Twa èdtan fènwa yo
Twa èdtan fènwa yo, soti midi rive twazè nan aprèmidi.
(Kat lòt pawòl nan fen fènwa a, ak lanmò Kris.)
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 27:45–50
27:45 Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
46 Nan anviwon nevyèm lè, Jésus te kriye avèk yon vwa byen fò: “Eli, Eli, lima sabachthani?” Ki vle di: “Bondye m, Bondye m, Poukisa Ou abandone Mwen?”
47 Epi kèk nan yo ki te kanpe la, lè yo te tande sa, yo te kòmanse di: “Nonm sa a ap rele Elie”.
48 E lapoula, youn nan yo te kouri pran yon eponj. Li te ranpli li avèk vinèg si, e plase li sou yon wozo pou te bay Li pou bwè.
49 Men lòt yo te di: “Annou wè si Elie ap vin sove L”.
50 Konsa, Jésus te kriye ankò avèk yon vwa fò, e te kite nanm Li sòti.
Marc 15:33–37
15:33 Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
34 Nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
35 Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”
36 Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè. Li te di: “ Kite l konsa! Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
37 Konsa, Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.
Luc 23:44–46
23:44 Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè.
45 Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout.
46 Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
Jean 19:28–30
19:28 Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”
29 Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.
30 Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Sa fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.
Evènman ki akonpaye lanmò Kris
Matthieu 27:51–56
27:51 Epi gade, vwal tanp lan te chire de bout soti anwo, rive jouk anba, epi latè te tranble, e wòch yo te vin fann. 52 Konsa, tonm yo te louvri e kò anpil sen ki t ap dòmi te vin leve. 53 Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.
54 Epi santenye a ak sila ki te avèk li yo ki t ap veye Jésus yo, lè yo te wè tranbleman de tè a, ak bagay ki t ap fèt yo te vin fè pè anpil. Yo te di: “Anverite, sa se te Fis a Bondye a!”
55 Anpil fanm te la. Yo t ap gade a yon distans. Se te sila ki te swiv Jésus yo soti Galilée pandan yo t ap sèvi L.
56 Pami yo, te gen Marie a Magdala, Marie, manman a Jacques ak Joseph, e manman a fis Zébédée yo.
Marc 15:38–41
15:38 Vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.
39 Lè santenye Women an, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”
40 Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans. Pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, Joses, ak Salomé.
41 Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
Luc 23:47–49
23:47 Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.”
48 Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo.
49 Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.