magdalène epi li ba li yon mesaj pou disip yo.
Yo rapòte senk aparisyon jou rezirèksyon li a, ak senk lòt apre sa, pandan karant jou yo. Men senk aparisyon ki te fèt jou sa a: (1) devan Marie Magdalène (Jean ak Marc); (2) devan lòt medam yo (Matthieu); (3) devan de moun ki t ap ale Emmaüs yo; (4) devan Simon Pierre (Luc 24:34); (5) devan dis apot ak lòt moun.
Jérusalem. Premye jou semèn nan (dimanch)
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Marc 16:9–11
16:9 Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo.
10 Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.
Jean 20:11–18
20:11 Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan. 12 E li te wè de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.
13 Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.”
14 Lè li te fin di sa, li te vire, e te wè Jésus te kanpe la, men li pa t konnen ke se te Jésus.
15 Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”
16 Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: “Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”
17 Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”
18 Marie Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.
Jésus parèt devan lòt medam yo
Jérusalem. Dimanch, premye jou semèn nan
Matthieu 28:9–10
28:9 Pandan yo t ap prale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo.
Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L. 10 Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
Kèk nan gad yo rakonte chèf Jwif yo sa k pase
Matthieu 28:11–15
28:11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14 Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
Jésus parèt devan de disip sou wout Emmaüs
Jésus parèt devan de disip (Cléopas ak yon lòt) sou wout Emmaüs.
Dimanch aprèmidi
Marc 16:12–13
16:12 Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò. 13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis.
Luc 24:13–32
24:13 E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem. 14 Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt. 15 Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo. 16 Men zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li. 17 Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?” 18 Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
19 Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la. 20 Kijan chèf prèt yo avèk dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li. 21 Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè redanmsyon Israël la. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt. 22 Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Lè yo te nan tonm nan bonè maten an, 23 epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan. 24 Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo; 26 Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?” 27 Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
28 Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
29 Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo. 30 Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li. 31 Answit zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo. 32 Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?”