Sòlda Women yo pase Jésus nan betiz
Vandredi, ant 6 ak 9 è nan maten
30 oswa 29 apre Christ
Bib Sen An (BSA)
Matthieu 27:27–30
27:27 Epi sòlda a gouvènè yo te pran Jésus ale nan pretwa a (lakou gad la), e te rasanble tout kowòt la (yon bann sòlda Women) pou antoure Li.
28 Yo te retire rad sou Li, e te abiye Li avèk yon vètman wouj.
29 Epi lè yo fin trese yon kouwòn avèk bwa pikan, yo te mete li sou tèt Li, ak yon wozo nan men dwat Li. Yo te bese ajenou devan L pou te moke L. Yo te di L: “Salitasyon, Wa a Jwif yo!” 30 Yo te krache sou Li, yo te pran wozo a e te kòmanse bat Li nan tèt.
Marc 15:16–19
15:16 Sòlda yo te pran L antre nan lakou a (sa vle di Pretwa a). Yo te rele ansanm yon kowòt Women antye.
17 Yo te abiye Li an mov, e lè yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li.
18 Konsa, yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!” 19 Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li.
Jésus sou wout pou kwa a
Jésus sou wout pou kwa a (Via Dolorosa a) sou Golgotha.
Vandredi anvan 9è nan maten
Matthieu 27:31–34
27:31 Lè yo te fin moke L, yo te retire vètman wouj la sou Li, e te remete rad Li sou Li pou mennen L al krisifye.
32 Pandan yo t ap sòti, yo te rankontre yon nonm peyi Siryen ke yo te rele Simon, e yo te fòse li pote Kwa Li a.
33 Lè yo te rive nan yon plas yo rele Golgotha, ki vle di Plas Zo Bwa Tèt La,
34 yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l.
Marc 15:20–23
15:20 Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li.
21 Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.
22 Konsa, yo te mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt.
23 Yo te eseye bay Li diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li.
Luc 23:26–33
23:26 Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus. 27 Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li. 28 Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo. 29 Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’ 30 Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’ 31 Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”
32 De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li.
33 Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
Jean 19:17
19:17 Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha.