Twa premye èdtan sou kwa a
Soti nevè nan maten rive midi vandredi (twa pawòl Jésus di; sòlda yo jwe aza pou rad Jésus la; enskripsyon sou kwa a; foul la, Konsèy la, sòlda yo, e menm de vòlè ki sou chak bò Kris yo pase Jésus nan betiz)
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 27:35–44
27:35 Answit lè yo te fin krisifye L, yo te pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò.
36 Epi konsa, yo te chita e te kòmanse veye L la.
37 Yo te plase anwo tèt Li akizasyon ki te kont Li an ki te di: “SA SE JÉSUS WA JWIF LA”.
38 Nan menm lè sa a, de vòlè te krisifye avè L, youn pa adwat Li, e youn pa agoch Li.
39 Sila yo ki t ap pase la yo t ap voye kout lang sou Li, e t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou menm k ap detwi tanp lan pou rebati li nan twa jou a, sove pwòp tèt ou! Si ou se Fis Bondye a, sòti sou kwa a.”
41 Epi menm jan an, chèf prèt yo avèk skrib ak lansyen yo t ap moke L e t ap di: 42 “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove pwòp tèt Li. Si Li se Wa Israël la, koulye a, kite L sòti sou kwa a, e n ap kwè nan Li.
43 Li mete konfyans nan Bondye. Kite Li sove Li koulye a, si Li vle L; paske Li te di: ‘Mwen se Fis Bondye a’”.
44 Anplis, volè ki te krisifye avè L yo t ap voye menm ensilt yo sou Li.
Marc 15:24–32
15:24 Epi yo te krisifye Li e te divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.
25 Se te nan twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.
26 Lenskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: “Wa a Jwif yo”.
27 Konsa,yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li. 28 Epi konsa, Lekriti sen an te akonpli ki te di: “Epi Li te konte pami malfektè yo.”
29 Sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap detwi tanp lan, e rebati li nan twa jou. 30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a!”
31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: “Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.”
32 “Kite Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
23:34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.
38 Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.
35 Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
36 Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si.
37 Yo t ap di: “Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
39 Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
Jean 19:18, 23–24, 19–22, 25–27
19:18 La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.
23 Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl mòso twal san koud soti anwo, jis rive anba.
24 Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di:
“Yo te divize vètman Mwen yo pami yo,
e pou rad Mwen yo tire osò.”
Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.
19 Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”
20 Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Laten ak Grèk.
21 Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri ‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’
22 Pilate te reponn “Sa ke m ekri a, mwen ekri l nèt”.
25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène te kanpe prè kwa Jésus a.
26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”
27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.