Yo antere Jésus nan tonm Joseph moun Arimathée

Apre yo fin jwenn prèv li mouri, yo antere kò Jésus nan tonm Joseph moun Arimathée.

Vandredi aprèmidi anvan 6è nan aswè

30 oswa 29 apre Christ

Bib Sen An (BSA)

Matthieu 27:57–60

27:57 Lè li te fin fènwa, te vini yon nonm rich ki te soti Arimathée, ke yo te rele Joseph. Li menm osi, li te deja yon disip a Jésus.

58 Mesye sila a te mande Pilate pou kò Jésus.

Konsa Pilate te kòmande ke li te livre bay li.

59 Epi Joseph te pran kò a e te vlope li nan yon twal lèn pwòp.

60 Li te mete li nan pwòp tonm nèf pa li, ki te fouye nan wòch. Li te woule yon gwo wòch kont antre a, e li te kite lye a.

Marc 15:42–46

15:42 Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a,

43 Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.

44 Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja. 45 Konsa, lè l vin konprann sa selon santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.

46 Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.

Luc 23:50–54

23:50 Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis. 51 Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a.

52 Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus.

53 Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze.

54 Se te Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse.

Jean 19:31–42

19:31 Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.

32 Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te krisifye avèk li a. 33 Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo. 34 Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, san mele avèk dlo te soti.

35 E sila a ki wè gen tan bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè. 36 Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”

37 E ankò yon lòt Ekriti di “Yo va gade sila a ke yo pèse a.”

38 Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.

39 Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.

40 Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te vlope l avèk twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.

41 Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon tonm nèf kote pèsòn poko te poze.

42 Pou sa, akoz jou Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.

Medam yo rete ap veye bò tonm Jésus

Vandredi aprèmidi rive samdi aprèmidi

Medam yo rete ap veye epi yo repoze jou Saba a (ki kòmanse a 6è nan aswè), pandan Farizyen yo fè yon gwoup sòlda Women veye so Women ki sou tonm nan.

Matthieu 27:61–66

27:61 Epi Marie ki te sòti Magdala te la avèk lòt Marie a, ki te chita anfas tonm lan.

62 Konsa, nan jou swivan an, ki te jou apre preparasyon an, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te reyini avèk Pilate. 63 Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’ 64 Pou sa, kòmande pou yo mete tonm nan an sekirite jiska twa jou. Otreman, disip Li yo kab vin vòlè Li e di pèp la ke Li gen tan leve nan lanmò; epi dènye desepsyon sila a ap pi mal pase premye a.”

65 Pilate te di yo: “Nou genyen gad la; ale mete li ansekirite jan nou konnen an.”

66 Epi yo te ale mete tonm nan ansekirite. Plis ke gad la, yo te mete yon so sou wòch la.

Marc 15:47

15:47 Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses te wè kote yo te mete Li.

Luc 23:55–56

23:55 Alò fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a. 56 Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.