Soti nan Actes rive nan Apocalypse

Pati 1: Yo preche levanjil la bay Jwif yo sèlman

Depi Kris monte nan syèl la rive nan fen peryòd kote yo te preche levanjil la bay pwoselit jistis yo ak Jwif yo sèlman.

Apot yo retounen Jérusalem

Apre Kris monte nan syèl la, apot yo retounen Jérusalem.

29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Travay 1:1–14

1 Premye istwa ke m te ekri a, chè Théophile, sou tout bagay ke Jésus te kòmanse fè ak enstwi yo, 2 jis rive jou lè Li te monte nan syèl la apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo. 3 A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.

4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”

6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”

7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. 8 Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”

9 Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.

10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; 11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.

12 Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba. 13 Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la. 14 Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.

Yo chwazi Matthias nan tiraj osò pou ranplase Judas

Yo nonmen Matthias nan tiraj osò pou li vin apot nan plas Judas.

Travay 1:15–26

15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: 16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. 17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.

18 “Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti. 19 Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.

20 “Paske sa ekri nan liv Sòm Yo:

‘Kite kote li rete a vin devaste;

e pa kite pèsòn rete ladan l’;

‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.

21 “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo, 22 kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlve soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”

23 Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak Matthias. 24 Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a, 25 pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”

26 Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.

Lespri Sen an vini nan Pannkòt

Travay 2:1–13

1 Lè jou Pannkòt la te rive, yo tout te ansanm nan yon sèl plas. 2 Sibitman, te sòti nan syèl la yon bwi tankou yon van vyolan k ap kouri, e li te ranpli tout kay kote yo te chita a. 3 Konsa, te parèt a yo menm, lang tankou dife, ki t ap gaye pou kont yo, e te vin poze sou yo chak. 4 Yo tout te vin ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te kòmanse pale avèk lòt lang jan Lespri a t ap bay yo kapasite eksprime.

5 Alò, te gen Jwif ki t ap viv Jérusalem; lèzòm fidèl jwif ki te sòti nan tout nasyon anba syèl la. 6 Konsa, lè bwi a te fèt, foul la te reyini ansanm, e te sezi, paske yo tout t ap tande yo pale nan pwòp lang pa yo.

7 Yo te etone, yo te sezi e te di: “Alò, èske tout moun sa yo k ap pale la yo pa Galileyen? 8 E kijan ke nou tout tande yo nan pwòp lang natal pa nou? 9 Patyen yo, Mèd yo, Elamit yo, moun Mésopotamie yo, Judée ak Cappadoce yo Pont ak Asie yo 10 Phrygie ak Pamphylie yo, Égypte ak tèritwa Libye yo vwazen ak Cyrène, e sila ki t ap vizite Rome yo, Jwif ak pèp payen ki te konvèti a relijyon Jwif yo, 11 Crétois ak Arabe yo, Nou tande yo nan pwòp lang pa nou, k ap pale tout zèv pwisan Bondye yo!”

12 Yo tout te toujou sezi, byen konfonn, e te di youn ak lòt: “Kisa sa vle di?”

13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.