Jésus parèt devan sèt disip bò lanmè Galilée

Jésus parèt devan sèt disip bò lanmè Galilée. Lapèch mirak la.

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Jean 21:1–25

21:1 Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.

2 Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.

3 Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.”

Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.

4 Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo pa t konnen ke se te Jésus.

5 Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?”

Yo te reponn Li: “Non”.

6 E Li te di yo “Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”

Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.

7 Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”

Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.

8 Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. 9 E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.

10 Jésus te di yo: “Pote kèk nan pwason ke nou fenk kenbe yo.”

11 Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkann-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.

12 Jésus te di yo: “Vin pran ti dejene.”

Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.

13 Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.

14 Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.

15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?”

Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”

Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”

16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”

Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”

17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”

Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”

E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”

Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”

19 Sila Li te di pou montre pa ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”

20 Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”

21 Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”

22 Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, swiv Mwen!”

23 Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”

24 Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.

25 Epi genyen osi anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tout lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.

Jésus parèt devan plis pase senksan moun nan Galilée

Jésus parèt devan plis pase senksan moun sou yon mòn yo te fikse nan Galilée, epi li ba yo yon misyon.

Matthieu 28:16–20

28:16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.

18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.

19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

Marc 16:15–18

16:15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane. 17 Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18 yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va mete men sou malad yo, e y ap refè.”

Jésus bay disip yo yon lòt misyon

Jésus parèt devan disip yo epi li ba yo yon lòt misyon.

Jérusalem

Luc 24:44–49

24:44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”

45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”

Dènye aparisyon an ak monte nan syèl la

Sou Mòn Oliv, ant Jérusalem ak Béthanie

Marc 16:19–20

16:19 Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye. 20 Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl yo pa sign ki te swiv yo. Amen.

Luc 24:50–53

24:50 Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo.

51 Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la. 52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.