De disip yo tounen rakonte sa k pase
Sa de disip yo rakonte a, ak nouvèl aparisyon devan Simon Pierre a.
Jérusalem. Dimanch aswè
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Luc 24:33–35
24:33 Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk sila ki te avèk yo. 34 Yo te di yo ke Senyè a vrèman leve, e te parèt a Simon. 35 Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan yo te vin konnen Li nan kase pen an.
Jésus parèt devan disip yo san Thomas
Jésus parèt devan disip yo ki sezi (Thomas pa la) epi li ba yo yon misyon. Yo pa rive konvenk Thomas.
Jérusalem. Dimanch aswè
Marc 16:14
16:14 Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
Luc 24:36–43
24:36 Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.
38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou?
39 Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.” 40 Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li. 41 Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
42 Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen. 43 Li te pran l e te manje l devan yo.
Jean 20:19–25
20:19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”
20 E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
23 “Si nou padone peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padone. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”
Jésus parèt ankò epi Thomas vin konvenki
Jésus parèt devan disip yo dimanch swa apre a, epi Thomas vin konvenki.
Jérusalem
Jean 20:26–31
20:26 Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”
27 Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”
28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”
29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”
30 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. 31 Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.